Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kilès ki vrè Bondye a ?

Kilès ki vrè Bondye a ?

Chapit 3

Kilès ki vrè Bondye a ?

1. Poukisa anpil moun dakò ak premye pawòl ki nan Bib la ?

LÈ w ap admire syèl la ak tout pil etwal yo yon lannuit klè, ou pa santi w anvi rete bouch ouvè ? Dapre ou menm, kouman yo fè la ? E tout sa k ap viv sou tè a : flè tout kalite koulè, zwazo k ap chame moun ak bèl chante, katafal balèn k ap sote nan gwo lanmè ? Nou ta ka kontinye site san rete. Tout bagay sa yo pa ta ka la pa aza. Se pa etonan si anpil moun dakò ak premye pawòl sa yo nou jwenn nan Bib la : “ Okòmansman Bondye te kreye syèl la ak tè a. ” — Jenèz 1:1.

2. Ki sa Bib la di de Bondye, e ki sa li ankouraje nou fè ?

2 Kesyon Bondye a mete gwo gwo divizyon nan mitan lèzòm. Gen moun ki panse li se yon pisans, li pa yon moun. Plizyè milyon moun adore gran zansèt yo paske yo kwè Bondye twò lwen pou moun ta ka pale avè l. Men Bib la fè konnen Bondye se yon pèsonaj reyèl li ye, e kanta pou pran ka nou chak, sa enterese l anpil. Se pou rezon sa a Bib la ankouraje nou ‘ chèche Bondye ’, paske li di ‘ li pa lwen nou chak. ’ — Travay 17:27.

3. Poukisa li enposib pou nou fè yon pòtre Bondye ?

3 Ki aparans Bondye ? Kèk nan sèvitè l yo ki te wè laglwa prezans li nan vizyon, te wè li prezante sou fòm yon moun ki chita sou yon twòn klere ak yon limyè enpresyonan. Men moun ki te fè vizyon sa yo pa janm di yo te wè yon figi aklè (Danyèl 7:9, 10 ; Revelasyon 4:2, 3). Nou konprann sa, paske “ Bondye se yon Espri ”, li pa gen yon kò fizik (Jan 4:24). An reyalite li enposib pou nou ta fè pòtre Kreyatè nou an, epi pou l ta egzak, paske “ pèsonn moun pa janm wè Bondye ”. (Jan 1:18 ; Egzòd 33:20.) Epoutan Bib la aprann nou anpil bagay sou Bondye.

VRÈ BONDYE A GEN YON BON NON

4. Site kèk tit nan Bib la ki kadre ak Bondye.

4 Gen plizyè fason nan Bib la yo idantifye vrè Bondye a. Nou jwenn “ Bondye Toupisan ”, “ Trèwo ”, “ Gran Kreyatè ”, “ Gran Pwofesè ”, “ Seyè Souvren ”, “ Wa letènite ”. (Jenèz 17:1 ; Sòm 50:14 ; Eklezyas 12:1 ; Izayi 30:20 ; Travay 4:24 ; 1 Timote 1:17.) Si nou pran tan pou nou reflechi sou tit sa yo, n ap aprann plis toujou sou Bondye.

5. Ki bon non Bondye, e konbyen fwa nou jwenn li make nan Ekriti ann ebre yo ?

5 Poutan, Bondye gen yon sèl grenn bon non ki parèt prèske 7 000 fwa nan Ekriti ann ebre yo, pi souvan pase nenpòt lòt tit li yo. Sa gen 1 900 ane, yon sipètisyon te fè Jwif yo sispann nonmen bon non Bondye a. Kòm se san vwayèl yo te konn ekri lang ebre nan Bib la, li vin enposib pou moun konnen ki jan egzakteman Moyiz, David, oubyen lòt fidèl lontan yo te konn pwononse kat konsòn (יהוה) ki fòme bon non Bondye a. Dapre kèk biblis, petèt yo te konn pwononse bon non Bondye “ Yawe ” oswa “ Yave ”, men yo pa ka fin si de sa. An kreyòl se avèk pwononsyasyon “ Jewova ” a yo sèvi depi yon bon bout tan, e se konsa jodi a yo pwononse korespondan non sa a nan anpil lòt lang. — Gade Egzòd 6:3 ak Izayi 26:4 nan Bible de Crampon (1905).

