Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kenbe tèt ak fòs malentespri yo !

Kenbe tèt ak fòs malentespri yo !

Chapit 12

Kenbe tèt ak fòs malentespri yo !

1. Ki jan Jezi te reyaji lè l te an prezans espri mechan ?

IMEDYATMAN apre batèm Jezi Kris li te ale nan dezè Jida pou l lapriyè, pou l medite. Se la Satan Ledyab t ap chèche fè l vyole lalwa Bondye. Sepandan, Jezi te repouse tantasyon Dyab la, e li pa t kite l pran l nan pyèj. Pandan ministè Jezi sou tè a, li te konn fè fas ak lòt movèzespri tou. Men plizyè fwa li te blame yo, e li te kenbe tèt ak yo. — Lik 4:1-13 ; 8:26-34 ; 9:37-43.

2. Ki kesyon nou pral egzamine ?

2 Sa Bib la di sou rankont sa yo ta dwe konvenk nou fòs malentespri yo egziste toutbonvre. Y ap bat pou yo egare moun. Men, nou kapab kenbe tèt ak yo. Alòs, kote espri mechan sa yo soti ? Poukisa y ap chèche twonpe lèzòm ? Ak ki metòd yo sèvi pou yo rive jwenn sa yo vle a ? Repons kesyon sa yo pral ede w kenbe tèt ak fòs malentespri yo.

KI KOTE MOVÈZESPRI YO SOTI, KI BI YO ?

3. Kouman Satan Ledyab la fè egziste ?

3 Jewova Dye te fè yon foul kreyati envizib lontan anvan l te kreye moun (Jòb 38:4, 7). Tankou chapit 6 la te esplike, youn nan zanj sa yo te devlope dezi pou se li moun adore olye pou yo adore Jewova. Se nan pousuiv bi sa a zanj mechan an te kenbe tèt ak Kreyatè a, epi li te fè medizans sou li. Li te menm rive fè premye fanm nan mete nan tèt li Bondye se yon mantè. Kidonk, se nòmal pou kreyati envizib rebèl sa a vin pote non Satan (opozan) Ledyab (medizan). — Jenèz 3:1-5 ; Jòb 1:6.

4. Ki peche sèten zanj te fè nan epòk Noye a ?

4 Apre sa, gen lòt zanj ki te vin ranje kò yo bò kote Satan. Nan epòk Noye ki te yon nonm jis, te gen yon pati ladan yo ki te kite sèvis yo nan syèl la. Yo te pran yon kò moun pou satisfè dezi al nan kontak seksyèl ak fi sou tè a. Ou mèt si se Satan ki te pouse yo gen konduit rebèl sa a. Kwazman sa yo pwodui yon seri kreyati ibrid yo te rele Nefilim ki te brital e ki te sadik anmenmtan. Lè Jewova te fè delij dlo a vini, li te disparèt monn kòwonpi a ak tout desandan depaman ak lanati zanj dezobeyisan sa yo. Zanj rebèl yo te chape anba destriksyon an paske yo te defèt kò moun yo te pran an, epi yo te retounen nan monn envizib la. Men Bondye bòne aktivite demon yo, paske li kenbe yo kòm trèt nan gwo fènwa espirityèl (Jenèz 6:1-7, 17 ; Jid 6). Poutan, ni Satan “ chèf demon yo ”, ni zanj mechan ki avè l yo, ap pèsiste nan rebelyon yo a malgre sa (Lik 11:15). Ki bi yo ?

5. Ki bi Satan ak demon yo ap pousuiv, e ak ki sa yo sèvi pou yo twonpe moun ?

5 Bi pèvès Satan ak demon yo se fè moun vire do bay Jewova Dye. Diran tout Listwa moun sou tè a, kreyati malfezan sa yo pa sispann twonpe moun, ba moun laperèz, epi fè atak vyolan sou moun (Revelasyon 12:9). Nan tan pa nou an, gen bagay ki montre atak vyolan demon yo fèt ak plis raj pase nenpòt kilè. Souvan pou yo egare moun, demon yo konn sèvi ak espiritis sou divès fòm. Kouman demon yo sèvi ak zatrap sa a ? Kouman w ka pwoteje tèt ou ?

