Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

‘ Lè jijman an ’ rive

‘ Lè jijman an ’ rive

‘ Lè jijman an ’ rive

DÈNYE liv nan Bib la ki pote non Revelasyon fè nou konnen gen yon zanj k ap vole nan mitan syèl la ki gen “ yon bon nouvèl etènèl pou l anonse kòm evanjil ”. Li di byen fò : “ Krenn Bondye epi ba li glwa, paske lè pou l fè jijman an rive. ” ​(Revelasyon 14:6, 7). ‘ Lè jijman ’ sa a gen ladan l deklarasyon ak egzekisyon jijman Bondye a. ‘ Inèdtan ’ se yon peryòd ki tou kout. Egzekisyon jijman an reprezante dènye limit nan “ dènye jou yo ”. E se nan dènye jou sa yo n ap viv kounye a. — 2 Timote 3:1.

‘ Lè jijman an ’ se yon bon nouvèl pou moun ki renmen jistis. Se yon moman kote Bondye pral pote soulajman pou sèvitè l yo k ap soufri anba men sistèm de choz vyolan sa a, ki san lanmou.

Nan moman nou ye la a, anvan ‘ lè jijman an ’ rive nan bout li avèk destriksyon sistèm de choz mechan an, nou jwenn ankourajman pou nou “ krenn Bondye epi ba li glwa ”. Èske w fè sa ? Sa egzije plis pase si w ta di “ mwen kwè nan Bondye ”. (Matye 7:21-23; Jak 2:19, 20.) Bonjan krent pou Bondye dwe pouse nou montre yon pwofon respè pou li. Sa dwe pouse nou sispann fè sa ki mal (Pwovèb 8:13). Sa dwe ede nou pou nou renmen sa ki byen e rayi sa ki mal (Amòs 5:14, 15). Si nou onore Bondye, n ap koute l avèk anpil respè. Nou pap twò okipe nan lòt bagay epi pou nou neglije li Pawòl li a, Labib, regilyèman. N ap egzèse lafwa nan li tout tan e ak tout kè nou (Sòm 62:8 ; Pwovèb 3:5, 6). Moun ki vrèman onore Bondye rekonèt li se Kreyatè syèl la ak tè a, li se Souvren linivè, e avèk amou, yo soumèt devan li kòm Mèt lavi yo. Si nou rann nou kont nou ta dwe pote plis atansyon sou bagay sa yo, annou fè sa san pèdi tan.

Peryòd egzekisyon jijman zanj lan t ap pale a yo rele l tou “jou Jewova a ”. Te gen yon “ jou ” konsa ki te vin sou Jerizalèm tan lontan an nan ane 607 anvan epòk nou an, paske moun ki te abite nan vil sa a pa t okipe avètisman Jewova te bay pa mwayen pwofèt li yo. Nan retade jou Jewova a nan lespri yo, yo te plis met lavi yo an danje. Men avètisman Jewova te ba yo : “ Li byen pre, e l ap prese anpil. ” ​(Sefànya 1:14). Gen yon lòt “ jou Jewova ” ki te vin sou Babilòn tan lontan an nan ane 539 anvan epòk nou an (Izayi 13:1, 6). Babilonyen yo, ki te met konfyans yo nan fòtrès ak nan dye yo te genyen, te meprize avètisman pwofèt Jewova yo te bay. Men, nan yon sèl nuit, Babilòn, yon vil ki te pisan, te tonbe nan men moun peyi Medi ak moun peyi Pès.

Ak ki sa nou fas pou fas jodi a ? Ak yon lòt “ jou Jewova ” k ap pi rèd toujou (2 Pyè 3:11-14). Jijman Bondye a deja pwononse sou “ Gran Babilòn nan ”. Selon Revelasyon 14:8, gen yon zanj ki deklare : “ Gran Babilòn nan tonbe. ” Sa deja fèt. Li pa ka bay adoratè Jewova yo baryè ankò. Tout moun wè klè li nan koripsyon, li patisipe nan lagè. Kounye a, moman pou l detwi nèt la tou pre rive. Se poutèt sa, men egzòtasyon Labib bay pou moun tout kote : “ Soti ladan l [Gran Babilòn nan] [...] si nou pa vle patisipe avèk li nan peche l yo, e si nou pa vle resevwa pa nou nan flewo l yo. Paske peche l yo monte pil sou pil jis nan syèl la, e Bondye sonje zak enjistis li yo. ” — Revelasyon 18:4, 5.

Ki sa Gran Babilòn nan ye ? Se sistèm mondyal relijyon ki pote mak fabrik Babilòn tan lontan an (Revelasyon, chapit 17, 18). Annou konsidere kèk nan resanblans yo :

• Prèt yo nan Babilòn tan lontan an te antre fon nan zafè politik nasyon an. Se menm bagay la k ap fèt nan relijyon jodi a.

• Souvan, prèt Babilòn yo te konn ankouraje nasyon an al nan lagè. Byen souvan, relijyon jounen jodi a pran latèt nan beni sòlda lè nasyon yo pral nan lagè.

