Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Otorite ki moun ou ta dwe rekonèt ?

Otorite ki moun ou ta dwe rekonèt ?

Chapit 14

Otorite ki moun ou ta dwe rekonèt ?

1, 2. Èske se tout kalite otorite ki pa bon ? Esplike.

“ OTORITE ” se yon mo ki degoutan pou anpil moun. Se konpreyansib paske souvan gen abi otorite, kit se nan travay, kit se anndan fanmi oswa nan gouvènman. Sa Bib la di a se reyèl : “ Lòm domine sou lòm pou fè l ditò. ” ​(Eklezyas 8:9). Wi, anpil moun domine sou lòt yon fason egoyis e pou tiranize yo.

2 Men se pa tout otorite ki pa bon. Paregzanp, ou kapab di kò nou fè otorite sou nou. Li ban nou “ lòd ” pou nou respire, pou nou manje, pou nou bwè e pou nou dòmi. Èske sa rele tiranize ? Non. Se pou byen nou nou obeyi lòd sa yo. Petèt nou obeyi otorite kò a san nou pa rann nou kont. Men gen lòt kalite otorite ki mande pou nou obeyi de bongre. Annou wè kèk egzanp.

OTORITE SIPRÈM NAN

3. Ki sa k fè Jewova merite yo rele l “ Seyè Souvren ” ?

3 Yo rele Jewova “ Seyè Souvren ” plis pase 300 fwa nan Bib la. Yon souvren se yon moun ki posede otorite siprèm. Ki sa ki fè Jewova merite fonksyon sa a ? Revelasyon 4:11 reponn : “ Ou merite, Jewova, wi, Bondye nou an, pou w resevwa laglwa, ak onè ak pisans, paske se ou ki kreye tout bagay, e se akòz volonte w ki fè yo la, e ki fè yo te kreye yo. ”

4. Kouman Jewova chwazi pou l manifeste otorite l ?

4 Kòm se Jewova ki Kreyatè nou, li gen dwa pou l manifeste otorite li jan l vle. Sa kapab bay laperèz, sitou lè nou sonje Bondye gen “ yon abondans enèji dinamik ”. Yo rele l “ Bondye Toupisan ”. Toupisan se yon mo ebre ki fè moun panse ak yon fòs estwòdinè (Izayi 40:26 ; Jenèz 17:1). Poutan, Jewova itilize fòs li a ak byenveyans, paske lanmou se premye kalite l. — 1 Jan 4:16.

5. Poukisa li pa difisil pou moun soumèt li anba otorite Jewova ?

5 Kwak Jewova te bay avètisman li ta pini tout pechè ki pa repanti, Moyiz te konnen li sitou kòm “ vrè Dye a, Bondye fidèl la, ki kenbe kontra l ansanm ak bonte nan kè li (...) pou moun ki renmen li ak moun ki kenbe kòmandman l yo ”. (Detewonòm 7:9.) Annik reflechi ! Otorite Siprèm linivè a pa fòse nou sèvi l. Se lanmou li pito ki atire nou sou li (Women 2:4 ; 5:8). Soumèt anba otorite Jewova se yon plezi, paske nou toujou tire maksimòm pwofi nan lalwa li bay. — Sòm 19:7, 8.

6. Kouman kesyon otorite a te soulve nan jaden Edenn, e ki konsekans sa te pote ?

6 Premye paran nou yo te rejte souvrènte Bondye. Yo te vle deside pou kont yo sa ki bon ak sa ki mal (Jenèz 3:4-6). Kòm konsekans, Bondye te pouse do yo mete yo deyò nan fwaye yo a, paradi a. Apresa, Jewova te tolere pou lèzòm kreye divès kalite otorite pou pèmèt yo viv anndan yon sosyete òganize, kwak yo se pechè. Annou wè kèk nan otorite sa yo, e annou wè nan ki degre Bondye vle nou soumèt devan yo.