FASON MOVÈZESPRI YO FÈ POU ESEYE EGARE W

6. Ki sa espiritis vle di, e sou ki fòm li prezante ?

6 Ki sa espiritis ye ? Se kontak ak demon oswa movèzespri yo, kit se dirèkteman, kit se pa mwayen bòkò. Pou demon yo, espiritis se menm bagay ak manje zatrap chasè sèvi : li rale viktim mennen vini. Yon chasè sèvi ak tout kalite manje zatrap pou l pran zannimo nan pyèj. Konsa tou, movèzespri yo ankouraje tout kalite mòd espiritis pou rale moun vini anba pouvwa yo (gade Sòm 119:110). Espiritis la se kapab divinasyon, fè maji, entèpretasyon siy, voye sò sou moun, chame moun, al kay bòkò, e se kapab pale ak mò tou.

7. Èske espiritis se yon bagay yo pratike anpil ? Ki sa ki fè espiritis la jwenn siksè nan peyi swadizan kretyen yo ?

7 Lak la efikas paske espiritis atire moun toupatou sou tè a. Moun ki nan ti bouk andeyò al kay bòkò. Anplwaye biwo lavil pratike astwoloji. Sa mache byen pou espiritis la menm nan peyi swadizan kretyen. Ozetazini sèlman, rechèch revele gen 30 revi espesyalize nan divès kalite fòm espiritis ki pibliye nan yon tiraj total ki depase 10 milyon. Chak ane Brezilyen yo depanse plis pase 500 milyon dola nan bagay espiritis. Poutan, 80 % moun k ap frekante sant yo pratike espiritis nan peyi sa a, se katolik batize ki kontinye asiste lamès. Kòm gen kèk prèt ki lage kò yo nan espiritis, anpil kwayan panse se yon bagay ki fè Bondye plezi. Men èske se vre?

POUKISA BIB LA KONDANE PRATIK ESPIRITIS?

8. Ki sa Bib la di sou espiritis ?

8 Si yo te anseye w gen kèk fòm espiritis ki mete moun an kontak ak bon espri, w ap sezi aprann sa Bib la di sou sa. Men avètisman Jewova te bay pèp li a : “ Pinga n al kay bòkò, e pinga n al konsilte kay moun metye yo se anonse evènman ki pral rive pou yo pa fè nou vin enpwòp. ” ​(Levitik 19:31 ; 20:6, 27). Nan Bib la, liv Revelasyon an avèti nou “ moun ki pratike espiritis yo ” pral fini “ nan letan dife ak souf la. Sa reprezante dezyèm lanmò a [lanmò etènèl la] ”. (Revelasyon 21:8 ; 22:15.) Jewova Dye kondane tout kalite fòm espiritis (Detewonòm 18:10-12). Poukisa ?

9. Poukisa nou ka sètifye mesaj ki soti nan monn envizib nan tan nou an se pa Bondye ki voye yo ?

9 Jewova te konn voye bon espri, zanj ki jis, al pale ak kèk moun anvan Bib la te fin ekri nèt. Men, depi Bib la fin ekri a, se Pawòl Bondye ki bay lèzòm direksyon yo bezwen pou sèvi Jewova fason ki fè l plezi a (2 Timote 3:16, 17 ; Ebre 1:1, 2). Bondye pa mete Pawòl Sent li a sou kote pou l sèvi ak moun ki anba enfliyans movèzespri pou l voye mesaj. Nan tan nou an, tout mesaj ki soti nan monn envizib la se movèzespri ki voye yo. Si yon moun abitye nan pratike espiritis, sa kapab fè demon yo toumante l oswa li kapab menm vin yon moun movèzespri sele. Konsa, se lanmou ki fè Bondye ban nou avètisman kont tout kalite fòm espiritis (Detewonòm 18:14 ; Galat 5:19-21). Apa de sa, si nou pratike espiritis alòske nou konnen sa Jewova panse sou sa, se mete nou mete kò nou bò kote movèzespri rebèl yo e sa t ap fè nou vin lènmi Bondye. — 1 Samyèl 15:23 ; 1 Kwonik 10:13, 14 ; Sòm 5:4.

