Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Adorasyon ki moun Bondye asepte ?

Adorasyon ki moun Bondye asepte ?

Chapit 5

Adorasyon ki moun Bondye asepte ?

1. Ki sa Samaritèn nan te vle konnen sou adorasyon ?

OU pa janm mande w : ‘ Adorasyon ki moun Bondye asepte ’ ? Kesyon sa a sanble te vini nan lespri yon madanm ki t ap pale ak Jezi Kris toupre mòn Gerizim nan Samari. Pou montre diferans ant mòd adorasyon Samariten yo ak mòd adorasyon Jwif yo, madanm nan te di : “ Zansèt nou yo te adore nan mòn sa a. Men nou menm Jwif nou di se Jerizalèm ki kote moun dwe adore a. ” ​(Jan 4:20). Èske Jezi te di Samaritèn nan Bondye asepte tout kalite adorasyon ? Oubyen èske li te montre gen bagay ki fikse pou yon moun fè Bondye plezi ?

2. Ki sa Jezi te di pou reponn Samaritèn nan ?

2 Men repons sipriz Jezi te bay : “ Lè a rive kote se pa ni nan mòn sa a, ni Jerizalèm nou pral adore Papa a. ” ​(Jan 4:21). Depi lontan Samariten yo te gen lakrentif pou Jewova, men yo t ap adore lòt dye nan mòn Gerizim nan (2 Wa 17:33). E vwala kounye a Jezi di se pa ni kote sa a, ni Jerizalèm ki ta gen enpòtans nan vrè adorasyon an.

ADORE AVÈK LESPRI AK LAVERITE

3. a) Poukisa Samariten yo pa t konnen Bondye toutbonvre ? b) Kouman Jwif fidèl yo ak lòt moun te rive konnen Bondye ?

3 Jezi te di Samaritèn nan : “ Nou menm, [Samariten], n ap adore sa nou pa konnen. Nou menm, [Jwif], n ap adore sa nou konnen, paske delivrans lan se nan Jwif yo l ap soti. ” ​(Jan 4:22). Samariten yo te gen fo lide sou jan pou moun adore. Pou yo menm, se sèlman senk premye liv nan Bib la Bondye te enspire. E se inikman kopi ki te fèt nan sans pa yo a, Pentatek samariten an, yo te asepte. Kidonk yo pa t konnen Bondye toutbonvre. Sepandan, se Jwif yo Jewova te anchaje konesans Ekriti yo (Women 3:1, 2). Jwif fidèl ansanm ak moun ki te dispoze pote atansyon te jwenn tou sa yo te bezwen nan Ekriti yo pou yo konnen Bondye.

4. Ki sa Jezi te di Jwif ak Samariten dwe fè pou Bondye asepte fason y ap adore ?

4 An reyalite Jezi te montre pou yo te kapab fè Bondye plezi, toulede, Jwif kon Samariten, ta dwe pote yon chanjman nan fason y ap adore. Li te di : “ Lè a rive, e se kounye a, kote vrè adoratè yo pral adore Papa a avèk lespri ak laverite. Reyèlman se moun konsa Papa a ap chèche pou adore l. Bondye se yon Espri, e moun k ap adore l yo dwe adore l avèk lespri ak laverite. ” ​(Jan 4:23, 24). Pou nou adore Bondye “ avèk lespri ”, sa mande pou nou gen lespri Bondye nan nou epi pou nou kite lespri sa a dirije nou. Nou kapab adore Bondye “ ak laverite ”, nan etidye Labib Pawòl li e nan adore li jan verite li revele a mande sa. Èske w vle fè sa ?

5. a) Ki sa “ adore ” vle di ? b) Ki sa nou dwe fè si nou vle pou Bondye asepte adorasyon nan men nou ?