“ OTORITE SIPERYÈ YO ”

7. Kilès ki “ otorite siperyè yo ”, e ki pozisyon yo devan otorite Bondye ?

7 Apòt Pòl te ekri : “ Se pou tout nanm soumèt anba otorite siperyè yo paske pa gen otorite esepte si Bondye bay. ” Kilès ki “ otorite siperyè yo ” ? Sa Pòl di nan vèsè annapre yo demontre se otorite nan gouvènman imen yo (Women 13:1-7 ; Tit 3:1). Jewova pa sous otorite gouvènman lèzòm yo, men yo egziste grasa pèmisyon l. Se poutètsa Pòl te kapab ekri : “ Otorite ki egziste yo se Bondye ki plase yo nan pozisyon souzòd yo ye a. ” Ki sa sa siyifi apwopo otorite sou tè a ? Sa siyifi sou tè a, otorite yo souzòd oswa yo enferyè parapò ak otorite Bondye (Jan 19:10, 11). Kidonk, lè lalwa lèzòm an konfli ak lalwa Bondye, kretyen yo fèt pou kite konsyans yo Bib la fin fòme a gide yo. Yo dwe “ obeyi Bondye kòm chèf pase pou yo obeyi lèzòm ”. — Travay 5:29.

8. Ki byenfè otorite siperyè yo pwokire w, e kouman w kapab demontre ou soumèt ou devan yo ?

8 Men byen souvan, otorite siperyè nan gouvènman yo aji nan sans ‘ minis Bondye pou byen nou ’. (Women 13:4.) Ki jan ? Enben sonje bann sèvis otorite yo rann, tèlke sèvis lapòs k ap distribye kourye, sèvis lapolis, sèvis ponpye, sèvis d ijyèn ak depatman edikasyon. Pòl te ekri : “ Se poutètsa tou nou peye taks, paske yo se sèvitè piblik Bondye k ap sèvi tout tan pou sa menm. ” ​(Women 13:6). Sou kesyon taks oswa sou tout lòt egzijans lalwa, nou ta dwe “ kondi nou onètman ”. — Ebre 13:18.

9, 10. a) Ki sa ki fè otorite siperyè yo vin antre nan dispozisyon Bondye ? b) Poukisa li pa ta bon pou nou leve kanpe kont otorite siperyè yo ?

9 Pafwa, otorite siperyè yo fè abi ak pouvwa yo a. Èske sa fè nou pa gen devwa ankò pou nou soumèt anba yo ? Non, sa pa vle di sa. Jewova wè move zak otorite sa yo komèt (Pwovèb 15:3). Si l tolere dominasyon lòm ap egzèse a sa pa vle di li fèmen je sou kòripsyon k ap fèt, ni li pa mande nou fè sa nonplis. An reyalite, talè konsa Bondye “ pral krabinen tout wayòm sa yo, e l ap fini ak yo ”. Dominasyon gouvènman jis pa li a pral ranplase yo (Danyèl 2:44). Men anvan sa rive, otorite siperyè yo itil nan bi ki fè yo la a.

10 Pòl te esplike : “ Moun ki leve kanpe kont otorite leve kanpe kont dispozisyon Bondye. ” ​(Women 13:2). Otorite siperyè yo se “ dispozisyon ” Bondye nan sans yo kenbe yon bon mezi lòd nan sosyete a pou pa ta gen dezòd ak anachi. Leve kanpe kont yo se ta aji kontrè ak sa Bib la di e se ta ensanse. Ann pran yon egzanp : Sipozon ou ta fè yon operasyon e se koud yo koud ou. Byenke pwen kouti yo etranje nan kò a, men yo itil pou yon sèten tan. Retire yo anvan lè ta kapab danjere. Menm jan an, otorite gouvènman imen yo pa t antre nan pwogram orijinèl Bondye. Men jiskaske Wayòm ni an gouvènen latè nèt, gouvènman imen yo kenbe yon sèten antant nan sosyete a. Pou lemoman yo ranpli yon fonksyon konfòm ak volonte Bondye. Konsa nou ta dwe rete obeyisan anba otorite siperyè yo pandan n ap bay lalwa ak otorite Bondye premye plas.

OTORITE NAN FANMI

11. Ki jan w ta ka esplike prensip otorite a ?

11 Fanmi se baz sosyete moun sou tè a. Nan fanmi an, mari a ak madanm nan toulede se konpayon ki kapab youn anrichi lòt, e timoun yo kapab jwenn pwoteksyon ak fòmasyon pou lè yo vin gran (Pwovèb 5:15-21 ; Efezyen 6:1-4). Yon si bèl dispozisyon konsa bezwen òganize yon fason pou manm fanmi an viv nan lapè ak nan amoni. Pou sa ka konsa, Jewova etabli prensip otorite ki rezime nan 1 Korentyen 11:3 a. Prensip sa a di : “ Chèf tout gason se Kris, e chèf tout fanm se gason, e chèf Kris se Bondye. ”

12, 13. Kilès ki alatèt nan yon fanmi, e ki sa nou aprann nan fason Jezi te manifeste otorite l ?