10. Ki sa divinasyon ye, e poukisa nou dwe evite l ?

10 Divinasyon se youn nan fòm espiritis ki pi popilè. Divinasyon an se chèche konnen lavni oswa sa ki enkoni ak konkou espri yo. Pami kèk fòm divinasyon gen astwoloji, fè lekti nan boul kristal, entèpretasyon rèv, li tras nan men moun, li nan kat. Anpil moun konsidere bagay sa yo tankou yon anmizman san danje, men Bib la montre divinò ak movèzespri mache men nan men. Paregzanp, Travay 16:16-19 pale de “ yon demon divinò ” ki te pèmèt yon sèvant fè “ metye prediksyon ”. Men, sèvant la te vin pèdi pouvwa pou l predi lavni lè yo te chase demon ki te sou li a. Sa ki klè sèke, divinasyon an se yon lak demon yo sèvi pou yo pran moun nan pyèj yo tann.

11. Poukisa chèche pale ak mò kapab jete moun nan pyèj ?

11 Si w nan lapenn akòz lanmò yon moun pa w, yon fanmi w, oubyen yon zanmi entim, gen yon lòt lak ou ka pran ladann fasil. Yon oungan kapab ba ou yon enfòmasyon espesyal, oubyen li kapab pale ak yon vwa ki sanble vwa defen an. Men atansyon ! Tout esèy w ap fè pou w pale ak mò ap fè w pran nan pyèj. Poukisa ? Paske mò pa ka pale. Siman ou raple w sa Pawòl Bondye a di sou sa. Li di apre lanmò, yon moun “ retounen nan tè li a ; nan menm jou a, panse l yo peri ”. Mò yo “ pa konn anyen ditou ”. (Sòm 146:4 ; Eklezyas 9:5, 10.) Plis ankò, demon yo an reyalite konn imite vwa moun mouri yo epi transmèt enfòmasyon bay divinò sou mò a (1 Samyèl 28:3-19). Konsa “ moun ki pale ak mò ” pran nan lak movèzespri yo, e li aji kont volonte Jewova Dye. — Detewonòm 18:11, 12; Izayi 8:19.

SOTI NAN LAK ANTRE NAN ATAK

12, 13. Ki sa k bay prèv demon yo kontinye ap twonpe moun e yo kontinye ap toumante moun ?

12 Lè w suiv konsèy Pawòl Bondye bay kont espiritis, se repouse ou repouse lak demon yo (gade Sòm 141:9, 10 ; Women 12:9). Èske sa vle di movèzespri yo pral sispann tann pyèj pou ou ? Jamè ! Apre Satan te fin tante Jezi twa fwa, li “ te rale kò l sou li jiska yon lòt moman konvnab ”. (Lik 4:13.) Menm jan an, demon tenas sa yo pa kontante yo pou yo tante moun, yo atake moun tou.

13 Raple w rale nou te fè deja sou atak Satan te fè kont Jòb sèvitè Bondye a. Dyab la te fè Jòb pèdi bèt li yo e li te touye prèske tout sèvitè l yo. Satan te menm touye tout pitit Jòb yo. Annapre, li te voye yon maladi sou Jòb ki te fè l soufri anpil. Men, Jòb te kenbe Bondye fidèl, li te resevwa anpil benediksyon (Jòb 1:7-19 ; 2:7, 8 ; 42:12). Depi lè a, demon fè moun bèbè, oubyen yo fè moun avèg, e yo kontinye pran plezi nan soufrans lèzòm (Matye 9:32, 33 ; 12:22 ; Mak 5:2-5). Jodi a gen rapò ki demontre demon yo pa sispann tingting moun nan domèn seksyèl, gen lòt moun yo fè vin fou. Gen lòt ankò yo pouse touye moun oswa touye tèt yo, alòske tou sa se peche kont Bondye (Detewonòm 5:17 ; 1 Jan 3:15). Nanpèch, plizyè milye moun ki te pran nan pyèj movèzespri rive jwenn libète. Kouman sa te fè posib pou yo ? Pou yo te rive fè sa yo te pran dispozisyon ki esansyèl.