5 Jezi te ensiste sou vrè adorasyon Bondye reklame a. Sa montre gen fason moun adore Jewova pa asepte. Adore Bondye vle di, ba li onè ak respè e sa vle di ba li yon sèvis sakre. Si w ta vle bay yon gran chèf onè, pa gen dout ou t ap anvi sèvi l e ou t ap vle fè sa ki fè l plezi. Sètènman nou vle fè Bondye plezi. Konsa, olye pou nou kontante nou ap di : ‘ Relijyon m nan bon pou mwen ’, nou dwe asire nou fason n ap adore a satisfè sa Bondye egzije.

SE POU NOU FÈ VOLONTE PAPA A

6, 7. Poukisa Jezi derefize rekonèt sèten moun ki pretann yo se disip li ?

6 Annou li Matye 7:21-23 pou n wè si nou ka jwenn pwen esansyèl ki montre èske Bondye asepte tout fason moun adore. Jezi te di : “ Se pa tout moun k ap di m : ‘ Seyè, Seyè ’, k ap antre nan Wayòm syèl la, men se moun ki fè volonte Papa m ki nan syèl la. Anpil moun pral di mwen nan jou sa a : ‘ Seyè, Seyè, èske se pa t nan non ou nou te pwofetize ? Èske se pa t nan non ou nou te chase demon [zanj mechan yo] ? Se pa t nan non ou nou te fè zèv pisan ? ’ Epoutan m ap deklare yo lè sa a : Mwen pa t janm konnen nou ! Pati lwen m, nou menm ki ap pratike ilegalite a. ”

7 Rekonèt Jezi Kris se Seyè a esansyèl nan vrè adorasyon an. Men gen kichòy ki ta manke nan adorasyon anpil moun ki pretann yo se disip Jezi. Jezi te di sèten moun ta fè “ zèv pisan ”, paregzanp swadizan mirak gerizon. Sepandan dapre Jezi, bagay ki trèzenpòtan an yo pa ta fè l. Yo pa ta “ fè volonte Papa [li] ”. Si nou vle fè Bondye plezi, nou dwe aprann volonte Papa a, epi fè li.

KONESANS EGZAK LA SE YON PWOTEKSYON

8. Ki kondisyon pou yon moun ranpli pou fè volonte Bondye, e ki fo konsepsyon nou ta dwe evite ?

8 Pou moun fè volonte Bondye sa mande pou li rive gen yon konesans egzak, ni sou Jewova Dye, ni sou Jezi Kris. Konesans sa a ap mennen nan lavi etènèl. Konsa, nou chak dwe chèche gen konesans egzak Pawòl Bondye a nan Bib la. Nou dwe pran sa oserye. Gen moun ki di nou pa bezwen fatige kò nou, depi nou sensè, depi nou zele nan fason n ap adore a. Gen lòt ki di ‘ pa konnen pa al lajistis ’. Poutan, Bib la ankouraje nou chèche gen pi plis konesans sou Bondye ak pwogram li yo. — Efezyen 4:13 ; Filipyen 1:9 ; Kolosyen 1:9.

9. Kouman konesans egzak la pwoteje nou, e poukisa nou bezwen pwoteksyon sa a ?

9 Konesans sa a pwoteje mòd adorasyon nou an kont tou sa ki ta ka kontamine l. Apot Pòl te pale de yon kreyati espirityèl ki fè tèt li pase pou yon “ zanj limyè ”. (2 Korentyen 11:14.) Avèk yon degizman konsa, kreyati espirityèl la, Satan, ap chèche twonpe nou. L ap chèche pouse nou fè bagay ki kontrè ak volonte Bondye. Gen lòt kreyati espirityèl tou ki kole tèt ansanm ak Satan pou kontamine fason moun ap adore. Se sa ki fè Pòl te di : “ Bagay nasyon yo ap sakrifye yo, y ap sakrifye yo pou demon, e non pa pou Bondye. ” ​(1 Korentyen 10:20). Vrèmanvre, gen yon bann moun ki panse y ap adore Bondye bon fason an, alòske yo pap fè sa Bondye vle. Se nan move chemen yo lage moun yo pou fè yo pratike yon fo adorasyon ki enpwòp. Pi lwen, nou pral aprann plis sou Satan ak demon yo. Men se klè, lènmi Bondye sa yo kòwonp adorasyon lèzòm.

