Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lè konesans Bondye ap plen tè a

Lè konesans Bondye ap plen tè a

Chapit 19

Lè konesans Bondye ap plen tè a

1, 2. Kouman kreyasyon Jewova a te fè vin gen domaj ?

SIPOZON yon gran atis fèk fin fè yon mayifik tablo. Li andwa wè l bon nèt. Yon veritab chedèv ! Men nan lannuit, yon konkiran jalou fè règ majigridi l ladann. Ou tou konprann sa fè atis la lapenn anpil. Ala l ta kontan wè yo fèmen brigan sa a yon kote ! Epi ou kapab imajine ki jan atis la anvi wè kreyasyon l lan rejwenn ansyen bote l te genyen an !

2 Menm jan ak atis sa a, Jewova te reyalize yon chedèv lè l te prepare tè a epi li te mete moun sou li. Apre l te fin kreye gason an ak fanm nan, li te jije tout travay li te fè sou tè a te “ bon nèt ”. (Jenèz 1:31.) Adan ak Èv se te pitit Bondye menm yo te ye e li te renmen yo. Li te anvizaje yon avni ere, glorye pou yo. Se vre Satan te antrene yo nan rebelyon, men bèl kreyasyon Bondye a pa sibi domaj ki pa ka repare. — Jenèz 3:23, 24 ; 6:11, 12.

3. Ki sa “ lavi toutbon an ” ye ?

3 Bondye te deside remete bagay yo annòd. Se pa ti anvi li anvi wè n ap viv fason l te prevwa okòmansman an. Ti lavi kout nan latwoublay nou an se pa “ lavi toutbon an ”, paske li enferyè lontan ak sa Jewova te gen nan lide. “ Lavi toutbon ” Bondye vle pou nou an se “ lavi etènèl ” nan kondisyon pafèt. — 1 Timote 6:12, 19.

4, 5. a) Kouman espwa Paradi a pral reyalize ? b) Poukisa nou ta dwe reflechi sou espwa nou pou lavni ?

4 Konesans Bondye a bay moun reskonsablite pote devan Jewova (Jak 4:17). Men sonje benediksyon w ap jwi si w mete konesans lan an pratik e si w fè efò pou w jwenn lavi etènèl la. Nan Labib Pawòl Jewova Dye, li penn yon bèl tablo ki prezante sa lavi a pral ye nan Paradi terès ki tou prèt pou vini an. Natirèlman kòm pèp Jewova, nou pap sèvi l sèlman paske nou anvi resevwa yon rekonpans. Se paske nou renmen Bondye ki fè n ap sèvi li (Mak 12:29, 30). Epitou se pa sèvi Jewova k ap fè nou merite lavi etènèl pou sa. Lavi etènèl se yon kado Bondye bay (Women 6:23). L ap bon pou nou medite sou yon lavi konsa paske espwa Paradi a ap fè nou sonje ki kalite Bondye Jewova ye, Bondye amou an, ki “ rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre.” ​(Ebre 11:6). Ranpli lespri nou ak kè nou avèk flanm esperans lan ap pèmèt nou andire traka nan monn Satan an. — Jeremi 23:20.

5 Annou konsantre atansyon nou kounye a sou esperans biblik lavi etènèl nan Paradi ki pral vini sou tè a. Ki jan lavi pral ye lè konesans Bondye a plen tè a ?

APRE AMAGEDÒN, YON PARADI SOU LATÈ

6. Ki sa Amagedòn ye, e ki sa l pral siyifi pou lèzòm ?

6 Tankou nou te wè sa deja, talè konsa Jewova Dye pral detwi sistèm de choz mechan an. Monn nan ap pwoche rapidman kontre ak sa Bib la rele Hamagedòn oswa Amagedòn. Mo sa a fè kèk moun panse ak yon gwo masak nikleyè nasyon an gè yo ka pwovoke, men Amagedòn se pa bagay konsa ditou. Tankou Revelasyon 16:14-16 montre, Amagedòn se “ lagè gran jou Bondye Toupisan an ”. Se yon lagè ki pral rasanble “ wa ki sou tout latè abite ” oswa tout nasyon yo. Pitit Jewova Dye a, Wa ki etabli a, pral antre nan batay talè konsa. Rezilta a absoliman sèten. Tout moun ki leve kont Wayòm Bondye a e ki fè pati sistèm mechan Satan an, y ap elimine yo. Se sèl moun ki kenbe Jewova fidèl k ap chape vivan. — Revelasyon 7:9, 14 ; 19:11-21.

