Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa defen nou te renmen yo devni ?

Ki sa defen nou te renmen yo devni ?

Chapit 9

Ki sa defen nou te renmen yo devni ?

1. Ki jan yon moun santi li lè l pèdi yon moun li li renmen ?

“ NOU SOUFRI lè lanmò pase pran yon moun pa nou, paske mouri se disparèt pou w kite yon twou vid san esplikasyon. ” Se sa yon pitit gason te di lè papa l ak manman l te mouri youn dèyè lòt. Li te santi “ chagren ap tiye l ”, tèlman doulè a te rèd, tèlman se te yon gwo pèd. Petèt ou menm tou ou te deja soufri konsa. Ou kapab ap mande w ki kote defen ou te renmen yo ye e si yon jou w ap wè yo ankò.

2. Ki kesyon anbarasan moun poze sou lanmò ?

2 Gen papa ak manman nan lapenn ki tande moun di yo : “ Bondye keyi pi bèl flè yo pou l mete yo nan syèl bò kote l. ” Èske se vre ? Èske defen nou te renmen yo ale nan yon wayòm espirityèl ? Èske se sa sèten moun rele nivana yo dekri kòm yon eta byennèt, kote ou pa santi okenn doulè ak okenn anvi ? Moun nou renmen yo, èske yo franchi yon pòt ki louvri sou lavi imòtèl nan paradi a ? Oubyen tankou dòt panse, èske lanmò pimpe moun ki ofanse Bondye yo nan yon touman etènèl ? Èske mò yo ka enfliyanse lavi nou ? Pou nou jwenn repons kesyon sa yo, se pou nou konsilte Bib la, Pawòl Bondye a.

KI SA “ LESPRI ” KI NAN LÈZÒM NAN YE ?

3. Ki opinyon Sokrat ak Platon sou lanmò, e ki enfliyans sa genyen sou moun jodi a ?

3 Sokrat ak Platon, de filozòf grèk nan tan lontan, te kwè gason ak fanm gen yon bagay imòtèl nan yo, yon nanm, ki rete vivan apre lanmò, ki pa janm mouri vrèman. Jodi a gen plizyè milyon moun ki dakò ak lide sa a nan lemonnantye. Souvan kwayans sa a fè moun pè mò, otan li fè moun gen sousi pou byennèt mò. Sepandan, ansèyman Bib la ban nou sou moun ki mouri se pa menm bagay ditou ditou.

4. a) Ki sa liv Jenèz la di nou sou nanm? b) Ki sa Bondye te mete nan Adan pou ba li lavi ?

4 Konsènan sitiyasyon mò yo, fò nou sonje premye zansèt nou Adan pa t gen yon nanm. Li te yon nanm. Pou Bondye te kreye lòm, nanm nan, li te fè yon aksyon enpresyonan. Li te fòme l apati de eleman ki soti nan rasin tè a. Apresa li te soufle “ souf lavi a ” nan li. Men sa nou li nan Jenèz 2:7 : “ Jewova Dye te fòme lòm ak pousyè tè, epi li te soufle souf lavi a nan twou nen l, e lòm te vin tounen yon nanm vivan. ” Respirasyon te pèmèt Adan rete an vi. Men lè Bondye te mete souf lavi a nan Adan, se pa sèlman enpe lè li te mete nan poumon nonm nan. Bib la pale de “ fòs lavi ” k ap aji nan kreyati k ap viv sou tè a. — Jenèz 7:22.

5, 6. a) Ki sa “ fòs lavi ” a ye ? b) Ki sa ki pase lè “ lespri ” Sòm 146:4 pale a sispann aji nan kò a ?