10. Ki sa w ta fè si yon moun ta fè espre li anpwazonnen rezèv dlo lakay ou, e ki sa konesans egzak Pawòl Bondye a pèmèt nou fè ?

10 Si w ta konnen yon moun fè espre li anpwazonnen rezèv dlo lakay ou a, èske w t ap kontinye bwè ladann ? Ou mèt si, tousuit ou t ap kòmanse fè rechèch bon dlo potab. Enben, konesans egzak Pawòl Bondye a pèmèt nou idantifye vrè relijyon an e li pèmèt nou rejte salte ki ka fè Bondye pa asepte adorasyon yon moun.

KÒMANDMAN LÈZÒM KÒM DOKTRIN

11. Ki sa ki pa t bon nan adorasyon anpil Jwif ?

11 Lè Jezi te sou tè a, anpil Jwif pa t ap aji ann amoni ak konesans egzak Bondye a. Yo te rate okazyon yo te jwenn pou Jewova konsidere yo pwòp nan je li. Men sa Pòl te ekri sou yo : “ Mwen bay temwayaj pou yo, yo gen zèl pou Bondye. Men se pa selon konesans egzak la. ” ​(Women 10:2). Jwif yo te deside pou kont yo ki fason pou yo adore Bondye, olye pou yo te koute sa Bondye di.

12. Ki sa ki te kontamine adorasyon pèp Izrayèl la, e ki rezilta sa te bay ?

12 Okòmansman Izrayelit yo t ap pratike relijyon san tach Bondye te ba yo a. Men ansèyman ak filozofi lèzòm te vin kontamine relijyon an (Jeremi 8:8, 9 ; Malaki 2:8, 9 ; Lik 11:52). Kwak lidè relijye jwif yo, Farizyen yo, te kwè Bondye te apwouve fason y ap adore a, Jezi te di yo : “ Ipokrit, Izayi te gen rezon pwofetize sou nou, jan sa ekri a : ‘ Pèp sa a se nan bouch l ap ban mwen onè, men kè li byen lwen m. Se pou granmesi yo kontinye ap adore mwen, paske doktrin yo anseye se kòmandman lèzòm. ’” — Mak 7:6, 7.

13. Ki fason aji ki te ka fè nou menm jan ak Farizyen yo ?

13 Èske sa ka rive se Farizyen yo n ap imite ? Sa ta ka rive si nou ta chita ap suiv tradisyon relijye nou leve jwenn, olye pou nou egzamine sa Bondye di sou kesyon adorasyon. Pòl ban nou yon pinga kont danje reyèl sa a. Li te ekri : “ Sepandan, pawòl enspire a di klèman, nan peryòd tan k ap vini yo, kèk moun ap abandone lafwa pandan y ap pote atansyon sou pawòl enspire blòf ak ansèyman demon. ” ​(1 Timote 4:1). Sa pa sifi pou nou annik sipoze fason n ap adore a fè Bondye plezi. Tankou Samaritèn Jezi te rankontre a, petèt se paran nou ki kite relijyon nou ladan an pou nou. Men nou bezwen byen sèten Bondye dakò ak sa n ap fè a.

PRAN PREKOSYON POU NOU PA OFANSE BONDYE

14, 15. Menmsi nou rive gen enpe konesans sou volonte Bondye, poukisa nou dwe rete veyatif ?

14 Si nou pa veyatif, nou riske fè bagay Bondye pa ka asepte. Paregzanp, apot Jan te mete ajenou nan pye yon anj “ pou adore li ”. Men, anj lan te avèti li : “ Atansyon ! Pa fè sa ! Mwen se tou senpleman konpayèl esklav ou menm ak frè w yo ki gen travay pou bay temwayaj konsènan Jezi. Adore Bondye. ” ​(Revelasyon 19:10). Èske kounye a ou wè nesesite pou w asire w fason w ap adore a pa kontamine ak okenn fòm idolatri ? — 1 Korentyen 10:14.