• Sa yo te konn anseye ak sa yo te konn pratike nan Babilòn tan lontan an te mennen nasyon an nan yon imoralite ki sal anpil. Lè chèf relijye yo jounen jodi a mete prensip moral Bib la sou kote, imoralite gaye nan mitan klèje a ak layik yo. Gen yon lòt bagay nou note tou : paske Gran Babilòn nan pwostitye tèt li ak monn nan ansanm ak sistèm politik li a, liv Revelasyon an dekri l kòm yon pwostitye.

• Labib di tou Gran Babilòn nan ap viv nan yon “ opilans devègonde ”. Nan Babilòn tan lontan an, administrasyon tanp lan te posede yon pakèt gwo pwopriyete, e nan aktivite komès se prèt yo ki t ap mennen. Jodi a, anplis kantite kote Gran Babilòn nan genyen pou moun vin adore, li posede yon bann biznis. Bagay li anseye yo ak fèt li yo pote anpil richès ni pou li, ni pou moun ki nan komès.

• Itilizasyon imaj, maji, malefis, se bagay ki te gaye toupatou nan Babilòn tan lontan an, menm jan sa fèt nan anpil kote jodi a. Yo te konsidere lanmò kòm yon pasaj pou al nan yon lòt kalite vi. Babilòn te plen ak tanp ak chapèl yo te dedye bay dye li yo. Men, Babilonyen yo te opoze ak adoratè Jewova yo. Se menm kwayans ak menm pratik yo ki gen nan Gran Babilòn nan.

Nan tan lontan, Jewova te pouse nasyon ki gen pisans politik ak pisans militè yo pou yo pini moun k ap pèsiste nan manke respè ni pou li ni pou volonte l. Se sa k fè, Asiryen yo te detwi Samari nan ane 740 anvan epòk nou an. Babilonyen yo te devaste Jerizalèm nan ane 607 anvan epòk nou an e Women yo te fè menm jan an nan ane 70 epòk nou an. Babilòn bò kote pa l te tonbe anba men peyi Mèd ak peyi Pès nan ane 539 anvan epòk nou an. Pou epòk pa nou an menm, Labib predi gouvènman politik yo, ki tankou yon bèt sovaj, pral vire kont “ pwostitye a ”. Lè sa a yo pral mete l toutouni, pou tout moun ka wè kiyès li ye vre. Yo pral detwi l nèt. — Revelasyon 17:16.

Èske gouvènman yo ki nan monn nan ap fè yon bagay konsa vre ? Labib fè konnen, ‘Bondye pral met sa nan kè yo ’. (Revelasyon 17:17.) Sa pral fèt bridsoukou, sanzatann, yon fason ki etonan. Yo pa t prevwa sa, e sa ap fèt toudenkou.

Ki sa k nesesè pou w fè ? Mande tèt ou : ‘ Èske m toujou atache ak yon òganizasyon relijye ki kontamine ak ansèyman e ak pratik ki idantifye l kòm yon pati nan Gran Babilòn nan ? ’ Menmsi ou pa yon manm, ou ta dwe mande tèt ou : ‘ Èske mwen kite etadespri l la enfliyanse m ? Ki kalite etadespri atò ? Yon etadespri ki tolere vis, lanmou pou byen materyèl, lanmou pou plezi olye lanmou pou Bondye, oubyen yon mepri volontè pou Pawòl Jewova (menm nan bagay ki parèt piti). Reflechi seryezman sou repons w ap bay.

Pou nou gen favè Jewova nou menm, li esansyèl pou nou bay prèv nou pa gen okenn rapò ak Gran Babilòn nan, ni nan aksyon nou, ni nan dezi ki nan kè nou. Nou dwe fè sa san pèdi tan. Labib fè nou konnen lafen an ap vini sanzatann. Men sa li di : “ Yon sèl kou y ap voye Babilòn, gwo vil la jete, e yo pap janm jwenn li ankò. ” — Revelasyon 18:21.

Men gen plis toujou. Yon lòt aspè nan ‘ lè jijman ’ an, sèke Jewova Dye pral jije sistèm politik mondyal la. Li pral jije chèf li yo, ak tout moun ki meprize direksyon jis li bay pa mwayen Wayòm selès li a ki nan men Jezi Kris (Revelasyon 13:1, 2 ; 19:19-21). Vizyon pwofetik yo rapòte nan Danyèl 2:20-45 lan dekri gouvènman politik depi nan epòk Babilòn tan lontan an rive jodi a tankou yon kokenn imaj ki fèt annò, ann ajan, an kuiv, an fè ak ann ajil. An rapò ak epòk nou an, pwofesi a di : “ Bondye nan syèl la ap tabli yon wayòm ki pap janm tonbe. ” E konsènan sa Wayòm sa a pral fè diran ‘ lè jijman ’ Jewova a, men sa Labib deklare : “ Li pral krabinen tout wayòm [lèzòm met sou pye] sa yo, e l ap fini ak yo, epi li menm l ap la pou tan endefini. ” — Danyèl 2:44.

