Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

N ap viv nan dènye jou yo !

N ap viv nan dènye jou yo !

Chapit 11

N ap viv nan dènye jou yo !

1. Poukisa anpil moun santi yo dekontwole lè y ap gade sitiyasyon mondyal la, men ki bò nou ka jwenn yon esplikasyon sou evènman mondyal yo nou ka fè konfyans ?

KOUMAN monn an boulvès nou an fè rive nan estad sa a ? Ki bò nou prale ? Èske ou konn poze w kesyon sa yo deja ? Anpil moun santi yo dekontwole lè y ap gade sitiyasyon mondyal la. Bagay reyèl tèlke lagè, maladi, krim, fè moun mande tèt yo ki sa demen sere pou yo. Otorite politik yo pa ofri anpil espwa. Men li posib bò kote Bondye, nan Pawòl li, pou nou jwenn yon esplikasyon nou ka fè konfyans apwopo tan detrès sa a. Bib la se yon sous asire ki kapab ede nou wè ki kote nou ye nan pakou tan an. Li montre n ap viv nan “ dènye jou ” sistèm de choz jodi a. — 2 Timote 3:1.

2. Ki kesyon disip yo te poze Jezi, e ki jan li te reponn ?

2 Paregzanp annou reflechi sou repons Jezi te bay pou kèk kesyon disip li yo te poze. Twa jou anvan lanmò Jezi, yo te mande li : “ Ki siy k ap siy prezans ou ak fen sistèm de choz la ? ” * (Matye 24:3). An repons, Jezi te pale ak yo de sitiyasyon ak evènman mondyal presi ki ta endike sistèm blasfematè sa a antre nan dènye jou li yo.

3. Poukisa sitiyasyon an vin pirèd sou tè a nan kòmansman rèy Jezi a ?

3 Kòm nou te wè l nan chapit anvan an, lè nou kontwole dat nan Bib la sa mennen nan konklizyon sa a : Wayòm Bondye a deja antre an fonksyon. Men kouman sa fè posib ? Bagay yo se pa pi bon yo vin pi bon, se pi mal yo vin pi mal ! An reyalite, sa se prèv solid ki demontre Wayòm Bondye a kòmanse gouvènen. Poukisa ? Enben Sòm 110:2 fè nou konnen Jezi ta dirije ‘ nan mitan lènmi l yo ’ diran yon tan. Annefè, premye aksyon Jezi te fè lè l monte Wa nan syèl la se te pimpe Satan ak demon l yo nan vwazinaj tè a (Revelasyon 12:9). Ki rezilta sa bay ? Sa Revelasyon 12:12 te anonse a : “ Malè pou latè ak lanmè, paske Dyab la desann vin bò kote nou ak yon gran firè, piske li konnen peryòd tan li rete a kout. ” Se nan ‘ peryòd tan kout ’ sa a n ap viv kounye a.

4. Bay kèk nan prensipal mak fabrik dènye jou yo, e ki sa yo endike ? (Gade tablo a.)

4 Lè yo te mande Jezi siy prezans li ak fen sistèm de choz la, se pa etonan si repons li a fè moun reflechi. N ap jwenn divès aspè siy lan nan tablo paj 102 a. Kòm ou kapab wè, apòt kretyen yo, Pòl, Pyè ak Jan, bay lòt detay anplis sou dènye jou yo. Se vre, pifò nan divès aspè siy lan e pifò nan divès aspè dènye jou yo se evènman malouk yo pote. Men, akonplisman pwofesi sa yo ta dwe konvenk nou fen sistèm mechan an pa lwen. Annou egzamine kèk nan prensipal mak fabrik dènye jou yo pi pre.

MAK FABRIK DÈNYE JOU YO

5, 6. Ki jan pwofesi sou lagè ak grangou yo akonpli ?