POUKISA W TA DWE SÈVI AK BON NON BONDYE A ?

6. Ki sa Sòm 83:18 di de Jewova, e poukisa nou ta dwe sèvi ak bon non sa a ?

6 Inik bon non Bondye a, Jewova, pèmèt yo distenge l de tout lòt dye yo. Se sa ki fè nou jwenn non sa a souvan konsa nan Bib la, sitou nan pati ki ann ebre a. Gen yon pil tradiktè Bib ki pa sèvi ak bon non Bondye a. Poutan Sòm 83:18 di klè : “ Ou menm ki rele Jewova, se ou menm sèl ki Trèwo sou tout tè a ! ” Konsa, se nòmal pou nou sèvi ak bon non Bondye lè n ap pale de li.

7. Ki sa siyifikasyon non Jewova aprann nou sou li ?

7 Non Jewova a se fòm yon vèb nan lang ebre ki vle di “ devni ”. Konsa, bon non Bondye a vle di “ Li fè devni ”. Jewova idantifye tèt li kòm Bondye ki gen yon gran pwogram pou l reyalize. Depi l deside yon bagay li toujou fè l tounen reyalite. Se sèl vrè Bondye a ki gen tout dwa pou l pote yon non konsa, paske lèzòm pa ka janm gen asirans pwojè yo fè ap reyalize (Jak 4:13, 14). Se sèl Jewova ki kapab di : “ Se konsa sa pral ye pou pawòl mwen ki sot nan bouch mwen. (...) Avèk sètitid l ap reyisi nan sa ki fè m te voye l la” — Izayi 55:11.

8. Jewova te sèvi ak Moyiz pou l te anonse ki pwogram ?

8 Gran zansèt Ebre yo, Abraram, Izarak ak Jakòb, te ‘ envoke non Jewova ’ yo chak. Men yo pa t byen konprann tout konsekans non Bondye a genyen (Jenèz 21:33 ; 26:25 ; 32:9 ; Egzòd 6:3). Apre sa, lè Jewova te devwale desizyon li pou libere pèp Izrayèl, desandan yo, nan esklavaj ann Ejip pou l ba yo “ yon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule ”, petèt sa te sanble enposib (Egzòd 3:17). Men, Bondye te demontre siyifikasyon etènèl bon non li a, lè l te di Moyiz, pwofèt li a : “ Men sa w pral di pitit Izrayèl yo : ‘ Jewova, Bondye zansèt nou yo, Bondye Abraram, Bondye Izarak, Bondye Jakòb la, voye m kote nou’ Se non m sa pou tan endefini, e se moniman m jenerasyon apre jenerasyon” — Egzòd 3:15.

9. Kouman Farawon te regade Jewova ?

9 Moyiz te mande Farawon, wa peyi Ejip, pou l kite Izrayelit yo al adore Jewova nan dezè a. Men Farawon, ki adoratè dye ejipsyen yo, moun te konn pran pou yon dye tou, te reponn : “ Kilès ki Jewova a pou mwen ta obeyi lè l pale, pou mwen ranvwaye Izrayèl la ? Mwen pa konn Jewova ditou. Dayè, mwen pap ranvwaye Izrayèl” — Egzòd 5:1, 2.

10. Ki aksyon Jewova te fè nan peyi Ejip lontan an pou reyalize pwogram li konsènan Izrayelit yo ?

10 Jewova te antreprann yon aksyon mach pa mach pou l reyalize objektif li genyen an ann akò ak siyifikasyon bon non li a. Li te lage dis plè sou pèp Ejipsyen lontan an. Dènye plè a te touye tout premye pitit nan peyi Ejip, menm pitit Farawon ògeye a. Ejipsyen yo te vin about. Konsa yo te pi anvi wè Izrayelit yo pati. Sepandan, gen nan Ejipsyen yo pisans Jewova te tèlman fè enpresyon sou yo, yo te deside kite Ejip pou yo akonpaye Izrayelit yo. — Egzòd 12:35-38.

