Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pratik Bondye rayi yo

Pratik Bondye rayi yo

Leson 10

Pratik Bondye rayi yo

Ki jan w ta dwe wè bagay Bondye di ki pa bon yo ? (1)

Ki zak seksyèl ki pa bon ? (2)

Ki jan yon kretyen dwe wè mansonj ? (3) jwèt aza ? (3) vòl ? (3) vyolans ? (4) espiritis ? (5) eksè nan bwason ? (6)

Ki jan yon moun kapab libere anba move pratik yo ? (7)

1. Sèvitè Bondye yo renmen sa ki byen. Men tou, yo fèt pou yo aprann rayi sa ki mal (Sòm 97:10). Sa vle di evite sèten pratik Bondye rayi. Ki pratik sa yo ?

2. Fònikasyon : Se kontak seksyèl anvan maryaj, adiltè, akouple ak bèt, kontak seksyèl ant fanmi pre, pratik gason ak gason, fanm ak fanm. Tout se peche grav kont Bondye (Levitik 18:6 ; Women 1:26, 27 ; 1 Korentyen 6:9, 10). Si de moun ap viv ansanm san yo pa marye, yo dwe deparye oubyen se pou yo chèche marye legal. — Ebre 13:4

3. Mansonj, jwèt aza, vòl : Jewova pa ka bay manti (Tit 1:2). Moun ki vle l dakò avè yo dwe evite bay manti (Pwovèb 6:16-19 ; Kolosyen 3:9, 10). Tout fòm jwèt aza gen gwo tanta ladann. Donk, kretyen pa patisipe nan okenn kalite jwèt aza tankou bòlèt, gagè ak bengo (Efezyen 5:3-5). Epi kretyen pa nan vòlè. Yo pap achte bagay yo konnen moun te vòlè oswa yo pap prete zafè moun san pèmisyon. — Egzòd 20:15 ; Efezyen 4:28.

4. Fè kòlè, vyolans : Kòlè san kontwòl kapab mennen zak vyolans (Jenèz 4:5-8). Moun vyolan pa ka zanmi Bondye (Sòm 11:5 ; Pwovèb 22:24, 25). Li pa bon pou nou tire revanj oswa rann mal pou mal pou move bagay moun fè nou. — Pwovèb 24:29 ; Women 12:17-21.

5. Fè wanga, espiritis : Gen moun ki envoke pouvwa espri pou eseye geri maladi. Gen lòt ki voye movèzespri sou lènmi yo pou fè yo malad oswa menm pou touye yo. Pisans ki dèyè tout pratik sa yo se Satan. Donk kretyen pa dwe pran pa nan okenn bagay konsa (Detewonòm 18:9-13). Rete pre Jewova se meyè pwoteksyon kont malefis lòt moun ka voye sou nou. — Pwovèb 18:10.

6. Eksè nan bwason : Bwè yon ti diven, yon ti byè oswa yon lòt bwason ki gen alkòl se pa yon mal (Sòm 104:15 ; 1 Timote 5:23). Men, bwè depase limit oswa bwè pou w sou se yon mal nan je Bondye (1 Korentyen 5:11-13 ; 1 Timote 3:8). Bwè twòp kapab depafini sante w epi demoli fanmi w. Sa kapab fè w sikonbe fasil tou anba lòt tantasyon. — Pwovèb 23:20, 21, 29-35.

7. Moun k ap pratike move bagay Bondye di ki pa bon “ pap eritye Wayòm Bondye a ”. (Galat 5:19-21.) Si w renmen Bondye reyèlman e ou vle fè l plezi, ou kapab libere w anba pratik sa yo (1 Jan 5:3). Aprann rayi sa Bondye di ki pa bon (Women 12:9). Frekante moun abitid yo fè Bondye plezi (Pwovèb 13:20). Ou kapab jwenn bon èd nan men konpayon kretyen ki gen matirite yo (Jak 5:14). Konte sitou sou èd Bondye kapab ba wou grasa lapriyè. — Filipyen 4:6, 7, 13.

[Foto nan paj 20, 21]

Bondye rayi eksè nan bwason, li rayi vòl, jwèt aza ak zak vyolans.