5 “ Nasyon ap leve kont nasyon, e wayòm kont wayòm. ” ​(Matye 24:7 ; Revelasyon 6:4). Yon ekriven, Ernest Hemingway, te pale de Premye Gè mondyal la kòm “ pi gwo katafal bouchri ki pi kriminèl, e ki pi mal dirije moun potko janm wè sou tè a ”. Dapre liv Lemonn nan eprèv dife — 1914-1919 (ang.), Premye Gè mondyal la te louvri pòt pou “ yon mòd goumen nouvo, premye lagè total nan listwa limanite. Dire li, vyolans li ak dega li te fè, te depase tou sa moun te konn wè deja, oswa tou sa moun t ap tann an jeneral ”. Apresa Dezyèm Gè mondyal la te vini. Li te fè plis kraze brize pase Premye a. Yon pwofesè istwa ki rele Hugh Thomas te rive di “ sa ki domine ventyèm syèk la se mitrayèz, tank, B-52, bonm atomik, epi finalman misil. Sa ki make li se lagè ki pi sanginè e ki fè plis kraze brize pase tout lòt epòk. ” Se vre, yo pale anpil sou dezameman nan finisman lagè fwad la. Poutan dapre yon rapò, apre yo fin pwopoze pou diminye zam yo, pral rete ant 10 000 a 20 000 tèt nikleyè, sa fè plis pase 900 fwa pisans zam yo te sèvi nan Dezyèm Gè mondyal la.

6 “ Pral manke manje” ​(Matye 24:7 ; Revelasyon 6:5, 6, 8). Depi 1914 yo konte 20 gwo peryòd grangou pou pi piti. Pami peyi ki viktim annou site Bengladèch, Bouwoundi, Etyopi, Kanbòj, Lachin, Lagrès, Larisi, Lenn, Nijerya, Somali, Soudan ak Wannda. Men, se pa toujou mank manje ki fè gen grangou. Tande refleksyon yon ekip agwonòm ak ekonomis : “ Nan dènye dizèn ane ki pase yo, kantite manje ki an rezèv nan lemonn te depase lontan kantite moun ki genyen sou tè a. Men, kòm gen 800 milyon moun pou pi piti ki nan malsite dènye limit, (...) yo pa an mezi achte kantite manje nesesè pou yo soti anba yon malnitrisyon rasi. ” Nan lòt ka yo se konn kesyon politik ki lakòz. Doktè Abdelgalil Elmekki ki ap sèvi nan inivèsite Towonto site egzanp de peyi ki gen plizyè milye moun k ap soufri grangou, alòske peyi moun sa yo ap voye vann anpil manje nan lòt peyi. Gouvènman yo sanble yo gen plis sousi pou yo jwenn deviz etranje pou yo ka gen lajan pou finanse lagè y ap fè, olye pou yo bay sitwayen lakay yo manje. Ki konklizyon doktè Elmekki ? Li di souvan grangou se “ yon kesyon de distribisyon ak politik gouvènman ”.

7. Ki sa nou ka di sou epidemi maladi yo jodi a ?

7 “ Epidemi maladi ”. (Lik 21:11 ; Revelasyon 6:8.) Grip espayòl 1918-1919 la te touye 21 milyon moun pou pi piti. Men sa A. A. Hoehling ekri nan liv Gwo epidemi an (ang.) : “ Nan tout listwa lemonn, pa janm gen yon asasen ki fè ravaj touye tout kantite moun sa yo vit konsa. ” Jodi a se ravaj epidemi ap fè. Chak ane, kansè touye 5 milyon moun, maladi dyare touye plis pase twa milyon tibebe ak timoun piti, e tibèkiloz touye twa milyon moun. Chak ane, enfeksyon respiratwa, sitou nemoni, touye 3 milyon 500 mil timoun ki poko menm gen senk an. Plis ankò, gen yon kantite pil moun, 2 milya 500 milyon, dizon prèske mwatye kantite moun ki sou tè a, k ap soufri yon seri maladi akòz dlo ki manke ak move kondisyon ijyèn. Lonbray sida k ap fè moun pè a, la pou fè moun sonje malgre tout gwo reyalizasyon lamedsin, lòm pa ka fè gwo epidemi yo disparèt.

8. Kouman moun yo montre yo se “zanmi lajan ” ?

8 “ Lèzòm ap (...) zanmi lajan” ​(2 Timote 3:2). Toupatou nan lemonn, lèzòm sanble gen yon swaf san rete pou larichès. Yo mezire “ siksè ” yon moun nan lavi a dapre kantite lajan l ap touche, e yo di li “ rive ” dapre kantite byen materyèl li genyen. Yon dam visprezidan nan yon ajans piblisite te di : “ Renmen byen materyèl ap toujou youn nan fòs k ap kontinye kondi sosyete ameriken an (...) e yon fòs chak jou k ap vin pi fò nan lòt gran sèk komèsyal yo. ” Èske se konsa sa ye kote w ap viv la tou ?