12 Mari a se alatèt fanmi an. Sepandan li gen yon chèf sou tèt li, se Jezi Kris. Pòl te ekri : “ Mari, se pou nou kontinye renmen madanm nou, tankou Kris tou te renmen kongregasyon an, e li te livre tèt li li menm pou li. ” ​(Efezyen 5:25). Yon mari demontre li soumèt devan Kris lè l trete madanm ni menm jan Jezi te toujou trete kongregasyon an (1 Jan 2:6). Jezi gen gwo pouvwa nan men l, men li sèvi ak li ak anpil dousè, anpil lanmou e yon fason trè rezonab (Matye 20:25-28). Lè Jezi te sou tè a, li pa t janm fè abi pouvwa. Li te gen ‘ karaktè dou e li te gen kè enb ’. Li te rele disip li yo “ zanmi ” olye l te rele yo “ esklav ”. Li te pwomèt yo : “ M ap rekonfòte nou ”, e se sa li te fè. — Matye 11:28, 29 ; Jan 15:15.

13 Egzanp Jezi a aprann mari yo pozisyon chèf kretyen an pa siyifi domine yon fason brital. Okontrè otorite a mache ak respè ak lanmou ki gen abnegasyon. Sa montre klè maltrete oswa joure moun ou marye avè l la pa ladann ditou (Efezyen 4:29, 31, 32 ; 5:28, 29 ; Kolosyen 3:19). Si yon nonm ki kretyen maltrete madanm ni konsa, lòt bèl zèv li yo t ap san valè, epi priyè l yo t ap jwenn anpechman. — 1 Korentyen 13:1-3 ; 1 Pyè 3:7.

14, 15. Kouman konesans Bondye ka ede yon madanm pou l soumèt devan mari l ?

14 Lè yon mari suiv egzanp Kris, madanm ni ap obeyi pawòl Efezyen 5:22, 23 a pi fasil : “ Se pou madanm yo soumèt devan mari yo tankou yo soumèt devan Seyè a, paske mari a se chèf madanm ni tankou Kris tou se chèf kongregasyon an. ” Menm jan mari a dwe soumèt devan Kris, madanm nan tou dwe soumèt devan mari li. Epitou, Bib la di klè fanm kapab yo merite onè ak lwanj pou sajès yo ki sòti nan Bondye, e akòz yo travayan. — Pwovèb 31:10-31.

15 Soumisyon yon kretyèn dwe mari li gen limit. Sa vle di si soumèt devan mari li t ap mennen l vyole lalwa Bondye, se Bondye li dwe obeyi pito pase pou l obeyi lòm. Menm nan ka sa a, atitid fèm yon fanm devan lalwa Bondye ta dwe tanpere ak yon “ lespri dou e pezib ”. Li ta dwe klè pou tout moun konesans Bondye a fè l vin yon pi bon madanm (1 Pyè 3:1-4). Se menm jan pou yon mari madanm ni se yon enkwayan. Prensip Bib la l ap mete an pratik ta dwe fè l vin yon pi bon mari.

16. Kouman timoun yo ka kopye sou egzanp Jezi lè l te jèn ?

16 Men jan Efezyen 6:1 esplike wòl timoun yo : “ Timoun, se pou nou obeyi paran nou selon Seyè a, paske sa jis. ” Tout timoun ki kretyen suiv egzanp Jezi. Toupandan Jezi t ap grandi, li te kontinye soumèt devan paran l yo. Kòm yon tigason obeyisan, “ Jezi te kontinye pwogrese nan sajès, nan devlopman fizik ak nan favè devan Bondye kon devan lèzòm. ” — Lik 2:51, 52.

17. Ki efè fason paran yo demontre otorite yo genyen sou pitit yo ?

17 Fason paran yo pran reskonsablite yo kapab demontre pi devan si pitit yo ap respekte otorite, oswa si y ap an rebelyon kont li (Pwovèb 22:6). Paran yo ta dwe mande yo : ‘ Èske m egzèse otorite m nan ak amou oswa ak britalite ? Èske m sitirè ? ’ Yo atann aske yon paran ki gen atachman pou Bondye demontre lanmou ak konsiderasyon, men se pou l rete atache fèm ak prensip Bondye yo. Pòl te gen rezon ekri : “ Nou menm papa, se pa pou nou irite pitit nou yo, men se pou nou kontinye leve yo nan disiplin ak nan avètisman Jewova yo. ” — Efezyen 6:4 ; Kolosyen 3:21.