11. Ki mirak Jewova te fè nan lanmè Wouj, e ki sa lènmi yo te oblije rekonèt ?

11 Farawon tèt di a ak lame li a, ki gen plizyè santèn cha de gè, te soti pou repran esklav li yo. Pandan Ejipsyen yo t ap vanse sou yo, Bondye fè yon mirak. Li fann lanmè Wouj yon fason pou Izrayelit yo ka travèse sou tè sèk. Pandan moun ki t ap pousuiv Izrayelit yo foure kò yo nan pas lanmè a, Jewova te “ rache wou nan cha yo, se sa ki fè yo te kondi yo ak difikilte ”. Sòlda ejipsyen yo te tonbe rele : “ Ann wete kò nou, ann evite tout kontak avèk Izrayèl, paske Jewova ap konbat toutbonvre pou yo kont Ejipsyen yo” Men li te twò ta. Kokennchenn miray dlo yo te plonje desann, epi “ yo te kouvri cha de gè yo ak tout kavalye ki fè pati fòs lame militè Farawon an” ​(Egzòd 14:22-25, 28.) Jewova te fè non li vin grandi, e jouk jounen jodi a moun pa bliye evènman sa a. — Jozye 2:9-11.

12, 13. a) Ki sans bon non Bondye a genyen pou nou jodi a ? b) Ki sa moun bezwen aprann ijan, e poukisa ?

12 Bondye vin bay non li yon grandè ki gen yon gwo gwo siyifikasyon pou nou jodi a. Non li, Jewova, se garanti ki montre l ap fè tou sa li deside. Pwogram orijinèl li pou fè tè nou an tounen yon paradi a ladann tou (Jenèz 1:28 ; 2:8). Pou sa fèt, Jewova pral elimine tout moun jounen jodi a ki leve kont souvrènte li, paske li te deklare : “ Fòk yo konnen mwen se Jewova. ” ​(Ezekyèl 38:23). Apre sa, Bondye pral reyalize pwomès li fè pou l delivre moun k ap adore li yo, e li pral fè yo antre nan yon monn nouvo k ap gen jistis. — 2 Pyè 3:13.

13 Tout moun ki vle resevwa favè Bondye dwe aprann envoke non li ak lafwa. Men sa Bib la pwomèt : “ Tout moun ki envoke non Jewova ap sove” ​(Women 10:13). Toutbonvre non Jewova siyifi anpil bagay. Nan envoke non Jewova kòm Bondye w, kòm Liberatè w, sa kapab mennen w nan bonè etènèl.

BON KALITE VRÈ BONDYE A GENYEN

14. Ki bon kalite fondamantal Bondye Bib la wose ?

14 Lè nou byen egzamine delivrans pèp Izrayèl nan peyi Ejip, sa fè kat bon kalite fondamantal Bondye yo parèt aklè, youn fè ekilib ak lòt. Fason li te aji ak Farawon te demontre ki kokennchenn pisans li genyen (Egzòd 9:16). Fason Bondye te mennen sitiyasyon difisil sa a tankou yon Mèt, bay prèv li gen yon sajès san parèy (Women 11:33). Chatye li te chatye lènmi, opresè retif pèp li a, li demontre jistis li. (Detewonòm 32:4). Lanmou se youn nan prensipal bon kalite Bondye. Jewova te bay prèv yon lanmou estwòdinè, nan reyalize pwomès li te fè pou desandan Abraram yo (Detewonòm 7:8). Li te bay prèv li gen lanmou ankò, lè li te pèmèt yon pil Ejipsyen lage fo dye yo t ap sèvi yo pou yo pran pozisyon pou sèl vrè Dye a. Sa te pote anpil benediksyon pou yo.

15, 16. Pa ki fason Bondye demontre lanmou li ?

15 Pandan w ap li Bib la w ap remake lanmou se prensipal bon kalite pèsonèl Bondye, e li demontre l plizyè fason. Paregzanp, se lanmou li ki fè li vin Kreyatè e ki fè li pataje lajwa lavi toudabò ak kreyati espirityèl yo. Santèn milyon anj sa yo renmen Bondye e yo louwe li (Jòb 38:4, 7 ; Danyèl 7:10). Bondye te demontre lanmou li ankò nan kreye li te kreye tè a e nan prepare li te prepare l pou moun viv alèz sou li. — Jenèz 1:1, 26-28 ; Sòm 115:16.

