Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kilès Jezi Kris ye ?

Kilès Jezi Kris ye ?

Leson 3

Kilès Jezi Kris ye ?

Poukisa yo rele Jezi “ premye Pitit ” Bondye ? (1)

Poukisa yo rele l “ Pawòl la ” ? (1)

Poukisa Jezi te vin sou tè a sou fòm yon òm ? (2-4)

Poukisa l te fè mirak ? (5)

Ki sa Jezi pral fè talè konsa ? (6)

1. Anvan Jezi te vin sou tè a, li te yon pèsonaj espirityèl ki t ap viv nan syèl. Se li ki te premye kreyasyon Bondye e se sa ki fè yo rele l “ premye Pitit ” Bondye (Kolosyen 1:15 ; Revelasyon 3:14). Jezi se sèl Pitit Bondye kreye dirèk li menm. Anvan Jezi te vin yon òm, Jewova te sèvi avè l kòm “ ouvriye abil ” li a pou l kreye tout lòt bagay, kit se bagay nan syèl, kit se bagay sou latè (Pwovèb 8:22-31 ; Kolosyen 1:16, 17). Bondye te sèvi avè l kòm pòtpawòl an chèf li tou. Se poutètsa yo te rele Jezi “ Pawòl la ”. — Jan 1:1-3 ; Revelasyon 19:13.

2. Pou Bondye te voye Pitit li a sou tè a, li te transfere lavi li nan matris Mari. Konsa se pa yon òm ki te papa Jezi. Se sa ki fè li pa t eritye ni peche ni enpèfeksyon. Bondye te voye Jezi sou tè a pou twa rezon : (1) pou l anseye nou laverite sou Bondye (Jan 18:37), (2) pou l rete entèg san fay epi ban nou yon modèl pou nou swiv (1 Pyè 2:21) e, (3) pou l sakrifye lavi li epi libere nou anba peche ak lanmò. Poukisa sa te nesesè ? — Matye 20:28.

3. Lè Adan, premye òm nan, te dezobeyi kòmandman Bondye a, li te komèt sa Bib la rele “ peche ”. Konsa Bondye te kondane l amò (Jenèz 3:17-19). Depi lè a, li vin pa alawotè sa Bondye te mande a, donk li pa t pafè ankò. Piti piti, li te vin granmoun epi li te mouri. Adan transmèt peche bay tout pitit li yo. Se poutètsa, nou menm tou nou vin granmoun, nou malad epi nou mouri. Ki jan lèzòm te ka rive sove ? — Women 3:23 ; 5:12.

4. Jezi te yon òm pafè menm jan ak Adan. Men, lekontrè ak Adan, Jezi te obeyi Bondye san okenn fay, menm lè l te anba gwo eprèv. Pakonsekan, li te ka fè sakrifis lavi li kòm òm pafè pou l peye pou peche Adan te fè a. Se sa Bib la rele “ ranson ”. Konsa pitit Adan yo te kapab libere anba kondanasyon amò a. Tout moun ki mete lafwa yo nan Jezi kapab jwenn padon pou peche yo, epi resevwa lavi etènèl. — 1 Timote 2:5, 6 ; Jan 3:16 ; Women 5:18, 19.

5. Lè Jezi te sou tè a, li te geri malad, li te bay moun grangou manje e li te kalme tanpèt. Li te menm resisite moun mouri. Poukisa l te konn fè mirak sa yo ? (1) Li te gen pitye pou moun k ap soufri e li te vle ede yo. (2) Mirak yo te pwouve li se Pitit Bondye a. (3) Yo te montre ki sa l pral fè pou moun ki obeyisan lè l ap dirije tè a kòm Wa. — Matye 14:14 ; Mak 2:10-12 ; Jan 5:28, 29.

6. Jezi te mouri, Bondye te resisite l an kalite kreyati espirityèl e li te retounen nan syèl (1 Pyè 3:18). Depi lè a, Bondye fè l tounen yon Wa. Talè konsa, Jezi pral elimine tout mechanste ak tout soufrans sou tè sa a. — Sòm 37:9-11 ; Pwovèb 2:21, 22.

[Foto nan paj 7]

Nan ministè Jezi te gen anseye, te gen fè mirak e te menm gen ofri lavi li pou nou.