Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Men jan òganizasyon Temwen Jewova yo fonksyone

Men jan òganizasyon Temwen Jewova yo fonksyone

Leson 14

Men jan òganizasyon Temwen Jewova yo fonksyone

Kilè istwa modèn Temwen Jewova te kòmanse ? (1)

Ki jan reyinyon Temwen Jewova dewoule ? (2)

Ki jan yo jwenn kòb pou yo depanse ? (3)

Ki moun ki alatèt nan chak kongregasyon ? (4)

Ki pi gwo reyinyon yo fè chak ane ? (5)

Ki travay y ap fè ni nan biwo santral mondyal Temwen Jewova yo ni nan biwo filyal yo ? (6)

1. Istwa modèn Temwen Jewova te kòmanse bò ane 1870 yo. Okòmansman yo te rele Etidyan Labib. Men an 1931 yo te vin adopte non biblik Temwen Jewova (Izayi 43:10). Soti nan ti derapman, òganizasyon an te devlope pou l tounen plizyè milyon Temwen ki okipe ap preche nan plis pase 230 peyi.

2. Laplipa kongregasyon Temwen Jewova òganize reyinyon twa fwa pa semèn. Ou envite pou w asiste reyinyon yo (Ebre 10:24, 25). Bib la se baz pou ansèyman y ap bay la. Reyinyon yo ouvè ak lapriyè, yo klotire ak lapriyè. Nan prèske tout reyinyon, yo chante tou “ chan espirityèl ” ak tout kè (Efezyen 5:18, 19). Antre a gratis e yo pa fè lakòlèt. — Matye 10:8.

3. Laplipa kongregasyon fè reyinyon nan yon Sal Wayòm. Souvan Sal Wayòm nan se kay senp Temwen yo travay bati gratis. Nan Sal Wayòm nan ou pap wè ni estati, ni krisifi, ni lòt bagay konsa. Yo fè depans yo grasa ofrann volontè. Gen bwat yo mete la pou moun ki vle bay kichòy. — 2 Korentyen 9:7.

4. Nan chak kongregasyon gen siveyan yo rele ansyen tou. Yo alatèt nan bay ansèyman nan kongregasyon an (1 Timote 3:1-7 ; 5:17). Yo jwenn konkou asistan ministeryèl yo (1 Timote 3:8-10, 12, 13). Mesye sa yo pa plis pase lòt moun yo nan kongregasyon an (2 Korentyen 1:24). Yo pa gen tit espesyal, ni yo pa gen yon abiman espesyal ki distenge yo de lòt moun yo (Matye 23:8-10). Yo pa peye yo nonplis pou travay y ap fè a. Se pou bongre ansyen yo okipe bezwen espirityèl kongregasyon an. Yo kapab bay rekonfò ak konsèy lè gen pwoblèm. — Jak 5:14-16 ; 1 Pyè 5:2, 3.

5. Temwen Jewova òganize gwo asanble oswa kongrè tou chak ane. Nan moman sa yo anpil kongregasyon reyini ansanm pou yo swiv yon pwogram enstriksyon biblik espesyal. Batèm nouvo disip fè pati pwogram regilyè chak asanble oswa chak kongrè. — Matye 3:13-17 ; 28:19, 20.

6. Se Nouyòk biwo santral mondyal Temwen Jewova yo ye. Se la yon gwoup ansyen ki gen esperyans yo rele Kò dirijan santral tabli pou dirije kongregasyon mondyal la. Apa de sa genyen plis pase 100 biwo filyal nan lemonnantye, kote volontè ap ede nan enprime piblikasyon biblik e nan espedye yo. Se la tou yo bay direksyon pou travay predikasyon an. Poukisa w pa prevwa fè yon vizit nan biwo filyal ki pi pre w la ?