Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Respekte lavi, respekte san

Respekte lavi, respekte san

Leson 12

Respekte lavi, respekte san

Ki jan nou dwe anvizaje lavi ? (1) avòtman ? (1)

Ki jan yon kretyen montre li konsyan nan kesyon sekirite ? (2)

Èske touye zannimo se mal ? (3)

Ki kalite pratik ki demontre mank respè pou lavi ? (4)

Ki lwa Bondye bay sou san ? (5)

Èske transfizyon san ladann ? (6)

1. Jewova se sous lavi. Tout sa ki vivan se Bondye yo dwe lavi yo (Sòm 36:9). Pou Bondye lavi sakre. Menm lavi yon timoun ki anndan vant manman l presye pou Jewova. Touye yon tibebe konsa toutespre k ap devlope se yon mal nan je Bondye. — Egzòd 21:22, 23 ; Sòm 127:3.

2. Vrè kretyen yo pran prekosyon nan domèn sekirite. Yo asire yo machin yo ak kay yo an bon eta (Detewonòm 22:8). Sèvitè Bondye pa riske lavi yo initil jis pou plezi oswa pou sansasyon cho. Poutètsa yo pa patisipe nan espò vyolan espre pou batay ak dòt moun. Yo evite divètisman ki ankouraje vyolans. — Sòm 11:5 ; Jan 13:35.

3. Pou Kreyatè a lavi zannimo yo sakre tou. Yon kretyen ka touye zannimo pou l manje, pou l fè rad oswa pou l pwoteje tèt li kont maladi ak danje (Jenèz 3:21 ; 9:3 ; Egzòd 21:28). Men li pa bon pou maltrete zannimo oubyen touye yo jis pou fè espò oswa pou plezi. — Pwovèb 12:10.

4. Fimen, manje grenn betèl ak pran dwòg pa pou kretyen. Pratik sa yo pa bon paske (1) yo fè nou vin esklav, (2) yo nwizib pou kò nou, (3) yo enpwòp (Women 6:19 ;12:1 ; 2 Korentyen 7:1). Li kapab difisil anpil pou renonse ak abitid sa yo. Men pou fè Jewova plezi nou dwe fè sa.

5. San sakre tou nan je Bondye. Bondye di nanm nan oswa lavi a, se nan san an li ye. Donk manje san se mal. Manje vyann yon zannimo ki pa byen senyen se mal tou. Si yon zannimo mouri toufe oswa mouri nan pèlen, moun pa ta dwe manje l. Si yo frennen l oswa yo tire l pou manje, yo fèt pou senyen l san pèdi tan. — Jenèz 9:3, 4 ; Levitik 17:13, 14 ; Travay 15:28, 29.

6. Èske asepte yon transfizyon san se mal ? Pa bliye, Jewova mande nou asteni nou de san. Sa vle di nou pa dwe pran san okenn lòt moun antre nan kò nou, ni menm san pa nou apre yo te fin estoke l (Travay 21:25). Donk, vrè kretyen yo pap asepte yon transfizyon san. Y ap asepte lòt fòm tretman medikal tankou transfizyon pwodwi ki pa gen san. Yo vle viv, men yo pap chèche sove lavi yo nan dezobeyi lalwa Bondye. — Matye 16:25.

[Foto nan paj 25]

Pou nou fè Bondye plezi, fòk nou evite transfizyon san, evite abitid enpwòp ak ris initil.