5 Ki sa “ fòs lavi ” a ye ? Se tensèl esansyèl lavi a Bondye te mete nan kadav kò Adan an. Ansuit respirasyon te soutni fòs sa a. Men, e lespri yo pale nan Sòm 146:4 la ? Sa l ye ? Anpalan de moun ki mouri, vèsè a di : “ Lespri li soti, li retounen nan tè li a. Nan menm jou a, panse l yo peri. ” Lè ekriven Bib la te itilize mo “ lespri ” nan sans sa a, yo pa t gen nan tèt yo yon nanm ki pa ka mouri, k ap kontinye viv apre kò a fin mouri.

6 “ Lespri ” ki kite moun lè yo mouri a se fòs lavi ki soti nan kreyatè nou an (Sòm 36:9 ; Travay 17:28). Fòs lavi sa a pa gen okenn nan trè tanperaman moun li nan li a. Se menm jan pou kouran elektrik. Kouran elektrik pa gen okenn trè aparans aparèy l ap fè mache a. Lè yon moun mouri, lespri a (fòs lavi a) sispann aji nan sèlil ki nan kò a, tankou limyè ki etenn lè yo pran kouran. Lè fòs lavi a pa soutni kò a ankò, moun nan, ki vle di nanm nan, mouri. — Sòm 104:29 ; Eklezyas 12:1, 7.

“ W AP RETOUNEN NAN POUSYÈ ”

7. Ki sa k ta rive Adan si l ta dezobeyi Bondye ?

7 Jewova te byen esplike sa lanmò ta vle di pou Adan, pechè a. Bondye te di : “ Se pou swè koule nan figi w pou w jwenn pen pou w manje jiskaske w retounen nan tè a, paske se ladann ou te soti. Paske ou se pousyè, e w ap retounen nan pousyè. ” ​(Jenèz 3:19). Ki kote pou Adan ta retounen ? Nan tè, nan pousyè yo te pran pou yo te kreye l la. Lè Adan ta mouri li ta annik sispann egziste tou senpleman.

8. Nan ki sans antanke nanm lèzòm pa siperyè zannimo ?

8 Sou pwen sa a lanmò lèzòm pa distenge ak lanmò zannimo. Se nanm yo ye tou, epi se menm lespri oubyen menm fòs lavi a k ap aji nan yo (Jenèz 1:24). Salomon, nonm saj la, di nou nan Eklezyas 3:19, 20 : “ Jan youn mouri, se konsa lòt la mouri. Yo tout gen menm lespri a. Se sa ki fè lòm pa siperyè bèt (...). Yo tout al menm kote. Yo tout soti nan pousyè, e yo tout ap retounen nan pousyè. ” Moun siperyè bèt paske yo te kreye li pòtre ak Bondye, sa vle di li gen reflè bon kalite Jewova genyen yo (Jenèz 1:26, 27). Men lè yo mouri, ni moun, ni zannimo, retounen nan pousyè a menm jan.

9. Nan ki eta moun mouri yo ye, e ki bò yo ale ?

9 Apre sa, men ki jan Salomon esplike sa lanmò ye : “ Vivan yo konnen y ap mouri, men mò yo, yo menm, yo pa konn anyen ditou. ” Se vre, mò yo pa konn anyen menm. Parapò a sa, Salomon bay egzòtasyon sa a : “ Tou sa men w jwenn pou l fè, fè li ak fòs ou genyen an, paske pa gen ni zèv, ni pwojè, ni konesans, ni sajès nan cheyòl kote w prale a. ” ​(Eklezyas 9:5, 10). Ki kote mò yo ale ? Nan cheyòl (ebre, she’òl), tonm tout moun ale a. Defen nou te renmen yo pa gen konsyans anyen k ap pase. Yo pap soufri, ni yo pa ka gen okenn enfliyans sou nou.

10. Poukisa nou ka di lanmò pa yon pwen final ?

10 Èske nou menm ak moun nou renmen yo dwe viv kèk ane sèlman, epi apresa pou nou sispann viv nèt nèt ? Se pa sa Bib la di. Omoman rebelyon Adan an, Jewova te pran dispozisyon imedyat pou l pote remèd nan boulvès terib peche pote yo. Lanmò pa t nan pwogram Bondye pou limanite (Ezekyèl 33:11 ; 2 Pyè 3:9). Lanmò pa oblije yon pwen final pou nou ak moun nou renmen yo.