16 Avantaj lanmou Bondye pwokire nou twòp pou nou ta site. Annou pran yon egzanp : lanmou Bondye te fè l fè kò nou yon fason tèlman estwodinè sa fè nou ka apresye lavi (Sòm 139:14). Se lanmou li montre lè l ban nou “ lapli ki soti nan syèl avèk bon sezon ki ranpli kè nou ak manje ak lakontantman ”. (Travay 14:17.) Bondye menm fè “ solèy li a leve sou moun ki mechan ak sou moun ki bon yo, e li fè lapli tonbe sou moun ki jis ak sou moun ki enjis yo ”. (Matye 5:45.) Se toujou lanmou ki pouse Kreyatè nou an ede nou konnen li e sèvi li nan lajwa kòm adoratè. Toutbonvre “ Bondye se lanmou ”. (1 Jan 4:8.) Men gen pi plis bagay toujou nan pèsonalite li.

YON “ BONDYE KI GEN MIZÈRIKÒD AK KONPASYON ”

17. Ki sa Egzòd 34:6, 7 aprann nou sou Bondye ?

17 Apre Izrayelit yo te fin travèse lanmè Wouj, yo te bezwen aprann konnen Bondye pi byen toujou. Moyiz te santi sa. Se pou rezon sa a li te lapriyè konsa : “ Souple, si nan je w, ou wè mwen merite favè, fè mwen konnen chemen w yo, souple pou mwen ka konnen w, dekwa pou mwen jwenn favè nan je w” ​(Egzòd 33:13). Moyiz te rive konnen Bondye pi byen lè l te tande l di : “ Jewova, Jewova, Bondye ki gen mizèrikòd ak konpasyon, ki pa prese fè kolè, e ki gen abondans bonte nan kè l ak laverite, ki sere bonte nan kè l pou milye sou milye, ki padone fòt, ki padone bagay mal, e ki padone peche. Men nan okenn ka li pap egzante moun pinisyon. ” ​(Egzòd 34:6, 7). Gen ekilib ant lanmou Bondye ak jistis li. Konsa li pap pwoteje moun ki fè peche pou bongre yo, pou yo pa sibi konsekans sa ki mal yo fè a.

18. Kouman Jewova te demontre mizèrikòd li ?

18 Kòm Moyiz te vin aprann sa, Jewova demontre li gen mizèrikòd. Yon moun ki gen mizèrikòd se yon moun ki gen pitye pou moun k ap soufri, e ki fè efò pou l soulaje yo. Konsa, Bondye te bay prèv konpasyon li pou lèzòm, nan pran li pran dispozisyon pou l mete yon pwen final nan soufrans, nan maladi ak lanmò (Revelasyon 21:3-5). Li ka rive moun k ap adore Bondye yo sibi malè akòz sitiyasyon ki gen nan monn mechan sa a, osinon yo ka mete tèt yo nan traka lè yo aji san yo pa pran prekosyon. Men si, avèk imilite, yo mande Jewova èd, l ap konsole yo, l ap ede yo. Poukisa ? Paske li toujou pran ka adoratè l yo avèk mizèrikòd, avèk tandrès. — Sòm 86:15 ; 1 Pyè 5:6, 7.

19. Sa ki fè nou ka di Bondye gen konpasyon ?

19 Souvan moun ki gen pouvwa nan men yo konn trete lòt moun di. Men Jewova okontrè demontre konpasyon pou moun enb k ap sèvi li. Aktout li se pi gwo otorite nan tout linivè li aji ak anpil bonte ak tout moun an jeneral (Sòm 8:3, 4 ; Lik 6:35). Jewova demontre konpasyon tou lè l reponn moun k ap sipliye li pou mande l favè (Egzòd 22:26, 27 ; Lik 18:13, 14). Natirèlman Bondye pa oblije bay nenpòt moun favè, ni gen konpasyon pou nenpòt moun (Egzòd 33:19). Konsa, nou dwe gen anpil anpil rekonesans pou Bondye akòz mizèrikòd li ak konpasyon li. — Sòm 145:1, 8.

