Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwoche kote Bondye grasa lapriyè

Pwoche kote Bondye grasa lapriyè

Leson 7

Pwoche kote Bondye grasa lapriyè

Poukisa lapriyè regilyèman enpòtan ? (1)

Ki moun nou dwe priye ? E kouman ? (2, 3)

Osijè ki bagay li bon pou nou lapriyè ? (4)

Kilè ou ta dwe lapriyè ? (5, 6)

Èske Bondye koute tout priyè ? (7)

1. Lapriyè se pale avèk Bondye nan imilite. Ou ta dwe priye Bondye regilyèman. Konsa ou kapab santi w pre avè l tankou ak yon zanmi chè. Jewova gran, li pisan anpil. Men malgre sa li koute priyè nou yo. Èske w priye Bondye regilyèman ? — Sòm 65:2 ; 1 Tesalonisyen 5:17.

2. Lapriyè a fè pati adorasyon nou. Donk, se senpman Bondye, Jewova, nou dwe priye. Lè Jezi te sou tè a se Papa l li te toujou konn priye, li pa t konn priye pèsonn lòt moun. Nou ta dwe fè menm jan an (Matye 4:10 ; 6:9). Toutfwa, nou dwe fè tout priyè nou yo nan non Jezi. Sa demontre respè nou pou plas Jezi a e sa demontre lafwa nou nan sakrifis ranson li a. — Jan 14:6 ; 1 Jan 2:1, 2.

3. Lè n ap lapriyè, nou ta dwe ouvri kè nou pou nou pale ak Bondye. Nou pa dwe ni resite priyè nou pakè ni li yo nan yon liv priyè (Matye 6:7, 8). Nou ka lapriyè nan nenpòt pozisyon ki montre nou gen respè, nenpòt lè e nenpòt kote. Bondye kapab menm tande lapriyè nou fè an silans, nan kè nou (1 Samyèl 1:12, 13). Li bon pou nou chèche yon kote trankil, lwen lòt moun, pou nou fè priyè pèsonèl nou. — Mak 1:35.

4. Osijè ki bagay ou kapab lapriyè ? Nenpòt bagay ki ka gen enfliyans sou amitye w ak Bondye (Filipyen 4:6, 7). Lapriyè modèl la montre nou dwe priye pou non Jewova ak pwogram ni an. Nou kapab priye pou bezwen materyèl nou yo, pou padon peche nou yo e pou èd pou nou reziste anba tantasyon (Matye 6:9-13). Priyè nou yo pa dwe egoyis. Nou dwe lapriyè senpman pou bagay ki ann akò ak volonte Bondye. — 1 Jan 5:14.

5. Ou kapab lapriyè chak fwa kè w pouse w remèsi Bondye oswa louwe li (1 Kwonik 29:10-13). Ou dwe lapriyè lè w gen pwoblèm e lè lafwa w anba eprèv (Sòm 55:22 ; 120:1). Li bon pou moun lapriyè anvan l manje (Matye 14:19). Jewova ankouraje nou lapriyè “ nan nenpòt okazyon ”. — Efezyen 6:18.

6. Nou bezwen lapriyè sitou si nou komèt yon peche grav. Lè sa a nou ta dwe mande Jewova pou l fè nou mizèrikòd epi pou l padone nou. Si nou konfese peche nou bay Bondye e si nou fè tout sa nou kapab pou nou pa rekòmanse, li “ pare pou l padone ”. — Sòm 86:5 ; Pwovèb 28:13.

7. Se senpman lapriyè moun ki jis Jewova koute. Pou Bondye tande priyè w, fòk ou fè tout posib ou pou w viv ann akò ak lwa li yo (Pwovèb 15:29 ; 28:9). Fòk ou enb lè w ap lapriyè (Lik 18:9-14). Ou bezwen travay sou sa w ap priye pou li a. Konsa, w ap demontre ou gen lafwa e ou vle sa w di a vrèman. Se lè sa a sèlman, Jewova ap reponn priyè w yo. — Ebre 11:6.