Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kwayans ak koutim ki deplè Bondye

Kwayans ak koutim ki deplè Bondye

Leson 11

Kwayans ak koutim ki deplè Bondye

Ki kalite kwayans ak koutim ki pa bon ? (1)

Èske kretyen yo dwe kwè Bondye se yon trinite ? (2)

Poukisa vrè kretyen pa fete ni Nwèl ni Pak ni anivèsè nesans ? (3,4)

Èske mò kapab nwi moun ki vivan ? (5)

Èske se sou yon kwa Jezi te mouri ? (6)

Èske li vrèman enpòtan pou nou fè Bondye plezi ? (7)

1. Se pa tout kwayans e se pa tout koutim ki pa bon. Men Bondye pa apwouve sa yo ki soti nan fo relijyon oubyen ki kont ansèyman Bib la. — Matye 15:6.

2. Trinite : Èske Jewova se yon trinite, twa pèsòn nan yon sèl Dye ? Non ! Jewova, Papa a, se “ sèl vrè Dye a ”. (Jan 17:3 ; Mak 12:29.) Jezi se premye Pitit li e li soumèt devan Bondye (1 Korentyen 11:3). Papa a pi gran pase Pitit la (Jan 14:28). Lespri sen an pa yon moun, se fòs aktif Bondye. — Jenèz 1:2 ; Travay 2:18.

3. Fèt Nwèl ak fèt Pak : Jezi pa t fèt 25 desanm. Li te fèt vè premye oktòb, yon lè nan ane a kote bèje yo te ka rete deyò lannwit ap gade twoupo yo (Lik 2:8-12). Jezi pa t janm bay kretyen yo lòd pou yo fete nesans li. Okontrè li te di disip li yo pou yo komemore oswa sonje lanmò li (Lik 22:19, 20). Fèt Nwèl ak koutim li yo soti nan ansyen fo relijyon yo. Se menm bagay tou pou koutim fèt Pak tankou sèvi ak ze pak oswa lapen. Premye kretyen yo pa t konn fete ni Nwèl ni Pak. Ni nonplis tou vrè kretyen yo jodi a.

4. Anivèsè nesans : De sèl anivèsè nesans Bib la site yo se moun ki pa t ap adore Jewova ki te fete yo (Jenèz 40:20-22 ; Mak 6:21, 22, 24-27). Premye kretyen yo pa t konn fete anivèsè nesans. Koutim fete anivèsè nesans la soti nan fo relijyon lontan yo. Vrè kretyen yo bay kado e yo pase bon moman ansanm nan lòt epòk diran ane a.

5. Lakrentif pou mò : Mò pa ka ni fè ni santi anyen. Nou pa ka ede yo e yo pa ka fè nou mal (Sòm 146:4 ; Eklezyas 9:5, 10). Nanm nan mouri, li pa kontinye viv apre lanmò (Ezekyèl 18:4). Men pafwa, zanj mechan yo rele demon yo konn fè kwè yo se lespri moun ki mouri. Tout koutim ki gen rapò ak lakrentif oswa fè sèvis pou mò pa bon. — Izayi 8:19.

6. Kwa : Jezi pa t mouri sou yon kwa. Li te mouri sou yon poto oswa yon ma. Mo grèk yo tradwi “ kwa ” nan plizyè Bib vle di senpman yon poto bwa chapant. Senbòl kwa a soti nan ansyen fo relijyon yo. Premye kretyen yo pa t konn ni sèvi ak kwa ni adore l. Pakonsekan, èske w panse li ta jis pou nou sèvi ak kwa nan adorasyon nou ? — Detewonòm 7:26 ; 1 Korentyen 10:14.

7. Li kapab difisil anpil pou yon moun abandone kwayans ak koutim sa yo. Paran ak zanmi kapab eseye konvenk ou pou w pa chanje kwayans ou yo. Men fè Bondye plezi pi enpòtan pase fè lèzòm plezi. — Pwovèb 29:25 ; Matye 10:36, 37.

[Foto nan paj 22]

Bondye pa yon trinite.

[Foto nan paj 23]

Fèt Nwèl ak fèt Pak soti nan ansyen fo relijyon yo.

[Foto nan paj 23]

Nanpwen rezon ni pou moun fè sèvis pou mò ni pou moun krenn yo.