Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ede lòt moun pou yo fè volonte Bondye

Ede lòt moun pou yo fè volonte Bondye

Leson 15

Ede lòt moun pou yo fè volonte Bondye

Poukisa w bezwen fè lòt moun konnen sa w ap aprann yo ? (1)

Ak kilès ou kapab pataje bon nouvèl la ? (2)

Ki efè kondwit ou kapab genyen sou lòt moun ? (2)

Kilè w ap kapab preche ansanm ak kongregasyon an ? (3)

1. Kounye a, ou gentan aprann anpil bon bagay nan Bib la. Konesans sa a ta dwe pèmèt ou devlope yon pèsonalite kretyen (Efezyen 4:22-24). Yon konesans konsa esansyèl pou fè w jwenn lavi etènèl (Jan 17:3). Toutfwa, lòt moun yo bezwen tande bon nouvèl la tou pou yo ka sove. Tout vrè kretyen dwe bay lòt moun temwayaj. Se kòmandman Bondye. — Women 10:10 ; 1 Korentyen 9:16 ; 1 Timote 4:16.

2. Ou kapab kòmanse pataje bon bagay w ap aprann yo ak moun alantou w yo. Pale de bagay sa yo avèk fanmi yo, avèk zanmi w, avèk kondisip ou yo, oubyen avèk kòlèg travay ou yo. Lè w ap fè sa montre w janti e pasyan (2 Timote 2:24, 25). Pa bliye moun yo pi fasil gade kondwit yon moun pase yo koute sa l ap di. Kidonk bon kondwit ou kapab mennen lòt moun koute mesaj w ap pote ba yo a. — Matye 5:16 ; 1 Pyè 3:1, 2, 16.

3. Rive yon lè, ou kapab kalifye pou w kòmanse preche ansanm ak kongregasyon Temwen Jewova nan lokalite a. Se yon pa enpòtan nan pwogrè w (Matye 24:14). Ala yon jwa sa ta ye si w te ka rive ede yon lòt moun vin yon sèvitè Jewova epi jwenn lavi etènèl ! — 1 Tesalonisyen 2:19, 20.