Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon lavi fanmi ki fè Bondye plezi

Yon lavi fanmi ki fè Bondye plezi

Leson 8

Yon lavi fanmi ki fè Bondye plezi

Ki plas mari a nan fanmi an ? (1)

Ki jan yon mari dwe trete madanm ni ? (2)

Ki reskonsablite yon papa genyen ? (3)

Ki djòb madanm nan nan fanmi an ? (4)

Ki sa Bondye vle pou paran yo fè ? e timoun yo ? (5)

Ki sa Bib la di sou separasyon ? e sou divòs ? (6, 7)

1. Bib la di mari a se chèf fanmi an (1 Korentyen 11:3). Yon mari dwe gen yon sèl madanm, e maryaj yo de a dwe yon maryaj leta rekonèt. — 1 Timote 3:2 ; Tit 3:1.

2. Yon mari dwe renmen madanm ni menm jan li renmen tèt li. Li dwe trete li menm jan Jezi te trete disip li yo (Efezyen 5:25, 28, 29). Li pa ta dwe janm ni bat madanm nan, ni maltrete l. Okontrè, li ta dwe montre li onore l e li respekte l. — Kolosyen 3:19 ; 1 Pyè 3:7.

3. Yon papa dwe travay di pou l pran swen fanmi li. Fòk li founi manje, rad, ansanm ak yon kote pou madanm ni ak pitit li rete. Yon papa dwe founi fanmi l nesesite espirityèl tou (1 Timote 5:8). L ap pran latèt nan ede fanmi an aprann konnen Bondye e nan ede l aprann konnen volonte l. — Detewonòm 6:4-9 ; Efezyen 6:4.

4. Yon madanm dwe yon bon èd pou mari li (Jenèz 2:18). Li dwe ede mari l nan edikasyon ak nan fòmasyon timoun yo (Pwovèb 1:8). Jewova vle pou yon madanm pran swen fanmi li avèk amou (Pwovèb 31:10, 15, 26, 27 ; Tit 2:4, 5). Li dwe gen gwo respè pou mari l. — Efezyen 5:22, 23, 33.

5. Bondye vle pou pitit obeyi paran (Efezyen 6:1-3). Li atann aske paran enstwi pitit yo epi korije yo. Paran bezwen pase tan ak pitit yo, etidye Labib avè yo, ba yo afeksyon epi okipe bezwen espirityèl yo (Detewonòm 11:18, 19 ; Pwovèb 22:6, 15). Paran pa ta dwe janm disipline pitit yo yon fason rèd oswa kriyèl. — Kolosyen 3:21.

6. Lè de moun marye gen pwoblèm pou yo antann yo ansanm, yo ta dwe eseye mete konsèy Bib la an pratik. Bib la ankouraje nou montre nou gen lanmou ak padon (Kolosyen 3:12-14). Pawòl Bondye pa ankouraje separasyon kòm mwayen pou rezoud nenpòt ti pwoblèm. Men yon madanm ta ka chwazi pou l kite ak mari l (1) si pou bongre l mari a derefize pran swen fanmi an, (2) si li tèlman vyolan opwen li mete sante ak lavi madanm nan an danje, oubyen (3) si mari a fè yon opozisyon estrèm ki fè li vin enposib pou madanm nan adore Jewova. — 1 Korentyen 7:12, 13.

7. De moun marye fèt pou fidèl lenzalòt. Lè yon moun fè adiltè, se yon peche li fè kont Bondye epi kont moun li marye avèk li a (Ebre 13:4). Daprè Bib la, kontak seksyèl andeyò maryaj, se sèl motif ki pèmèt divòs e ki bay libète pou remarye (Matye 19:6-9 ; Women 7:2, 3). Jewova rayi sa, lè moun divòse san motif biblik epi marye avèk yon lòt. — Malaki 2:14-16.

[Foto nan paj 16, 17]

Bondye atann aske paran enstwi pitit yo epi korije yo.

[Foto nan paj 17]

Yon papa ki gen lanmou founi fanmi l nesesite materyèl ak nesesite espirityèl.