9. Ki sa nou ka di sou anons dezobeyisans alega paran yo ?

9 “ Dezobeyisan alega paran yo ”. (2 Timote 3:2.) Jodi a, paran, pwofesè ak lòt moun ankò konstate gen anpil timoun san respè e dezobeyisan. Kèk nan jèn sa yo se revòlte yo revòlte devan move konduit paran yo, oswa se imite y ap imite yo. Yon kantite jèn k ap vin piplis pèdi konfyans nan lekòl, nan lalwa, nan larelijyon ak nan paran yo, epi yo antre an rebelyon. Gen yon pwofesè, yon veteran ki di : “ An jeneral, pifò jèn yo sanble pa respekte anyen. ” Erezman gen anpil timoun ki krenn Bondye. Konduit timoun sa yo se yon modèl pou lezòt.

10, 11. Ki prèv ki demontre moun yo fewòs, e yo pa gen afeksyon natirèl ?

10 “ Fewòs ”. (2 Timote 3:3.) Mo grèk ki tradui “ fewòs ” la siyifi ‘ ki pa donte, sovaj, san konpasyon, san sansiblite ’. Sa se pòtre yon kantite moun jodi a, pwòp yo se fè yon bann zak vyolans ! Gen yon editoryal ki di “ si tèlman lavi a gen gwo emosyon ladan ni, e si tèlman li gen vye zak vèse san, fòk ou gen yon kè fè pou w li nouvèl sa k pase nan jounen an. ” Yon polis sekirite nan yon gwo bilding te fè remake gen yon bann jèn ki derefize reflechi sou konsekans zak y ap poze. Li te di : “ Se kòmsi yo te di : ‘ M pa konn afè demen. Se jodi a pou m jwenn sa m bezwen an. ’ ”

11 “ San afeksyon natirèl ”. (2 Timote 3:3.) Fraz sa a soti nan yon mo grèk ki vle di “ san kè, pa moun ”, e sa siyifi pa gen “ afeksyon natirèl, afeksyon familyal ”. (Nouvo diksyonè entènasyonal teyoloji Nouvo Testaman an [ang.].) Wi, afeksyon absan kote l ta dwe gaye piplis la : anndan kay. Rapò sou move tretman moun marye ap sibi ansanm ak timoun ak paran aje ap miltipliye yon fason ki enkyetan. Yon ekip chèchè te deklare : “ Vyolans moun fè sou moun, kit se yon kalòt, kit se yon bourad, yon kout kouto oswa yon bal, ou jwenn sa pi souvan anndan fanmi pase nenpòt ki lòt kote nan sosyete a. ”

12. Poukisa nou ka di atachman moun yo pou Bondye se yon fòm li ye ?

12 “ Y ap gen atachman ak Bondye pou lafòm, men y ap repouse sa ki fè fòs li a” ​(2 Timote 3:5). Bib la gen pouvwa chanje lavi moun pou fè yo vin pi bon (Efezyen 4:22-24). Men, anpil moun jounen jodi a sèvi ak relijyon yo ladan an kòm dra pou kache yon bann aktivite malonèt ki pa fè Bondye plezi. Chèf relijye yo fèmen je sou mansonj, vòl ak imoralite seksyèl. Gen yon kantite relijyon k ap preche lanmou anmenmtan yo apiye lagè. Nan editoryal yon peryodik yo rele India Today, nou li : “ Onon Kreyatè siprèm nan, lèzòm fè yon seri zak kriminèl ki abominab nèt kont sanblab yo. ” De lagè ki pi sanginè nan tan pa nou an, Premye ak Dezyèm Gè mondyal la, se nan mitan kretyènte a yo te pete.