“ NAN DÒMI ”

11. Ki jan Jezi te esplike nan ki eta Laza, zanmi l ki te mouri a, te ye ?

11 Jewova gen nan pwogram li pou l delivre nou ansanm ak defen nou te renmen yo anba lanmò Adan kite a. Se sa ki fè Pawòl Bondye di mò yo nan dòmi. Paregzanp, lè Jezi te aprann lanmò Laza, zanmi l, li te di disip li yo : “ Laza, zanmi nou an nan dòmi, men mwen pral laba a pou m reveye l nan somèy li a. ” Piske Jezi wè disip yo pa t konprann sans pawòl li yo tousuit, li te di yo kareman : “ Laza mouri. ” ​(Jan 11:11, 14). Apre sa, li te ale nan lavil Betani kote Mat ak Mari, sè Laza yo, t ap kriye pou frè yo ki te mouri a. Lè Jezi te sètifye bay Mat : “ Frè w la pral resisite ”, Mat te montre li gen lafwa nan pwogram Bondye pou pote remèd pou kraze konsekans lanmò genyen sou tout limanite. Li te di : “ Mwen konnen l ap resisite nan rezirèksyon an odènye jou. ” — Jan 11:23, 24.

12. Ki espwa Mat te genyen konsènan mò yo ?

12 Mat pa t ap pale ditou de yon nanm imòtèl k ap viv yon lòt kote apre lanmò. Li pa t kwè Laza te deja ale nan yon wayòm espirityèl kèlkonk pou li kontinye viv. Mat te gen lafwa nan bèl espwa yon rezirèksyon pou mò yo. Li pa t vle di li konprann Laza gen yon nanm imòtèl ki te kite kò li. Men li te vle di, defen frè li a te sispann egziste. Sèl remèd la se ta rezirèksyon frè li a.

13. Ki pouvwa Bondye te bay Jezi, e ki jan Jezi te demontre li gen pouvwa sa a ?

13 Se Jezi Kris Jewova Dye anchaje pou rachte limanite (Ocheya 13:14). Se poutètsa Jezi te reponn Mat : “ Mwen se rezirèksyon an ak lavi a. Yon moun ki demontre lafwa nan mwen, menmsi l mouri, l ap jwenn lavi. ” ​(Jan 11:25). Lè Jezi te ale sou tonm Laza ki te mouri depi kat jou, epi li te reba l lavi, li te demontre Bondye ba li pouvwa nan kesyon an (Jan 11:38-44). Imajine lajwa moun ki te asiste rezirèksyon sa a, oubyen ki te prezan nan lòt rezirèksyon ankò Jezi Kris te fè ! — Mak 5:35-42 ; Lik 7:12-16.

14. Poukisa rezirèksyon ak lide yon nanm imòtèl, pa ka mache ansanm ?

14 Annou rete yon ti moman sou lide sa a : Pèsonn pa t ap bezwen yo resisite l oubyen reba li lavi, si yon nanm imòtèl te kontinye viv apre lanmò. An reyalite, se pa t ap yon jès bonte pou yo resisite yon moun tankou Laza pou fè l retounen sou tè a nan lavi peche a, si l te deja resevwa yon mèveye rekonpans nan syèl. Anfèt, Bib la pa janm itilize pawòl “ nanm imòtèl ”. Okontrè, Pawòl Bondye a di nanm imen ki peche a mouri toutbonvre (Ezekyèl 18:4, 20). Kidonk dapre sa Bib la endike, inik remèd pou lanmò se rezirèksyon.

“ TOUT MOUN KI NAN TONM SOUVNI YO ”

15. a) Ki sa mo “ rezirèksyon ” an vle di ? b) Poukisa sa pa pwoblèm pou Jewova pou l resisite chak moun ?