7. Ki bò Satan ak demon l yo ap ye pandan Rèy mil an Kris la, e kouman sa pral pwofitab pou limanite ?

7 Imajine ou menm ou ta chape vivan anba katastwòf sa a. Ak ki sa lavi sou latè nan monn nouvo Bondye pwomèt la pral sanble (2 Pyè 3:13) ? Nou pa bezwen rete ap fè sipozisyon paske Bib la di nou li e sa l di a fè moun tresayi ak lajwa. Nou aprann nou pral gen repo ak Satan ansanm ak tout demon l yo. Y ap fèmen yo nan yon abim, y ap bloke yo pandan Rèy mil an Jezi Kris la. Kreyati mechan, malveyan sa yo, pap biske kò yo ankò an chatpent pou yo kreye twoub, e pou yo eseye mennen nou komèt zak enfidelite kont Bondye. Se pa ti soulajman ! — Revelasyon 20:1-3.

8, 9. Ki sa k pral rive tout afliksyon, tout maladi ak vyeyès nan monn nouvo a ?

8 Lè lè a rive tout kalite maladi pral disparèt (Izayi 33:24). Moun ki enfim nan pye a pral leve kanpe, li pral mache, li pral kouri, epi li pral danse ak bon janm solid. Apre yon kantite lane moun soud la t ap viv nan peyi silans, li pral tande nan zòrèy li bon son lajwa. Avèg la pral sezi wè yon dal koulè ak fòm devan je l (Izayi 35:5, 6). Anfen, li pral resi wè figi moun li renmen yo. Petèt, pou yon ti moman li kapab pa wè klè paske lè sa a lajwa kapab fè dlo kouri nan je l.

9 Reflechi sou sa ! Linèt fini, beki ak baton fini, medikaman fini, klinik pou rache dan oswa lopital fini ! Jamè pap gen maladi nè ak maladi depresyon k ap vin fè moun pèdi lajwa yo. Nanpwen timoun petevi ankò akòz maladi. Ravaj vyeyès te fè nan kò moun pral vire sans kontrè (Jòb 33:25). N ap pi an sante, n ap vin pi fò. Chak maten apre yon nuit somèy, n ap reveye ak yon fòs tounèf, n ap foul ak vigè epi n ap tou pare pou nou viv yon lòt bèl jounen nan travay ki bay satisfaksyon.

10. Ki travay moun ki chape vivan anba Amagedòn ap gen pou yo fè ?

10 Moun ki chape vivan anba Amagedòn yo pral gen anpil travay ki bay kè kontan pou yo fè. Yo pral transfòme tè a pou l vini yon paradi. Yo pral debarase l anba tout debri vye sistèm kòwonpi a. Nan plas bidonvil ak tè ki fin depafini pral gen plas piblik ak jaden. Tout moun pral gen yon lojman konfòtab, agreyab (Izayi 65:21). Ofiramezi, divès pati paradi a pral devlope pou rankontre jiskaske tout tè a vin konfòm nan nivo bote Kreyatè a te bay nan jaden Edenn nan. Ala yon plezi sa pral ye pou moun patisipe nan travay restorasyon sa a !

11. Ki relasyon lèzòm pral genyen avèk anviwònman an ansanm ak zannimo yo ?

11 Tout travay sa yo pral fèt sou kontwòl Bondye yon fason pou anviwònman an pa sibi okenn domaj. Lèzòm pral viv anpè ak zannimo yo. Olye pou lòm plede touye yo pou granmesi, li pral dirije tè a antanke moun ki reskonsab, l ap pran swen yo pito. Imajine lou ak ti mouton, lyon ak ti bèf k ap manje ansanm, zannimo gadinay yo an sekirite nèt. Menm yon timoun piti pap gen anyen ki pou fè l pè bèt sovaj yo. Pap gen moun sadik, moun fewòs, k ap vin twouble trankilite monn nouvo a (Izayi 11:6-8). Ala pezib monn nouvo sa a pral pezib !