KOUMAN POU W KENBE TÈT AK MOVÈZESPRI YO

14. Ann akò ak egzanp kretyen Efèz premye syèk yo kouman ou kapab kenbe tèt ak movèzespri yo ?

14 Ki fason ou kapab kenbe tèt ak movèzespri yo ? Ki jan ou ka pwoteje tèt ou ak fanmi w kont pyèj yo tann pou ou ? Nan premye syèk la, kretyen Efèz yo, ki te abitye sèvi movèzespri anvan yo te vin kwayan, te pran kèk bonjan dispozisyon. Men sa nou li : “ Anpil nan moun ki te konn pratike syans maji te rasanble liv yo te genyen, e yo te boule yo devan tout moun. ” ​(Travay 19:19). Menmsi ou pa janm nan espiritis, jete tout bagay ki gen rapò ak sa. Se kapab liv, revi, kasèt videyo, foto, mizik anrejistre, oubyen tout bagay ki konn sèvi nan espiritis. Pami sa ki ladan yo tou gen idòl, pote gad ak lòt bagay konsa moun pote pou pwoteksyon, plis bagay moun ki abitye nan espiritis te fè w kado (Detewonòm 7:25, 26; 1 Korentyen 10:21). Annou pran egzanp yon mari ak madanm li nan peyi Tayilann demon te fè lontan ap toumante. Finalman toulede te jete tout bagay ki gen rapò ak espiritis. Sa yo te konstate ? Yo te delivre anba atak demon yo, apresa yo te fè bonjan pwogrè espirityèl.

15. Pou kenbe tèt ak fòs malentespri yo ki lòt mezi ki nesesè ?

15 Nan dispozisyon pou kenbe tèt ak movèzespri yo, yon lòt pa ki nesesè se mete tout ekipman lagè espirityèl Bondye bay yo sou nou, jan apòt Pòl konseye a (Efezyen 6:11-17). Kretyen yo dwe ranfòse mwayen defans yo kont espri mechan yo. Kouman ? Pòl te di : “ Sitou, pran gwo boukliye lafwa a ki kapab pèmèt nou etenn tout boulèt flanm mechan an. ” Natirèlman, plis lafwa w pi solid, se plis w ap kapab kenbe tèt ak fòs malentespri yo. — Matye 17:14-20.

16. Kouman ou kapab fòtifye lafwa w ?

16 Kouman ou kapab fòtifye lafwa w ? Se nan kontinye etidye Labib e nan kontinye mete konsèy li yo an pratik nan lavi w. Fòs lafwa yon moun depann anpil de solidite bagay lafwa a chita sou li a, sa vle di konesans Bondye a. Èske w dakò konesans egzak ou vin genyen grasa etid Labib ou pran oserye a bati lafwa w (Women 10:10, 17) ? Pa gen dout, si w kontinye etid la e si w pran abitid asiste reyinyon Temwen Jewova yo, sètènman lafwa ou ap fòtifye plis toujou (Women 1:11, 12 ; Kolosyen 2:6, 7). L ap tankou yon ranpa kont atak demon yo. — 1 Jan 5:5.