15 Lè kèk kretyen te kòmanse ap suiv koutim relijye ki pa t fè Bondye plezi, Pòl te mande yo : “ Kouman sa fè rive pou nou retounen nan bagay fèb ak bagay elemantè raz sa yo ankò, epi pou nou vle rekòmanse sèvi yo kòm esklav ? N ap obsève jou, mwa, sezon ak ane avèk anpil prekosyon. Mwen pè pou nou, kèlkeswa fason an, pou se pa pou granmesi mwen te bay tèt mwen lapenn pou nou. ” ​(Galat 4:8-11). Moun sa yo te kòmanse gen yon ti konesans sou Bondye, men apre y al fè sa k pa sa nan obsève koutim relijye ak jou sen Jewova pa t agreye ankò. Tankou Pòl te di, fòk nou ‘ kontinye verifye sa k ap fè Seyè a plezi ’. — Efezyen 5:10.

16. Kouman Jan 17:16 ak 1 Pyè 4:3 ede nou wè si sèten fèt ak sèten koutim fè Bondye plezi ?

16 Nou dwe veye pou nou pa fete fèt, ni pou nou pa pratike lòt koutim relijye ki vyole prensip Bondye yo (1 Tesalonisyen 5:21). Paregzanp, Jezi te di konsènan disip li yo : “ Yo pa fè pati monn nan, tankou mwen menm mwen pa fè pati monn nan. ” ​(Jan 17:16). Èske relijyon ou ladan an gen seremoni ak fèt ki vyole prensip ki montre nou pouryen nan zafè monn nan ? Oubyen èske fidèl nan relijyon ou ladan an patisipe pafwa nan koutim ak fèt ki fè yo gen yon konduit menm jan ak konduit apot Pyè te pale a ? Li te ekri : “ Annefè, tan nou te pase ap akonpli volonte nasyon yo sifi, lè nou te konn lage nan deregleman, nan pasyon, eksè nan bwè diven, òji, gagòt bwason ak idolatri kriminèl. ” — 1 Pyè 4:3.

17. Poukisa nou dwe evite tout bagay ki sanble ak reflè lespri monn nan ?

17 Apot Jan te ensiste sou nesesite pou nou evite tout kalite pratik ki reflete lespri monn san respè pou Bondye ki antoure nou an. Li te ekri : “ Pa renmen monn nan ni bagay ki nan monn nan. Si yon moun renmen monn nan, lanmou pou Papa a pa nan li. Paske tou sa ki nan monn nan : dezi lachè, dezi je ak egzibisyon granpanpan mwayen yon moun genyen, pa soti nan Papa a, men sa soti nan monn nan. Plis ankò, se pase monn nan ap pase, dezi li tou, men moun ki fè volonte Bondye ap rete pou toutan. ” ​(1 Jan 2:15-17). Èske w make sa : moun ki “ fè volonte Bondye ” ap rete pou toutan ? Wi, si nou fè volonte Bondye, e si nou evite aktivite ki reflete lespri monn sa a, nou kapab gen espwa lavi etènèl !

KONFÒME W AK PRENSIP SIPERYÈ BONDYE YO

18. Ki lide kwochi sèten Korentyen te genyen sou kesyon konduit, e ki leson nou ta dwe pran nan sa ?

18 Se moun ki dakò pou yo soumèt ak prensip moral siperyè Bondye yo li vle kòm adoratè. Lontan nan Korent, te gen sèten kretyen ki te mal panse. Yo te kwè Bondye ta tolere yon konduit imoral. Lekti 1 Korentyen 6:9, 10 fè nou wè nan ki pwen yo te twonpe yo. Pou nou adore Bondye jan li renmen an, fòk pawòl nou ak ajisman nou yo fè l plezi. Èske fason w ap sèvi a pèmèt ou rive fè sa ? — Matye 15:8 ; 23:1-3.

