Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa Wayòm Bondye a ye ?

Ki sa Wayòm Bondye a ye ?

Leson 6

Ki sa Wayòm Bondye a ye ?

Ki kote Wayòm Bondye a ye ? (1)

Kilès ki Wa ladann ? (2)

Èske ap gen lòt moun ki pral dirije ansanm ak Wa a ? Si se wi, konbyen yo ye ? (3)

Ki sa ki montre se nan dènye jou yo n ap viv ? (4)

Ki sa Wayòm Bondye a gen pou l fè pou lèzòm nan tan k ap vini an ? (5-7)

1. Lè Jezi te sou tè a li te aprann disip li yo priye pou Wayòm Bondye a. Yon wayòm se yon gouvènman ki gen yon wa alatèt. Wayòm Bondye a se yon gouvènman espesyal. Li tabli nan syèl e li pral gouvènen tè sa a. Li gen pou l sangtifye non Bondye, sa vle di fè l vin sen. Grasa li, volonte Bondye pral fèt sou tè a tankou li fèt nan syèl la. — Matye 6:9, 10.

2. Bondye te pwomèt pou Jezi ta vin Wa nan Wayòm ni an (Lik 1:30-33). Lè Jezi te sou tè a, li te demontre l ap yon bon chèf, yon chèf jis e pafè. Lè l te retounen nan syèl, li pa t monte Wa sou twòn Wayòm Bondye a touswit (Ebre 10:12, 13). An 1914 Jewova te bay Jezi pouvwa li te pwomèt li a. Depi lè a, Jezi ap gouvènen nan syèl kòm Wa Jewova nonmen. — Danyèl 7:13, 14.

3. Jewova chwazi kèk gason ak fanm fidèl sou tè a tou pou yo ale nan syèl. Yo gen pou dirije bò kote Jezi kòm wa, kòm jij epi kòm prèt sou limanite (Lik 22:28-30 ; Revelasyon 5:9, 10). Jezi te rele wa k ap asosye avè l nan Wayòm ni an yon “ ti twoupo ”. Kantite a se 144 000. — Lik 12:32 ; Revelasyon 14:1-3.

4. Sito Jezi te fin pran mayèt la kòm Wa, li pouse do Satan ak zanj mechan li yo nan syèl la e li pimpe yo ozanlantou tè a. Se sa ki fè depi 1914 bagay yo vin malouk konsa isit sou tè a (Revelasyon 12:9, 12). Lagè, grangou, epidemi, ogmantasyon mank respè pou lalwa, tout bagay sa yo fè pati yon “ siy ” ki endike Jezi pran pouvwa a e sistèm sa a antre nan dènye jou l yo. — Matye 24:3, 7, 8, 12 ; Lik 21:10, 11 ; 2 Timote 3:1-5.

5. Talè konsa, Jezi pral jije lèzòm. Li pral separe yo tankou yon bèje separe mouton ak kabrit. “ Mouton ” yo se sila yo ki pral bay prèv yo te kenbe Jezi fidèl. Y ap resevwa lavi etènèl sou tè a. “ Kabrit ” yo se sila yo ki pral montre yo te rejte Wayòm Bondye a (Matye 25:31-34, 46). Nan yon tan ki pa lwen, Jezi pral detwi tout moun ki egal ak kabrit yo (2 Tesalonisyen 1:6-9). Si w vle vin youn nan “ mouton ” Jezi yo, fòk ou koute mesaj Wayòm nan e fòk ou aji ann amoni ak sa w aprann. — Matye 24:14.

6. Kounye a tè a divize an plizyè peyi. Yo chak gen gouvènman pa yo. Souvan nasyon sa yo nan goumen youn ak lòt. Men Wayòm Bondye a pral ranplase tout gouvènman imen yo. Li pral dirije kòm sèl gouvènman pou tout tè a (Danyèl 2:44). Donk la a, pap gen ni lagè, ni krim, ni vyolans ankò. Tout moun pral viv ansanm nan lapè ak linite. — Mika 4:3, 4.

7. Pandan rèy mil an Jezi a, moun fidèl yo ap vin pafè e tout tè a ap tounen yon paradi. Rive nan fen mil ane a, Jezi ap gentan fè tout sa Bondye te mande l fè. Lè sa a, l ap remèt Papa l Wayòm nan (1 Korentyen 15:24). Poukisa ou pa di zanmi w yo ak moun ou renmen yo ki sa Wayòm Bondye a pral fè ?

[Foto nan paj 13]

Sou rèy Jezi a, pap gen ni rayisman ni prejije ankò.