Bib la avèti vrè adoratè yo pou yo pa renmen ni “ bagay ki nan monn nan ”, ni fason monn sa a ki lwen vrè Dye a ap ankouraje moun viv (1 Jan 2:15-17). Èske desizyon w pran ak aksyon w poze montre w soutni Wayòm Bondye a, san w pa fè konpwomi ? Èske vrèman ou mete l an premye nan lavi w ? — Matye 6:33 ; Jan 17:16, 17.

[Kare nan paj 14]

Ki lè lafen an ap vini ?

“ Se nan yon lè nou pa panse Pitit lòm nan ap vini. ” — Matye 24:44.

“ Kontinye veye, [...] paske nou pa konnen ni jou a, ni lè a. ” — Matye 25:13.

“ Li pap anreta. ” — Abakouk 2:3.

[Kare nan paj 14]

Si w te konnen, èske w t ap reyaji yon lòt jan ?

Si w te sèten egzekisyon jijman Bondye a prèt pou rive e sa pa t ap pran anpil ane ankò, èske sa t ap chanje fason w ap mennen vi w ? Si fen sistèm ki la depi lontan sa a vin pi ta pase sa w te espere, èske w ap kite sa fè w ralanti nan sèvis Jewova ? — Ebre 10:36-38.

Paske nou pa konnen lè egzak la, sa ban nou posiblite pou nou montre si n ap sèvi Jewova ak bon entansyon. Moun ki konnen Jewova rive konprann lè yon moun montre li zele jis nan dènye moman, sa pap enpresyone Bondye, li menm ki wè sa k nan kè a. — Jeremi 17:10 ; Ebre 4:13.

Moun ki renmen Jewova toutbonvre, toujou bay Jewova premye plas. Menm jan ak lòt moun, vrè kretyen yo gendwa fè yon travay pwofàn. Sepandan, objektif yo, se pa pou yo vin rich, men pou yo gen sa ki nesesè nan domèn materyèl ak yon ti bagay anplis pou yo pataje (Efezyen 4:28 ; 1 Timote 6:7-12). Yo renmen detant ki korèk tou e yo renmen chanje aktivite. Men, dezi yo se pou yo reprann fòs, se pa senplemen pou yo fè sa yo wè lòt moun ap fè (Mak 6:31 ; Women 12:2). Menm jan ak Jezi Kris, yo pran plezi nan fè volonte Bondye. — Sòm 37:4 ; 40:8.

Vrè kretyen yo vle viv pou toutan e yo vle sèvi Jewova pou toutan. Esperans sa a pa vin gen mwens valè paske, kontrèman ak sa kèk nan yo t ap atann, yo dwe fè yon ti tan anplis ap tann sèten benediksyon.

[Kare/Foto nan paj 15]

Kesyon souvrènte a

Pou nou konprann poukisa Bondye pèmèt gen anpil soufrans konsa, nou bezwen konprann kesyon souvrènte a. Ki sa souvrènte ye ? Se pi gwo otorite ki egziste.

Etandone se Jewova ki Kreyatè a, li gen dwa pou l dirije tè a ak tout moun ki abite sou li. Sepandan, selon sa Labib esplike, byen bonè nan listwa lèzòm, souvrènte Jewova te sibi atak. Satan Ledyab te pretann Jewova twò di. Li te fè konnen Jewova bay premye paran nou yo manti konsènan sa k t ap rive si yo meprize lwa Bondye a e si yo aji jan yo vle. Li te pretann sa t ap vrèman pi bon pou yo si yo gouvène tèt yo poukont yo, san Bondye. — Jenèz, chapit 2, 3.

Si Bondye te detwi rebèl yo la menm, sa t ap demontre pisans li, men sa pa t ap rezoud kesyon ki te soulve yo. Olye pou l detwi rebèl yo la pou la, Jewova kite pou tout kreyati entèlijan rive wè rezilta rebelyon. Malgre sa lakòz soufrans, sa ban nou posiblite tou pou nou egziste.

Anplis de sa, malgre gwo sakrifis sa te koute Jewova, avèk amou, li te pran dispozisyon pou moun ki ta obeyi l e ki ta egzèse lafwa nan sakrifis Pitit li a bay kòm ranson an, pou yo libere anba peche ak konsekans peche a e pou y al viv nan Paradi a. Si se nesesè, menm pa mwayen rezirèksyon sa ka fèt.

Tan Bondye pèmèt pou kesyon an jwenn repons lan tou bay sèvitè li yo okazyon pou yo demontre yo kapab reyaji devan lanmou Bondye. Sa pèmèt yo pwouve entegrite yo tou devan Jewova nan tout sikonstans. Repons kesyon ki gen rapò ak souvrènte Bondye a, ansanm ak kesyon ki te soulve sou entegrite lèzòm nan enpòtan pou asire bonjan respè pou tout lwa ak prensip ki nan linivè a. San sa, vrè lapè a pa t ap janm posib *.

[Nòt anba paj]

^ § 36 Yo pale sou kesyon sa yo ak tout sa ki gen ladan yo pi an detay nan liv Approchez-vous de Jéhovah a. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

[Foto]

Dominasyon sistèm politik mondyal la pral rive nan bout li.