Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki objektif Bondye pou latè ?

Ki objektif Bondye pou latè ?

Leson 5

Ki objektif Bondye pou latè ?

Poukisa Jewova te kreye latè ? (1, 2)

Poukisa tè a pa yon paradi kounye a ? (3)

Ki sa ki pral rive mechan yo ? (4)

Ki sa Jezi pral fè nan tan k ap vini an pou moun malad yo ? pou granmoun yo ? pou mò yo ? (5, 6)

Ki sa ou bezwen fè pou w pwofite benediksyon k ap vini yo ? (7)

1. Jewova te kreye tè sa a pou lèzòm te ka jwi lavi sou li pou toutan. Li te vle pou latè toujou gen moun jis ak moun ere abite sou li (Sòm 115:16 ; Izayi 45:18). Latè pap janm detwi, l ap la pou toutan. — Sòm 104:5 ; Eklezyas 1:4.

2. Anvan Bondye te kreye lòm, li te chwazi yon ti pòsyon nan tè a e li te fè l tounen yon bèl paradi. Li te rele l jaden Edenn. Se la li te mete premye òm nan ak premye fanm nan, Adan ak Èv. Bondye te vle pou yo fè pitit e pou yo ranpli tout tè a. Timoso pa timoso yo t ap fè tout tè a vin yon paradi. — Jenèz 1:28 ; 2:8, 15.

3. Adan ak Èv te peche lè yo te dezobeyi lwa Bondye a pa espre. Kidonk, Jewova te pouse do yo mete yo deyò nan jaden Edenn nan. Yo te pèdi Paradi a (Jenèz 3:1-6, 23). Men, Jewova pa bliye objektif li te genyen pou tè a. Li pwomèt pou l fè tè a vin yon paradi, kote lèzòm pral viv pou toutan. Ki jan li pral fè sa? — Sòm 37:29.

4. Anvan pou tè sa a vin yon paradi fòk mechan yo disparèt (Sòm 37:38). Sa pral fèt nan Amagedòn, lagè Bondye a ki pral mete fen nan mechanste. Apre sa, yo pral fèmen Satan yon kote pou 1 000 an. Sa vle di pap rete okenn mechan pou deteryore tè a. Se sèl pèp Bondye a ki pral chape vivan. — Revelasyon 16:14, 16 ; 20:1-3.

5. Alòs, Jezi Kris pral gouvènen tè sa a pandan 1 000 an (Revelasyon 20:6). Tikras pa tikras l ap elimine peche nan kò nou ak nan lespri nou. Nou gen pou nou vin pafè tankou Adan ak Èv te ye anvan yo te peche. Alòs lè sa a pap gen ni maladi, ni vyeyès ni lanmò. Moun malad pral geri epi granmoun pral vin jèn ankò. — Jòb 33:25 ; Izayi 33:24 ; Revelasyon 21:3, 4.

6. Pandan rèy mil an Jezi a, moun fidèl yo pral travay pou fè tout tè a tounen yon paradi (Lik 23:43). Mete sou sa, plizyè milyon mò pral resisite pou yo viv sou tè a (Travay 24:15). Si yo fè sa Bondye vle yo fè, y ap kontinye viv pou toutan sou tè a. Sinon, y ap detwi pou toutan. — Jan 5:28, 29; Revelasyon 20:11-15.

7. Konsa, objektif orijinèl Bondye te gen pou tè a pral reyalize. Èske w ta renmen pwofite benediksyon k ap vini yo ? Si se wi, ou bezwen kontinye aprann konnen Jewova e ou bezwen obeyi li nan sa l mande. Asiste reyinyon nan Sal Wayòm Temwen Jewova ki bò lakay ou a pral ede w fè sa. — Izayi 11:9 ; Ebre 10:24, 25.

[Foto nan paj 10]

Yo pèdi paradi a.

[Foto nan paj 11]

Apre Amagedòn tè a pral tounen yon paradi.