LI PA PRESE FÈ KÒLÈ, LI PA NAN PATIPRI E LI JIS

20. Ki sa ki demontre Jewova lan pou mete l ankòlè, e ki sa k demontre li pa nan fè patipri ?

20 Jewova lan pou mete l ankòlè. Men sa pa vle di l ap rete bra kwaze san li pa fè anyen, paske li te aji nan detwi li te detwi Farawon tèt di a ak tout lame li a nan lanmè Wouj. Nitou Jewova pa nan fè patipri. Se konsa Izrayelit yo, aktout li te gen anpil konsiderasyon pou yo, te rive pèdi favè li paske yo te pèsiste ap fè sa ki mal. Bondye asepte moun tout nasyon adore l, akondisyon yo mache nan chemen jistis li. — Travay 10:34, 35.

21. a) Ki sa Revelasyon 15:2-4 aprann nou sou Bondye ? b) Ki sa k ap ede nou fè sa ki jis nan je Bondye pi fasil ?

21 Liv Revelasyon nan Bib la montre enpòtans pou moun aprann “ dekrè jis Bondye yo ”. Liv sa a di nou kreyati nan syèl yo ap chante : “ Zèv ou yo gran, e yo estwòdinè Jewova Dye, Toupisan. Chemen w yo se jistis, e yo se verite, Wa letènite. Kilès ki pap gen lakrentif pou ou toutbonvre Jewova, epi kilès k ap derefize glorifye non ou, paske se ou menm sèl ki fidèl ? Kifè tout nasyon pral vini, yo pral adore devan fas ou, paske dekrè jis ou yo te parèt aklè. ” ​(Revelasyon 15:2-4). Nou demontre nou gen bonjan lakrentif ak respè pou Jewova, lè nou viv ann akò ak sa li di ki jis. Si nou sonje sajès Bondye ak lanmou li, sa ap pi fasil pou nou. Tout kòmandman Bondye bay se pou byen nou. — Izayi 48:17, 18.

“ JEWOVA BONDYE NOU AN SE YON SÈL ”

22. Poukisa moun ki dakò ak Bib la pa adore yon Trinite ?

22 Ejipsyen lontan yo te konn adore yon bann kantite dye, men Jewova se “ yon Bondye ki egzije yon atachman devwe san pataj ”. (Egzòd 20:5.) Moyiz te fè Izrayelit yo sonje “ Jewova Bondye nou an se yon sèl Jewova ”. (Detewonòm 6:4.) Jezi Kris te reprann menm pawòl sa yo (Mak 12:28, 29). Se poutètsa, moun ki dakò Bib la se Pawòl Bondye pa adore yon Trinite twa pèsòn, sa vle di twa dye nan youn. An reyalite mo “ Trinite ” a pa menm make nan Bib la. Vrè Bondye a se yon sèl Moun, Jezi Kris se yon lòt (Jan 14:28 ; 1 Korentyen 15:28). Lespri sen Bondye a pa yon moun. Se fòs aktif Jewova Toupisan an sèvi pou l reyalize pwogram li yo. — Jenèz 1:2 ; Travay 2:1-4, 32, 33 ; 2 Pyè 1:20, 21.

23. a) Kouman lanmou w pou Bondye kapab ogmante ? b) Ki sa Jezi te di sou lanmou Bondye, e ki sa nou bezwen aprann konsènan Kris ?

23 Ou pa panse yon Bondye mèveye kon Jewova merite pou w adore l ? Nan etidye Labib Pawòl li a, w ap rive konnen l pi byen, e w ap aprann ki kondisyon li fikse pou w ka jwenn bonè etènèl la (Matye 5:3, 6). Plis ankò, lanmou w pou Bondye ap ogmante. Se nòmal pou sa konsa, paske Jezi te di : “ Ou dwe renmen Jewova Bondye w la ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lespri ou, ak tout fòs ou. ” ​(Mak 12:30). Li klè se yon lanmou konsa Jezi te genyen pou Bondye. Men, ki sa Bib la aprann nou konsènan Jezi Kris ? Ki wòl li nan pwogram Jewova a ?

TESTE KONESANS OU

Ki bon non Bondye, konbyen fwa nou jwenn li make nan Ekriti ann ebre yo ?

Poukisa w ta dwe sèvi ak bon non Bondye a ?

Ki bon kalite Jewova ki pi atire w ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 29]

Èske w byen konnen Kreyatè tout bagay yo ?