LIMANITE PRAL TRANSFÒME

12. Kouman pwofesi Izayi 11:9 la jwenn akonplisman jounen jodi a, e kouman li pral akonpli nan Paradi a ?

12 Izayi 11:9 di nou poukisa pap gen okenn domaj ki pral fèt sou tout tè a. Li di : “ Tè a pral plen ak konesans Jewova a tankou dlo kouvri fon lanmè. ” Vèsè sa a gen rapò ak moun paske zannimo pa ka resevwa “ konesans Jewova a ” epi fè chanjman, piske se lensten k ap dirije yo. Men, konesans Kreyatè nou an kapab moun chanje. Siman ou deja fè kèk chanjman nan lavi w paske w kòmanse mete konesans Bondye a an pratik. Plizyè milyon moun gentan fè l. Konsa pwofesi sa a deja kòmanse akonpli nan pami sèvitè Jewova yo. Poutan, li montre tou gen yon tan lèzòm nan lemonnantye pral sispann aji ak vyolans tankou bèt, pou yo vin pezib nètale.

13. Ki pwogram enstriksyon ki pral òganize sou tè a ?

13 Se pa ti bèl sa pral bèl lè konesans Bondye a plen tè a ! Gen yon kokenn pwogram enstriksyon Jezi Kris, Wa a, ak 144 000 asosye li yo pral mete sou pye. Yo pral mete nouvo “ woulo ” an sèvis. Woulo sa yo sanble se enstriksyon alekri Bondye pral bay pou sèvi baz pou edikasyon moun sou tè a (Revelasyon 20:12). Lèzòm pral aprann non pa lagè, men lapè. Tout zam ki konn detwi lavi pral disparèt nèt pou toutan (Sòm 46:9). Sitwayen monn nouvo a pral aprann trete sanblab yo avèk lanmou, respè ak diyite.

14. Ki jan lemonn pral chanje lè lèzòm pral ini tankou yon sèl fanmi ?

14 Limanite pral vin yon sèl fanmi ini. Pap gen okenn baryè ki pral anpeche inite ak fratènite (Sòm 133:1-3). Pòt okenn kay pap bezwen fèmen a kle akòz vòlè. Lapè pral domine nan tout kè, nan tout kay, nan tout zòn sou tè a. — Mika 4:4.

REZIRÈKSYON K AP BAY KÈ KONTAN AN

15. Ki de gwoup moun ki pral resisite sou tè a ?

15 Se diran Milenyòm sa a rezirèksyon an pral fèt. Sila yo ki peche espre kont lespri sen oswa fòs aktif Bondye a nan aji san yo pa repanti kont manifestasyon ak direksyon lespri a pap resisite (Matye 23:15, 33 ; Ebre 6:4-6). Natirèlman se Bondye ki pral deside ki moun ki te fè mòd peche sa a. Men, gen de gwoup moun ki pral resisite : ‘ Moun ki jis ak moun ki enjis ’. (Travay 24:15). Piske tout bagay pral fèt ak lòd, li rezonab pou nou kwè se moun ki jis yo, moun ki fidèl nan sèvis Jewova, k ap retounen viv sou tè a anpremye. — Ebre 11:35-39.

16. a) Ki moun ki pral pami ‘ moun jis yo ’ k ap resisite sou tè a ? b) Kilès fidèl nan tan lontan yo ou ta renmen rankontre espesyalman, e poukisa ?