19. Kouman vrè adorasyon an enfliyanse nou nan fason n ap trete lòt moun ?

19 Jan nou konpòte nou ak lòt moun ta dwe demontre nou respekte prensip Bondye yo tou. Jezi Kris te ankouraje nou trete lòt moun tankou nou ta renmen yo trete nou, paske sa fè pati vrè adorasyon an (Matye 7:12). Remake ki sa li te di tou sou afeksyon fratènèl : “ Se nan sa tout moun ap konnen nou se disip mwen, si nou gen lanmou antre nou. ” ​(Jan 13:35). Disip Jezi yo dwe renmen yo youn lòt, e yo dwe fè dibyen ak konpayèl yo nan lafwa ansanm ak lòt sanblab yo an jeneral. — Galat 6:10.

YON ADORASYON NOU BAY AK TOUT NANM NOU

20, 21. a) Ki kalite adorasyon Bondye reklame ? b) Poukisa Jewova te rejte adorasyon pèp Izrayèl nan epòk Malaki a ?

20 Petèt nan fon kè w, ou vle adore Bondye jan li renmen an. Si se sa, ou dwe chèche konnen panse Jewova sou kesyon adorasyon. Disip Jak te ensiste pou montre se panse Bondye ki enpòtan, se pa panse pa nou. Jak te di : “ Adorasyon pwòp e ki san tach selon Bondye Papa nou an, men li : pran swen òfelen ak vèv yo nan tribilasyon yo, epi evite pran tach bò kote monn nan. ” ​(Jak 1:27). Nan dezi pou nou fè Bondye plezi, nou chak bezwen egzamine byen si fason n ap adore a pa kontamine ak pratik ki kontrè ak volonte li oswa si nou pa neglije bagay ki vital nan je li. — Jak 1:26.

21 Se sèl yon adorasyon pwòp nou bay ak tout nanm nou ki fè Jewova plezi (Matye 22:37 ; Kolosyen 3:23). Lè nasyon Izrayèl pa t ba li kalite adorasyon sa a, Bondye te di : “ Yon pitit, li menm li onore papa l, e yon sèvitè onore gran mèt li. Kidonk, si m se yon papa, kote onè pa m nan ? E si m se yon Granmèt, kote lakrentif nou gen pou mwen an ? ” Yo t ap ofanse Bondye nan ofri l sakrifis zannimo je pete, zannimo domaje ak zannimo malad. Li te rejte fason adore sa a (Malaki 1:6-8). Jewova merite fòm adorasyon ki pi pwòp la, e sa li mande sèlman, se yon devosyon san pataj. — Egzòd 20:5 ; Pwovèb 3:9 ; Revelasyon 4:11.

22. Si nou vle Bondye asepte fason n ap adore a, ki sa nou dwe evite, e ki sa nou dwe fè ?

22 Samaritèn Jezi t ap pale avè l la sanble l t ap chèche adore Bondye kòmsadwa. Si nou gen menm dezi a, se pou nou evite tout ansèyman ak tout pratik kontamine (2 Korentyen 6:14-18). Okontrè se pou nou fè efò pou nou ranmase konesans egzak Bondye a, e pou nou fè volonte l. Se pou nou rete soude ak egzijans li yo pou nou kapab adore li fason ki fè l plezi a (1 Timote 2:3, 4). Se sa menm Temwen Jewova ap fè efò pou yo fè, e se ak tout kè yo yo ankouraje w vin fè tèt ansanm ak yo pou adore Bondye “ avèk lespri ak laverite ”. (Jan 4:24.) Jezi te di : “ Se moun konsa Papa a ap chèche pou adore l. ” ​(Jan 4:23). Nou espere ou se yon moun konsa. Pa gen dout, ou ta renmen gen lavi etènèl menm jan ak Samaritèn nan (Jan 4:13-15). Sepandan, ou konstate moun ap vyeyi, moun ap mouri. Chapit annapre a pral esplike nou pou ki rezon.

TESTE KONESANS OU

Dapre sa Jan 4:23, 24 montre, ki kalite adorasyon Bondye asepte ?

Kouman pou nou fè rive konnen si sèten koutim ak sèten fèt fè Bondye plezi ?

Èske ou ka site kèk nan bagay Bondye mande nan adorasyon li asepte a ?

[Kesyon]

[Gwo foto nan paj 44]