15 Mo “ rezirèksyon ” disip Jezi yo te itilize a vle di, mo pou mo, “ leve ” oubyen “ kanpe debou ”. Sa vle di leve soti nan eta kadav yon moun te ye, pou l kanpe debou an deyò tonm tout moun ale a. Bondye kapab resisite yon moun fasilman. Poukisa ? Paske Jewova se sous lavi. Jodi a moun kapab anrejistre vwa gason ak vwa fanm ak tout pòtre yo sou kasèt videyo, e yo ka repase anrejistreman sa yo apre lanmò moun nan. Se sèten, Kreyatè Toupisan nou an kapab anrejistre tout ti detay sou chak moun nan memwa li, e li kapab resisite menm moun nan oswa bati yon kò tounèf pou li.

16. a) Ki pwomès Jezi te fè pou moun ki nan tonm souvni yo ? b) Ki sa k pral di ki kalite rezirèksyon yon moun ap benefisye ?

16 Jezi Kris te di : “ Lè a rive kote tout moun ki nan tonm souvni yo pral tande vwa li [vwa Jezi], epi y ap soti. Sa ki te fè bon bagay ap soti pou yon rezirèksyon lavi, sa ki te pratike bagay avilisan ap soti pou yon rezirèksyon jijman. ” ​(Jan 5:28, 29). Tout moun Jewova kenbe souvni yo nan memwa li pral resisite, yo pral enstwi nan chemen l yo. Pou moun ki aji konfòm ak konesans Bondye a, rezirèksyon sa a pral tounen yon rezirèksyon pou lavi. Men pou moun ki rejte ansèyman Bondye ak tout dominasyon l, se pral yon rezirèksyon jijman, yon jijman kondanasyon.

17. Ki moun ki pral resisite ?

17 Natirèlman, sèvitè Jewova ki te konn pratike bagay dwat yo ap resisite. Anfèt, espwa rezirèksyon an te rann anpil nan yo fèm an fas lanmò, menm nan pèsekisyon vyolan. Yo te konnen Bondye kapab reba yo lavi (Matye 10:28). Men, gen plizyè milyon moun ki mouri san yo pa t gentan demontre si yo ta viv ann akò ak prensip dwat Bondye yo. Yo pral resisite tou. Se konfyans apot Pòl nan pwogram Bondye sou sijè a, ki fè l te di : “ Mwen gen espwa sa a nan Bondye (...) pral gen yon rezirèksyon, ni pou moun ki jis, ni pou moun ki enjis. ” — Travay 24:15.

18. a) Ki vizyon apot Jan te resevwa sou rezirèksyon an ? b) Ki sa ki pral detwi nan “ letan dife a ”, e ki sa “ letan ” sa a reprezante ?

18 Apot Jan te resevwa yon vizyon touchan anpil apwopo moun resisite yo ki kanpe debou devan twòn Bondye a. Apre li te ekri : “ Lanmè a te rann mò ki te ladann yo, ni lanmò ni adès te rann mò ki te nan yo, epi yo te jije yo chak apa selon aksyon yo. E yo te jete ni lanmò ni adès nan letan dife a. Letan dife a reprezante dezyèm lanmò a. ” ​(Revelasyon 20:12-14). Reflechi sou sa ! Tout mò Bondye konsève souvni yo nan memwa l gen posiblite soti nan adès (grèk : haidès), oswa cheyòl, tonm tout moun ale a (Sòm 16:10 ; Travay 2:31). Dapre aksyon yo, yo pral gen posiblite demontre si yo vle sèvi Bondye. Apresa, yo pral jete “ ni lanmò ni adès ” nan sa yo rele “ letan dife a ”, ki reprezante yon destriksyon total, menm jan ak mo “ jeyèn ” nan. (Lik 12:5.) Tonm tout moun ale a pral devide, l ap sispann egziste lè rezirèksyon an tèmine. Ala ankourajan sa ankourajan ! Grasa Bib la nou aprann Bondye pap toumante pèsonn moun. — Jeremi 7:30, 31.