16 Olye pou w tande nouvèl lagè, nouvèl dezas ak lanmò, sèvitè Jewova yo pral resevwa bèl rapò sou rezirèksyon an. Se pral transpò lajwa pou aprann retou yon seri gason ak fanm fidèl tankou Abèl, Enòk, Noye, Abraram, Sara, Jòb, Moyiz, Rahab, Rit, David, Eliya, Estè ! Ala fè istorik enteresan y ap gen pou rakonte nan tout ti detay sou anpil bagay Bib la rapòte ! Pa gen dout, yo menm ak moun jis yo ki pa gen lontan depi yo te mouri, y ap cho pou yo konnen ki jan sistèm Satan an te fini, kouman Jewova te sangtifye non li ki sen an, epi kouman li te jistifye souvrènte li.

17. Ki koutmen moun fidèl yo pral pote pou lòt moun ki resisite yo ?

17 Se pa ti koutmen moun fidèl sa yo pral ban nou nan faz annapre rezirèksyon an lè lanmò libere plizyè milya “ moun enjis yo ” ! Pifò moun sou tè a pa t janm gen okazyon konnen Jewova. Satan te ‘ vegle lespri yo ’. (2 Korentyen 4:4.) Men travay Satan an pral kraze. Moun enjis yo pral retounen vin sou yon tè bèl, yon tè pezib. Yon pèp byen òganize pral akeyi yo pou aprann yo konnen Jewova ak Jezi Kris Pitit li a k ap gouvènen an. Lè kantite milya moun resisite yo rive konnen Jewova e yo rive renmen Kreyatè yo a, konesans Jewova a pral plen tè a yon fason sa potko janm fèt.

18. Kouman w panse ou pral santi w lè w pral akeyi moun pa w yo ou renmen k ap resisite yo ?

18 Ala kè kontan rezirèksyon an pral pote pou nou ! Ki moun lènmi nou an, lanmò, pa t fè soufri ? An verite, kilès ki pa konn santi li kraze nèt lè kòd lanmou oswa kòd amitye l ak yon moun koupe paske maladi, vyeyès, aksidan, osinon vyolans lakòz lanmò moun sa a ? Imajine lajwa lè tout moun sa yo reyini nan Paradi a ! Manman ak papa, pitit gason ak pitit fi, zanmi ak paran pral kouri anbrase youn lòt, yo pral ri, epi yo pral kriye tèlman y ap kontan.

ANFEN PÈFEKSYON AN LA !

19. Ki mirak ki pral fèt pandan Milenyòm nan ?

19 Pandan Milenyòm nan, yon kokenn mirak pral fèt. Pou lèzòm se pral petèt aspè k ap pote plis rejwisans sou Rèy mil an Kris la. Jewova pral bay Pitit li a lòd pou l simaye bon rezilta sakrifis redanmtè li a sou chak gason ak chak fanm fidèl e obeyisan. Sa vle di tout peche ap fini nèt epi limanite pral resi rive nan eta pèfeksyon an. — 1 Jan 2:2 ; Revelasyon 21:1-4.

20. a) Ki sa pèfeksyon an pral vle di ? b) Ki lè moun ki chape vivan anba Amagedòn yo ansanm ak resisite yo ap rive gen lavi toutbon an ?

20 Pèfeksyon ! Ki sa sa pral vle di ? Sa pral vle di yon retou nan lavi jan Adan ak Èv te konn jwi l la anvan yo te peche kont Jewova Dye a. Nan domèn fizik, mantal, afeksyon, moral, espirityèl, nan tout domèn ou ka imajine, lèzòm pafè pral rive wo nèt nan nivo egzijans Bondye yo. Men, èske tout moun pral menm ? Jamè ! Kreyasyon Jewova yo : pyebwa, flè, zannimo, yo tout aprann nou li renmen varyete. Lèzòm pafè ap gen pèsonalite ak talan diferan. Tout moun pral jwi lavi a jan Bondye te vle pou l ye a. Revelasyon 20:5 di : “ Rès mò yo pa t rive jwenn lavi a toutotan mil ane yo pa t fini. ” Tankou gwo foul moun k ap chape vivan anba Amagedòn nan, resisite yo ap rive gen lavi a nèt, lavi san peche, lè yo jwenn pèfeksyon an.