18. Kouman paran yo ta dwe bay disiplin ?

18 Paran yo ta dwe reflechi sou fason y ap leve pitit yo, sitou si yo vle pou yo obeyisan e si yo vle pou yo fè kè yo kontan (Pwovèb 23:24, 25). Dapre Bib la, bay disiplin se toudabò bay yon fòm enstriksyon (Pwovèb 4:1 ; 8:33). Li marinen avèk lanmou ak dousè, men pa ak kolè ni ak britalite. Donk paran kretyen yo dwe aji avèk sajès, epi yo dwe gen metriz lè y ap korije pitit yo. — Pwovèb 1:7.

OTORITE ANNDAN KONGREGASYON AN

19. Ki jan Bondye prevwa pou kongregasyon an byen òganize ?

19 Piske Jewova se yon Bondye ki gen lòd, li rezonab pou l ta bay pèp li a yon direksyon ki fè otorite e ki byen òganize. Se poutètsa li nonmen Jezi chèf kongregasyon an (1 Korentyen 14:33, 40 ; Efezyen 1:20-23). Sou direksyon envizib Kris, Bondye otorize yon dispozisyon ki fè ansyen yo ki etabli nan chak kongregasyon pran swen twoupo a de bongre ak anpresman anmenmtan ak lanmou (1 Pyè 5:2, 3). Asistan ministeryèl yo ede yo nan divès fason e yo rann yon sèvis presye nan kongregasyon an. — Filipyen 1:1.

20. Poukisa nou ta dwe soumèt nou devan ansyen nan kongregasyon an, e ki avantaj sa gen ladann ?

20 Alega kretyen ki ansyen yo Pòl te ekri : “ Se pou n obeyi moun k ap dirije nou yo, e se pou n soumèt nou, paske y ap veye tout tan sou nanm nou kòm òm ki gen kont pou rann, dekwa pou yo fè l ak lajwa e non pa nan plenyen, paske sa t ava yon domaj pou nou. ” ​(Ebre 13:17). Nan sajès li, Bondye bay siveyan yo reskonsablite pou yo toujou sousye yo de bezwen espirityèl moun ki nan kongregasyon an. Ansyen sa yo pa fòme yon kò klèje. Yo se sèvitè anmenmtan yo se esklav Bondye k ap sèvi kretyen parèy yo selon sa yo bezwen, tankou Jezi Kris Mèt nou an te fè l (Jan 10:14, 15). Lè nou konnen gen moun espirityèl kalifye, selon Bib la, ki enterese nan pwogrè ak nan devlopman espirityèl nou, sa ankouraje nou kopere, sa ankouraje nou soumèt nou. — 1 Korentyen 16:16.

21. Ki jan ansyen yo fè efò pou ede kretyen konpayèl yo nan domèn espirityèl ?

21 Pafwa gen mouton ki pèdi wout oswa ki an danje akòz eleman malfezan nan monn nan. Sou direksyon Bèje an chèf la, ansyen yo, bèje annapre yo, montre yo veyatif sou bezwen mouton yo reskonsab yo, epi yo prese ba yo swen pèsonèl (1 Pyè 5:4). Yo rann manm kongregasyon an vizit e yo pote pawòl ankourajman pou yo. Piske ansyen yo konnen Dyab la ap chèche detwi lapè pèp Bondye a, yo sèvi ak sajès ki soti anwo a pou yo rezoud pwoblèm yo (Jak 3:17, 18). Yo travay di pou konsève inyon nan kongregasyon an, inyon nan lafwa Jezi li menm te priye pou li a. — Jan 17:20-22 ; 1 Korentyen 1:10.

22. Ki èd ansyen yo bay an ka move aksyon ?

22 Sa k pase lè yon kretyen ap sibi lemal oswa li vin dekouraje paske li komèt yon peche ? Konsèy kalman nou jwenn nan Bib la ak lapriyè sensè ansyen yo fè pou li, kapab ede l rejwenn sante espirityèl li (Jak 5:13-15). Mesye sa yo lespri sen etabli a, yo gen otorite tou pou disipline e pou reprimande nenpòt moun ki chita ap fè sa ki mal oswa ki reprezante yon danje pou pwòpte moral ak pwòpte espirityèl kongregasyon an (Travay 20:28 ; Tit 1:9 ; 2:15). Pou kenbe kongregasyon an pwòp, li nesesè pou moun ki temwen yon peche grav mete yo okouran (Levitik 5:1). Si yon kretyen ki komèt yon peche grav asepte disiplin ak reprimann ki fonde sou Pawòl Bondye a e li bay prèv vrè repantans lan, y ap ede l. Natirèlman, moun ki pèsiste peche kont lalwa Bondye e ki pa repanti, yo ranvwaye yo. — 1 Korentyen 5:9-13.

