Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon monn nouvo selon pwomès Bondye

Yon monn nouvo selon pwomès Bondye

Yon monn nouvo selon pwomès Bondye

LABIB, Pawòl Bondye fè ekri a, ranpli nou ak espwa lè li di : “ N ap tann, selon pwomès li a, syèl tounèf ak yon tè tounèf kote jistis ap abite. ” — 2 Pyè 3:13.

Ki sa “ syèl tounèf ” la ye ? Labib asosye syèl ak dominasyon (Travay 7:49). “ Syèl tounèf ” la se yon gouvènman tounèf ki pral dirije tè a. Li tounèf paske li pral ranplase sistèm gouvènman ki la kounye a. Se yon nouvo etap tou nan reyalizasyon pwogram Bondye a. Se pou Wayòm sa a Jezi te anseye nou pou nou priye (Matye 6:10). Etandone se Bondye ki Sous li e Bondye abite nan syèl, yo rele gouvènman sa a “ wayòm syèl la ”. — Matye 7:21.

Ki sa “ tè tounèf ” la ye ? Se pa yon nouvo planèt, piske Labib deklare aklè tè a ap toujou gen moun ki abite sou li. “ Tè tounèf ” la se yon sosyete tounèf. L ap tounèf paske mechan pral disparèt (Pwovèb 2:21, 22). Tout moun ki vivan lè sa a pral onore Kreyatè yo a e yo pral obeyi l. Epitou, yo pral viv ann amoni ak egzijans li yo (Sòm 22:27). Moun nan tout nasyon jwenn envitasyon pou yo aprann egzijans sa yo e pou yo konfòme vi yo ann amoni avèk yo depi kounye a. Èske w fè sa ?

Nan monn nouvo Bondye a, tout moun pral respekte otorite l. Èske lanmou pou Bondye pouse w obeyi l (1 Jan 5:3) ? Èske yo konstate sa anndan kay ou, nan travay ou oswa nan lekòl ou ? Èske sa parèt klè nan fason w ap itilize vi w ?

Nan monn nouvo sa a, limanite pral ini nan adorasyon vrè Dye a. Èske w ap adore Kreyatè a ki fè syèl la ak tè a ? Èske adorasyon w ap bay la ini w toutbonvre ak adoratè parèy ou yo ki nan tout nasyon, tout ras, tout lang ? — Sòm 86:9, 10 ; Izayi 2:2-4 ; Sefànya 3:9.

[Kare nan paj 17]

Dye ki pwomèt bagay sa yo

Se li ki Kreyatè syèl la ak tè a. Se li menm Jezi Kris di ki “ sèl vrè Dye a ”. — Jan 17:3.

Majorite moun ki egziste onore yon seri dye yo menm yo envante. Gen plizyè milyon moun ki pwostène devan imaj ki san vi. Gen lòt ki glorifye enstitisyon lèzòm fè, yo glorifye filozofi materyalis, oswa pwòp dezi pa yo. Menm moun ki pretann yo sèvi ak Bib la pa onore ditou non pèsonaj Bib la idantifye kòm “ vrè Dye a ”. — Detewonòm 4:35.

Konsènan pwòp tèt li, men sa Kreyatè a di : “ Mwen se Jewova. Sa se non mwen. ” ​(Izayi 42:5, 8). Non sa a parèt anviwon 7 000 fwa nan Bib la, nan lang orijinal yo. Jezi Kris te anseye disip li yo pou yo priye konsa : “ Papa nou ki nan syèl la, se pou non w sangtifye. ” — Matye 6:9.

Ki kalite pèsonaj vrè Dye a ye ? Li prezante tèt li kòm Sila a ki gen “ mizèrikòd ak konpasyon, ki lan pou l fè kòlè, ki chaje bonte nan kè l e ki chaje ak verite ”, e kòm yon pèsonaj, nan okenn ka, ki pap egzante pinisyon pou moun ki vyole kòmandman l yo ak tout volonte yo (Egzòd 34:6, 7). Sa listwa rapòte sou fason li konn aji ak limanite sètifye sa yo di la a se verite.

Yo dwe sangtifye oubyen yo dwe konsidere kòm sen, ni non an ni pèsonaj ki pote non an. Antanke Kreyatè e Souvren linivè, li merite pou nou obeyi l e li merite pou nou ba l tout adorasyon. Èske ou menm pèsonèlman ou fè sa ?

[Kare/Foto nan paj 18]

Ki chanjman “ syèl tounèf ak yon tè tounèf ” pral pote ?

Tè a tounen yon paradi. Lik 23:43.

Yon sosyete mondyal kote moun tout Jan 13:35.

nasyon, tout ras, tout lang ini nan lanmou. Revelasyon 7:9, 10.

Lapè mondyal, vrè sekirite Sòm 37:10, 11;

pou tout moun. Mika 4:3, 4.

Travay ki bay satisfaksyon, anpil

manje. Izayi 25:6; 65:17, 21-23.

Maladi, lapenn, lanmò disparèt. Izayi 25:8;

Revelasyon 21:1, 4.

Yon monn ini nan adorasyon vrè Dye a. Revelasyon 15:3, 4.

[Kare/Foto nan paj 19]

Èske w ap la ?

Bondye pa ka bay manti ! — Tit 1:2.

Men sa Jewova deklare : “ Pawòl mwen [...] pap retounen vin jwenn mwen san rezilta, men, se sèten, l ap fè sa ki fè m plezi, e l ap reyisi san mank nan sa m voye l fè a. ” — Izayi 55:11.

Jewova deja kreye “ syèl tounèf ak yon tè tounèf ”. Gouvènman selès la deja an fonksyon. Fondasyon an deja poze pou “ tè tounèf ” la.

Apre liv Revelasyon an fin pale de kèk bagay estrawòdinè “ yon syèl tounèf ak yon tè tounèf ” pral pote pou limanite, li site sa Bondye li menm, Souvren linivè a di : “ Gade ! Men m ap fè tout bagay vin tounèf. ” Li di tou : “ Ekri, paske pawòl sa yo fidèl epi yo veridik. ” — Revelasyon 21:1, 5.

Kesyon enpòtan an se : èske n ap fè ajisteman ki nesesè pou yo jije nou diy pou nou fè pati “ tè tounèf ” ki anba “ syèl tounèf ” la ?