21. a) Ki sa k pral pase lè Rèy mil an Kris la fini ? b) Finalman ki sa k pral rive Satan ak tout moun k ap suiv li yo ?

21 Moun pafè yo pral pase anba yon dènye tès. Nan fen Milenyòm nan, yo pral lage Satan ak demon l yo soti nan abim nan pou yon tikras tan. E y ap kite yo tante fè yon dènye efò pou fè moun yo vire kont Jewova. Gen kèk ladan yo ki pral kite move dezi pase devan lanmou yo genyen pou Jewova, men rebelyon sa a pral koupe sèk. Jewova pral egzekite ni moun egoyis sa yo ni Satan ak tout demon l yo. Tout pratikan lemal ap disparèt pou toutan. — Revelasyon 20:7-10.

KI SA W PRAL FÈ ?

22. Ki sa w konte fè nan Paradi a ?

22 Moun ki renmen Jewova e ki pral viv nan Paradi sou tè a, letènite pral louvri devan yo. Li pa fasil pou w imajine lajwa moun sa yo, men ou kapab goute jwa sa a tou. Bagay limanite pafè pral reyalize nan mizik, travay atis, atizana, sa pral depase pi bèl èv pi gran mèt yo te rive reyalize nan monn ansyen tan an. Se nòmal piske moun pral pafè epi tan y ap gen devan yo a ap san limit. Imajine sa w pral ka fè paske w ap pafè. Panse sou bagay ou menm ak lòt moun yo pral aprann sou kreyasyon Jewova a, depi sou pakèt milya galaksi nan linivè a rive jis nan pati ki pi piti nan yon atòm. Tout bagay moun pral reyalize ap fè kè Jewova, Papa nou ki nan syèl la e ki renmen nou an kontan. — Sòm 150:1-6.

23. Poukisa lavi nan Paradi a pap janm annuiyan ?

23 Lavi a pap annuiyan ditou. Jouranjou lavi ap vin pi enteresan. Ou wè pa gen limit nan konesans Bondye a (Women 11:33). Pandan tout letènite ap toujou gen bagay pou w aprann, epi w ap jwenn nouvo branch pou w dekouvri (Eklezyas 3:11). E toupandan w ap aprann konnen Jewova pi byen, w ap kontinye viv, pa pou kèk ane sèlman, men pou toutan ! — Sòm 22:26.

24, 25. Poukisa w ta dwe viv ann akò ak konesans Bondye a depi kounye a ?

24 Èske yon bèl avni konsa nan yon paradi sou tè a pa merite tout efò oswa tout kalite sakrifis ? Natirèlman ! Jewova lonje kle bèl avni sa a ba ou. Kle sa a se konesans Bondye a. Èske w ap sèvi avè l ?

25 Si w renmen Jewova, w ap pran plezi pou w fè volonte li (1 Jan 5:3). Ala benediksyon w ap resevwa si w pousuiv chemen sa a ! Si w mete konesans Bondye a an pratik, lavi ou menm nan monn ajite sa a kapab pi ere. Epitou, rekonpans k ap vini yo twòp pou kalkile, piske se konesans k ap mennen nan lavi etènèl la ! Kounye a, li lè, li tan, pou w aji. Pran desizyon fèm pou w viv ann akò ak konesans Bondye a. Demontre lanmou w pou Jewova. Onore non sen li an, epi pwouve Satan se yon mantè. Anretou, Jewova Dye, Sous vrè sajès ak vrè konesans lan, ap kontan pou ou nan fon kè l (Jeremi 31:3 ; Sefanya 3:17). Epi l ap renmen ou pou letènite !

TESTE KONESANS OU

Ki sa “ lavi toutbon an ” ye ?

Apre Amagedòn ki sa k pral fèt sou tè a ?

Ki moun ki pral resisite sou tè a ?

Kouman limanite pral fè vin pafè, e ki dènye tès li pral sibi ?

Ki espwa pa w sou kesyon Paradi a ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 188, 189]

Èske w espere viv nan Paradi a lè konesans Bondye ap plen tè a ?