Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kilès Dyab la ye ?

Kilès Dyab la ye ?

Leson 4

Kilès Dyab la ye ?

Ki jan Satan Ledyab la fè egziste ? (1, 2)

Ki jan Satan fè pou l twonpe moun ? (3-7)

Poukisa w dwe reziste kont Dyab la ? (7)

1. Mo “ dyab ” la vle di moun k ap bay manti sou lòt moun. “ Satan ” vle di yon lènmi oswa yon opozan. Se konsa yo rele prensipal lènmi Bondye a. Okòmansman, se te yon anj pafè ki te bò kote Bondye nan syèl. Sepandan, nan pita, li te kòmanse bay tèt li twòp enpòtans e li te gen anvi sou adorasyon nòmalman ki pou Bondye a. — Matye 4:8-10.

2. Anj sa a, Satan, te sèvi ak yon sèpan pou l pale ak Èv. Manti l te ba li yo, te fè Èv rive dezobeyi Bondye. Konsa, Satan te atake sa yo rele “ souvrènte ” Bondye oswa pozisyon l kòm Trèwo. Satan te vle mande si fason Bondye ap dirije a bon e si li nan avantaj sijè l yo vre. Satan te vle mande tou si gen moun k ap rete sèvi Bondye fidèl. Se nan fè konsa Satan te fè tèt li lènmi Bondye. Se sa ki fè yo te vin rele li Satan Ledyab la. — Jenèz 3:1-5 ; Jòb 1:8-11 ; Revelasyon 12:9.

3. Satan ap chèche twonpe moun pou l fè yo adore l (2 Korentyen 11:3, 14). Youn nan mwayen li sèvi pou l twonpe moun se fo relijyon. Si yon relijyon ap anseye manti sou Bondye, an reyalite se objektif Satan l ap sèvi (Jan 8:44). Moun ki manm fo relijyon yo kapab kwè sensèman se vrè Dye a y ap adore. Men, an reyalite, se Satan y ap sèvi. Se li menm ki ‘ dye monn sa a ’. — 2 Korentyen 4:4.

4. Espiritis se yon lòt mwayen Satan sèvi pou kenbe moun anba pouvwa l. Gen moun ki kapab envoke espri pou pwoteje tèt yo, pou nwi lòt moun, pou anonse lavni oswa pou fè mirak. Satan se fòs mechan ki dèyè tout pratik sa yo. Pou nou fè Bondye plezi fòk nou soti anba espiritis. — Detewonòm 18:10-12 ; Travay 19:18, 19.

5. Satan sèvi avèk prejije sou ras e avèk lwanj pou òganizasyon politik pou twonpe moun tou. Gen moun ki kwè nasyon pa yo a oswa ras pa yo a pi siperyè pase lòt. Men se pa vre (Travay 10:34, 35). Gen lòt moun ki konte sou òganizasyon politik pou rezoud pwoblèm lèzòm. Lè yo aji konsa, yo rejte Wayòm Bondye a. Se li ki sèl solisyon pou pwoblèm nou yo. — Danyèl 2:44.

6. Yon lòt fason Satan twonpe moun se lè l tante yo pou yo anvi fè sa ki mal. Jewova mande nou evite pratike sa ki mal paske li konnen sa ka nwi nou (Galat 6:7, 8). Gen moun ki kapab vle pou w fè bann avè yo nan pratik sa yo. Pa bliye se Satan an reyalite ki vle w fè sa. — 1 Korentyen 6:9, 10 ; 15:33.

7. Satan kapab sèvi ak pèsekisyon oswa opozisyon pou l fè w bay Jewova do. Gen moun ou renmen ki kapab fache anpil paske w ap etidye Labib. Dòt moun kapab pase w anba rizib. Men kilès ki ba w lavi w genyen an ? Satan vle fè w pè pou w sispann aprann konnen Jewova. Pa bay Satan legen (Matye 10:34-39 ; 1 Pyè 5:8, 9) ! Lè w reziste kont Dyab la, w ap kapab fè kè Jewova kontan e w ap montre ou pran pozisyon pou souvrènte li. — Pwovèb 27:11.

[Foto nan paj 9]

Fo relijyon, espiritis ak nasyonalis ap twonpe moun.

[Foto nan paj 9]

Pou w reziste kont Satan kontinye aprann konnen Jewova.