13. Ki bagay ki demontre lòm ap fin depafini tè a ?

13 ‘ Y ap depafini tè a’ ​(Revelasyon 11:18). Yon gwoup plis pase 1 600 save lasyans nan lemonnantye, pami yo 104 Pri Nobèl, te siyen yon pinga Inyon syantifik enkyè te redije. Yo fè konnen : “ Moun pral antre an kolizyon ak lanati (...). Rete sèlman youn, oswa de dizèn ane pou mennen lit kont menas ki la kounye a. ” Rapò a presize : Bagay nuizib lèzòm ap fè “ kapab tèlman chanje lemonn, sa gen dwa menm anpeche li antretni lavi jan nou konnen l lan ”. Men pwoblèm yo site ki merite yon solisyon prese prese : kouch ozòn nan k ap diminye, dlo kontamine, debwazman forè, krèm tè pou kilti k ap depafini, anpil espès zannimo ak espès plant k ap fin disparèt. Syantifik yo di : “ Lè nou plede ap deranje twal ki kenbe lavi a, nou kapab deklanche yon seri pwoblèm ki gen gwo kokenn konsekans, sitou destriksyon yon seri sistèm byolojik nou tou deja pa fin byen konprann ki jan yo fonksyone. ”

14. Ki prèv ou ka bay pou w demontre Matye 24:14 ap akonpli jodi a ?

14 “ Bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan yo pral preche l sou tout latè ki abite” ​(Matye 24:14). Jezi te predi bon nouvèl Wayòm nan yo ta preche l sou tout tè a nèt, pou bay tout nasyon temwayaj. Grasa èd ansanm ak benediksyon Bondye, plizyè milyon Temwen Jewova pase plizyè milya èdtan ap mache preche, mache fè disip (Matye 28:19, 20). Wi, Temwen yo byen konprann yo ka reskonsab san moun si yo pa ta anonse bon nouvèl la (Ezekyèl 3:18, 19). Men, yo kontan wè plizyè milye moun asepte mesaj Wayòm nan chak ane avèk rekonesans. Yo pran desizyon yo pou yo vin vrè kretyen, sa vle di Temwen Jewova. Sèvi Jewova e simaye konesans Bondye a se yon privilèj ki pa gen pri. Epitou apre bon nouvèl la fin preche sou tout latè ki abite a, se pral fen sistèm de choz mechan sa a.

KI REYAKSYON W DEVAN VERITE KLÈ SA YO

15. Ki jan sistèm mechan jodi a pral fini ?

15 Kouman sistèm sa a pral fini ? Bib la anonse yon gwo tribilasyon ki pral kòmanse lè sektè politik monn nan atake “ Gran Babilòn nan ”, lanpi inivèsèl fo relijyon an (Matye 24:21 ; Revelasyon 17:5, 16). Jezi te di nan peryòd sa a “ solèy la ap vin tou nwa, e lalin nan pap bay limyè. Etwal nan syèl la pral sot tonbe, epi pisans nan syèl la pral souke ”. (Matye 24:29.) Petèt sa reprezante manifestasyon bagay ki nan syèl toutbonvre. Antouka, yo pral demaske sous limyè relijyon yo epi y ap elimine yo. Apresa, Satan ki rele “ Gòg peyi Magòg ”, pral sèvi ak moun kòwonpi yo pou l fè yon dènye va sou pèp Jewova a. Men Satan pap reyisi, paske Bondye pral pote pèp li a sekou (Ezekyèl 38:1, 2, 14-23). “ Gwo tribilasyon an ” ap rive nan dènye degre l nan Amagedòn, “ lagè gran jou Bondye Toupisan an ”. Lagè sa a pral retire tout rès kras òganizasyon Satan an sou tè a. L ap louvri chemen pou voye yon lapli benediksyon san fen sou moun ki rechape yo. — Revelasyon 7:9, 14 ; 11:15 ; 16:14, 16 ; 21:3, 4.