23. Ki travay siveyan kretyen yo fè pou byen kongregasyon an ?

23 Bib la te anonse sou rèy Jezi Kris, Wa a, yo ta etabli dè zòm ki gen matirite espirityèl pou konsole pèp Bondye a, pou pwoteje li e pou rafrechi li (Izayi 32:1, 2). Pou ankouraje devlopman espirityèl li, yo ta pran devan kòm bèje, kòm anseyan nan travay evanjelize a (Efezyen 4:11, 12, 16). Kwak siveyan kretyen yo dwe pafwa rele dèyè konpayèl kwayan yo, reprimande yo oswa egzòte yo, si chak moun mete bonjan ansèyman ansyen sa yo bay an pratik, ansèyman yo tire nan Pawòl Bondye a, sa ap ede yo rete sou chemen lavi a. — Pwovèb 3:11, 12 ; 6:23 ; Tit 2:1.

ASEPTE JAN JEWOVA WÈ OTORITE

24. Ki kalite eprèv ki devan nou chak jou ?

24 Se sou kesyon soumisyon devan otorite premye òm ak premye fanm nan te sibi tès. Se pa etonan si chak jou nou oblije pase anba menm kalite tès la. Satan Ledyab ap ankouraje lespri rebelyon pami lèzòm (Efezyen 2:2). Li fè chemen endepandans parèt atiran, li fè l parèt siperyè pase chemen soumisyon.

25. Ki avantaj n ap jwenn si nou rejte espri rebelyon monn nan e si nou soumèt nou anmenmtan anba otorite Bondye oswa otorite li tolere ?

25 Epoutan, nou dwe rejte lespri rebelyon monn nan. Nan aji konsa, n ap dekouvri soumisyon konfòm ak volonte Bondye pote yon seri gwo rekonpans. Paregzanp, n ap evite enkyetid ak desepsyon moun ki nan pwoblèm ak otorite mete tèt yo. N ap redui tansyon ki blayi sou anpil fanmi. E n ap kontan benefisye anbyans chalè ak lanmou kretyen konpayèl nou yo. Anplis tou sa, soumèt nou ann akò ak volonte Bondye ap pèmèt nou abouti nan yon bonjan relasyon avèk Jewova, Otorite siprèm nan.

TESTE KONESANS OU

Kouman Jewova manifeste otorite l ?

Kilès ki otorite siperyè yo, epi kouman pou nou soumèt devan yo ?

Ki reskonsablite prensip otorite a bay chak manm nan fanmi an ?

Kouman nou kapab demontre soumisyon nan kongregasyon an ?

[Kesyon]

[Kare nan paj 134]

YO SOUMÈT, YO PA NAN SOULÈVMAN

Lè y ap preche an piblik Temwen Jewova yo pale de Wayòm Bondye a kòm sèl espwa vrè lapè ak vrè sekirite pou limanite. Men, nan okenn ka, pwoklamatè zele Wayòm Bondye a pa reprezante yon menas pou gouvènman peyi y ap viv la. Okontrè, Temwen Jewova yo pami sitwayen ki pi respektab e ki pi respekte lalwa. Men sa gouvènè yon gran peyi Afrik te di : “ Si tout relijyon te menm jan ak Temwen Jewova, nou pa t ap tande pale de zak asasinay, ni kase kay, ni delenkan, ni prizonye, ni bonm atomik. Pòt pa t ap bezwen rete fèmen akle jou apre jou. ”

Paske otorite anpil peyi rekonèt sa, yo pèmèt Temwen Jewova yo fè travay predikasyon an lib. Nan dòt peyi, lè otorite yo rann yo kont Temwen Jewova yo egzèse bon enfliyans, yo leve baboukèt ak entèdiksyon yo te mete kont yo. Sa pòtre ak sa apòt Pòl te ekri sou obeyisans pou otorite siperyè yo : “ Kontinye fè byen, epi w ap jwenn lwanj pou sa. ” — Women 13:1, 3.