REZIRÈKSYON POU KI BÒ ?

19. Poukisa sèten moun ap resisite pou viv nan syèl, e ki kalite kò Bondye pral ba yo ?

19 Gen yon kantite moun fiks, gason kon fanm, ki pral resisite pou viv nan syèl. An kalite wa ak prèt avèk Jezi, yo pral kolabore pou elimine tout efè peche ak lanmò limanite eritye nan Adan, premye òm nan (Women 5:12 ; Revelasyon 5:9, 10). Konbyen moun Bondye pral pran nan syèl pou gouvènen ak Kris ? Sèlman 144 000 dapre Bib la (Revelasyon 7:4 ; 14:1). Jewova pral bay chak moun resisite sa yo yon kò espirityèl pou yo ka viv nan syèl. — 1 Korentyen 15:35, 38, 42-45 ; 1 Pyè 3:18.

20. Ki sa moun obeyisan yo ak tout moun ki pral resisite ap benefisye ?

20 Pifò mò yo pral resisite pou viv nan yon paradi sou tè a (Sòm 37:11, 29 ; Matye 6:10). Youn nan rezon ki fè sèten moun resisite pou al nan syèl, se pou pwogram Bondye pou tè a ka reyalize nèt nèt. Detan nan syèl, Jezi Kris ak 144 000 yo pral ede moun obeyisan yo, timoso pa timoso, pou yo rejwenn lavi pafèt premye paran nou yo te rejte a. Pami moun sa yo ap gen moun ki resisite yo, selon jan Jezi te endike nan pawòl li te di nonm ki t ap agoni sou poto bò kote l la : “ W ap avèk mwen nan Paradi a. ” — Lik 23:42, 43.

21. Dapre pwofèt Izayi ak apot Jan ki sa k apral rive lanmò ?

21 Nan paradi sou tè a, lanmò k ap fè moun fè mouvman nil jodi a pral disparèt (Women 8:19-21). Pwofèt Izayi te di Jewova “ pral anglouti lanmò pou tout tan ”. (Izayi 25:8.) Apot Jan te resevwa yon vizyon sou epòk moun obeyisan pral libere anba doulè ak lanmò. Wi, “ Bondye li menm ap avèk yo. Epi li pral siye tout dlo nan je yo, e lanmò pap la ankò, dèy, rèl, doulè pap la ankò. Bagay ansyen tan yo disparèt. ” — Revelasyon 21:1-4.

22. Ki efè konesans rezirèksyon an fè sou ou ?

22 Ansèyman trè klè Bib la bay la efase tout konfizyon sou sa mò yo devni. Pawòl Bondye a di karebare lanmò se “ dènye lènmi ” ki pral detwi (1 Korentyen 15:26). Se pa ti fòs e se pa ti ankourajman nou pran nan konesans sou espwa rezirèksyon an ! E ala kontan nou kontan aprann defen nou te renmen yo, defen Bondye konsève nan memwa l yo, pral reveye nan somèy lanmò ! Sa pral pèmèt yo benefisye tout bon bagay Bondye rezève pou moun ki renmen l yo (Sòm 145:16). Benediksyon sa yo pral tounen reyalite grasa Wayòm Bondye a. Men ki lè rèy li a te dwe kòmanse ? Se sa nou pral wè.

TESTE KONESANS OU

Ki sa lespri ki nan lèzòm nan ye ?

Ki sa w ta di sou eta mò yo ?

Ki moun k ap resisite ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 85]

Menm jan ak Laza Jezi te fè soti anndan tonm nan, gen plizyè milyon moun ki pral resisite.

[Foto nan paj 86]

Lajwa pral gaye lè ‘ Bondye anglouti lanmò pou tout tan ’.