16. Mak fabrik pwofesi dènye jou yo anonse yo, kouman nou fè konnen se pou epòk pa nou an menm yo ye ?

16 Si w pran kèk aspè pwofesi dènye jou yo apa, ou ka remake yo sanble ak lòt epòk. Men lè w mete yo ansanm, w ap vin wè se tan pa nou an menm yo vize. Annou pran yon egzanp : Mak anprent yon moun fòme yon desen ki pa ka pou pèsonn lòt moun. Menm jan an, dènye jou yo gen pwòp mak fabrik pa yo, oswa pwòp evènman pa yo pou distenge yo. Yo fòme yon “ anprent ” ki pa pou okenn lòt epòk. Lè w konpare evènman sa yo ak sa Bib la di sou Wayòm Bondye nan syèl la ki deja kòmanse gouvènen kounye a, prèv yo bay gwo rezon pou nou di nou nan dènye jou yo. Plis ankò, pawòl nan Bib la sètifye sistèm mechan kounye a pral detwi talè konsa.

17. Konnen nou konnen n ap viv nan dènye jou yo, ki sa sa ta dwe pouse nou fè ?

17 Ki desizyon w ap pran devan prèv ki demontre n ap viv nan dènye jou yo ? Reflechi : Lè yon tanpèt kraze brize menase, avèk prekosyon nou pran dispozisyon san pèdi tan. Enben, sa Bib la anonse sou sistèm jodi a dwe pouse nou aji (Matye 16:1-3). Nou wè klè n ap viv nan dènye jou sistèm mondyal la. Sa ta dwe pouse nou pote tout chanjman nesesè pou nou ka jwenn favè Jewova (2 Pyè 3:3, 10-12). Jezi Kris, ki rele tèt li mandatè delivrans lan, lanse apèl enpòtan sa a : “ Veye kò nou, pou kè nou pa vin lou nan eksè manje, eksè bwason, ak tèt chaje lavi a, e pou jou a pa rive bridsoukou sou nou, tankou yon pyèj. Wi, l ap vini sou tout moun ki abite sou tout tè a. Rete je klè, nan sipliye pou nou ka rive chape anba tout bagay sa yo ki dwe rive a, e pou nou ka kanpe debou devan Pitit lòm nan. ” — Lik 21:34-36.

[Nòt anba paj]

^ § 2 Gen kèk Bib ki itilize mo “ monn ” olye “ sistèm de choz ”. Nan diksyonè W. Vine nan, ki rele Diksyonè entèpretatif mo nan Nouvo Testaman an (ang.), li di mo grèk ayòn nan “ siyifi yon peryòd tan nou pa konn dire l, oswa yon tan w ap kontwole parapò ak sa k ap fèt ladann ”. Leksik grèk angle Nouvo Testaman (ang.) Parkhurst la (paj 17) mete “ sistèm de choz sa a ” lè l ap esplike fason yo sèvi ak ayònes (pliryèl) nan Ebre 1:2. Konsa, tradiksyon “ sistèm de choz la ” ann amoni ak tèks grèk orijinal la.

TESTE KONESANS OU

Ki evènman mondyal Bib la te anonse pou kòmansman rèy Kris la ?

Bay kèk nan mak fabrik dènye jou yo ?

Ki sa ki konvenk ou vrèman nou nan dènye jou yo ?

[Kesyon]

[Kare nan paj 102]

KÈK BAGAY KI MAK FABRIK DÈNYE JOU YO

• Lagè san parèy. — Matye 24:7 ; Revelasyon 6:4.

• Grangou. — Matye 24:7 ; Revelasyon 6:5, 6, 8.

• Epidemi maladi. — Lik 21:11 ; Revelasyon 6:8.

• Ogmantasyon zak ilegal. — Matye 24:12.

• Tè a ap fin depafini. — Revelasyon 11:18.

• Tranblemanntè. — Matye 24:7.

• Tan makawon difisil pou moun sipòte. — 2 Timote 3:1.

• Amou san mezi pou lajan. — 2 Timote 3:2.

• Dezobeyisans alega paran. — 2 Timote 3:2.

• Pa gen afeksyon natirèl. — 2 Timote 3:3.

• Renmen plezi pito pase Bondye. — 2 Timote 3:4.

• Mank metriz. — 2 Timote 3:3.

• Moun pa gen amou pou sa ki byen. — 2 Timote 3:3.

• Viv an manfouben an fas danje. — Matye 24:39.

• Fawouchè yo rejte prèv dènye jou yo. — 2 Pyè 3:3, 4.

• Predikasyon mondyal Wayòm Bondye a. — Matye 24:14.

[Gwo foto nan paj 101]