17. Ki lòt dispozisyon ankò ki nesesè pou w kenbe tèt ak fòs malentespri yo ?

17 Ki lòt dispozisyon yon moun ki detèmine pou l kenbe tèt ak fòs malentespri yo dwe pran ? Kretyen Efèz yo te bezwen pwoteksyon paske abitid sèvi demon te pouri lavil la. Pòl te di yo : “ Priye nan tout okazyon, ann espri. ” ​(Efezyen 6:18). Piske n ap viv nan yon monn pouri ak demon, lesansyèl se pou nou lapriyè fò pou Bondye ka ban nou pwoteksyon, e pou nou menm nou ka kenbe tèt ak espri mechan yo (Matye 6:13). Nou ka benefisye èd espirityèl ak lapriyè ansyen nan kongregasyon an tou. — Jak 5:13-15.

KONTINYE LITE KONT MOVÈZESPRI YO

18, 19. Ki sa yon moun kapab fè si demon retounen vin toumante l ?

18 Menm lè kèk moun fin pran dispozisyon esansyèl sa yo, gen nan yo movèzespri kontinye toumante toujou. Paregzanp, nan peyi Kòtdivwa, yon mesye ki t ap etidye Labib ak Temwen Jewova te detwi tout fetich li te genyen. Apre sa, li te fè bèl pwogrè, li vwe Jewova lavi li, li batize. Men, yon semèn apre batèm li, demon yo te rekòmanse toumante l, e li te tande vwa ki t ap di li se pou l lage lafwa li fèk genyen an. Si sa ta rive w, èske sa ta vle di ou pèdi pwoteksyon Jewova pou sa ? Pa nesesèman.

19 Aktout Jezi Kris te yon òm pafè ki te gen pwoteksyon Bondye, li te tande vwa Satan Ledyab, kreyati espirityèl mechan an. Jezi te montre ki sa pou yon moun fè nan yon ka konsa. Li te di Dyab la : “ Al fè wout ou, Satan. ” ​(Matye 4:3-10). Se menm jan an tou, ou ta dwe derefize koute vwa ki soti nan monn espirityèl la. Pou w kenbe tèt ak movèzespri yo, rele Jewova pote w sekou. Wi, leve vwa w, lapriyè fò, nonmen non Jewova. Pwovèb 18:10 di : “ Non Jewova se yon fòtrès solid. Moun ki jis la kouri antre anndan l, e li jwenn pwoteksyon. ” Se sa kretyen peyi Kòtdivwa a te fè, e movèzespri yo te kite l an repo. — Sòm 124:8 ; 145:18.

20. An rezime, ki sa w kapab fè pou w kenbe tèt ak movèzespri yo ?

20 Jewova pèmèt movèzespri yo vivan toujou, men li demontre pisans li, sitou an favè sèvitè l yo, e sa fè non li pibliye sou tout tè a (Egzòd 9:16). Si w rete pre Bondye, ou pap bezwen krenn movèzespri (Nonb 23:21, 23 ; Jak 4:7, 8 ; 2 Pyè 2:9). Pouvwa yo pa long. Nan tan Noye a yo te resevwa yon chatiman. Dènyèman, yo pouse do yo mete yo deyò nan syèl la, epi kounye a y ap tann jijman final la (Jid 6 ; Revelasyon 12:9 ; 20:1-3, 7-10, 14). An reyalite, yo pè destriksyon k ap tann yo a (Jak 2:19). Konsa, kit demon yo ap chèche pran w nan lak, kit yo atake w divès fason, ou kapab kenbe tèt ak yo (2 Korentyen 2:11). Rejte tout fòm espiritis, mete konsèy Pawòl Bondye a an pratik epi chèche pou Jewova dakò avè w. Fè tou sa san pèdi tan, paske lavi w depann de jan ou kenbe tèt ak fòs malentespri yo !

TESTE KONESANS OU

Ki sa movèzespri yo fè pou eseye egare moun ?

Poukisa Bib la kondane espiritis ?

Ki sa yon moun kapab fè pou l soti anba pouvwa fòs malentespri yo ?

Poukisa nou dwe kenbe tèt ak movèzespri yo ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 110]

Ki jan w regade divès fòm espiritis yo ?