Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Poukisa moun vyeyi e poukisa moun mouri ?

Poukisa moun vyeyi e poukisa moun mouri ?

Chapit 6

Poukisa moun vyeyi e poukisa moun mouri ?

1. Ki sa save lasyans yo pa ka rive esplike sou lavi moun ?

SAVE lasyans yo pa konnen poukisa lèzòm vyeyi e poukisa yo mouri. Sanble sèlil nan kò nou ta dwe toujou ap renouvle e konsa nou ta dwe viv pou tout tan. Men sa yon liv japonè sou anatomi (Hyojun Soshikigaku) di : “ Enfliyans sèlil ki ap vyeyi yo genyen sou yon moun ki ap granmoun ak sou lanmò li, se yon gwo mistè. ” Yon bann save lasyans panse lavi a gen yon limit “ natirèl e moun fèt avè l ”. Èske w panse yo gen rezon ?

2. Akòz dire lavi a kout, ki sa kèk moun chèche fè ?

2 Lèzòm te toujou swaf viv pi lontan e yo menm deja eseye fè rechèch pou moun viv nètale. Depi katriyèm syèk anvan epòk nou an, remèd ki sipoze fè moun vin imòtèl te atire gran notab chinwa yo. Apresa sèten lanperè chinwa yo te eseye swadizan posyon lavi sa yo ki te konpoze ak mèki e yo te mouri. Toupatou sou latè, moun kwè lanmò se pa finisman lavi. Boudis, Endou, Mizilman ak lòt ankò, yo tout ap miyonnen bèl espwa kòmkwa apre lanmò, lavi kontinye. Nan kretyènte a anpil moun anvizaje yon egzistans apre lanmò, yon bonè nan syèl.

3. a) Ki sa ki fè lèzòm toujou ap fè rechèch lavi etènèl ? b) Ki kesyon sou lanmò ki merite repons ?

3 Lide bonè apre lanmò sa yo vle di moun ta renmen viv etènèlman. Men sa Bib la di sou lide letènite Bondye mete nan nou an : “ Menm tan endefini, li te mete nan kè yo. ” ​(Eklezyas 3:11). Li te kreye premye moun yo pou lavi etènèl isiba (Jenèz 2:16, 17). Kidonk, poukisa moun mouri ? Kouman lanmò te fè antre nan monn nan ? Konesans Bondye bay la eklèsi kesyon sa yo. — Sòm 119:105.

YON KONPLO MAKAWON

4. Kouman Jezi te idantifye kriminèl ki reskonsab lanmò lèzòm nan ?

4 Yon kriminèl pap pa eseye efase prèv krim li fè. Se menm ka a tou pou sila ki reskonsab yon krim ki lakòz lanmò plizyè milya moun. Li te fè mannigans defason pou l kouvri kòz lanmò lèzòm anba yon vwal mistè. Jezi Kris te idantifye kriminèl sa a, lè l te di moun ki t ap chèche touye l yo : “ Nou menm, nou soti nan papa nou Ledyab, e nou vle satisfè dezi papa nou. Li menm sa a, se yon asasen li ye depi l te kòmanse, e li pa t kenbe fèm nan laverite a, paske laverite a pa nan li. ” — Jan 8:31, 40, 44.

5. a) Kreyati ki vin Satan Ledyab la kilès li te ye okòmansman ? b) Ki sa mo “ Satan an ” siyifi, ki sa mo “ Dyab la ” siyifi ?

5 Toutbonvre, Dyab la se yon “ asasen ” malveyan. Bib la fè konnen se yon pèsòn menm li ye, se pa lemal ki nan kè yon moun (Matye 4:1-11). Kwak se te yon zanj jis lè Bondye te kreye l, “ li pa t kenbe fèm nan laverite a ”. Non Satan Ledyab yo vin ba li a, ala l tonbe daplon ! (Revelasyon 12:9). Yo te rele li “ Satan ” oswa “ opozan ”, paske li te opoze ak Jewova e li te reziste kont li. Yo te rele kriminèl sa a “ Dyab ” tou, ki vle di “ medizan ”, paske nan blasfèmen Bondye li te fè l pase pou sa l pa ye.

6. Ki sa ki te eksite Satan fè rebelyon kont Bondye ?

6 Ki sa ki te eksite Satan fè rebelyon kont Bondye ? Gwo tanta. Se gwo tanta ki te fè l anvye sò Jewova pou adorasyon moun t ap ba li. Dyab la pa t rejte dezi pou moun ba li adorasyon an ki revni Kreyatè a inikman dedwa (gade Ezekyèl 28:12-19). Okontrè, zanj ki vin Satan an te nouri dezi afre sa a jiskaske dezi a fekonde, epi li kale peche. — Jak 1:14, 15.

7. a) Ki sa ki lakòz lanmò lèzòm? b) Ki sa peche ye ?

7 Nou fin idantifye koupab zak kriminèl ki reskonsab lanmò lèzòm nan. Men ojis, pou ki rezon menm lèzòm mouri ? Bib la di : “ Pikan ki bay lanmò a, se peche. ” ​(1 Korentyen 15:56). E ki sa peche ye ? Pou nou konprann mo sa a, annou fè yon ti rete sou sans mo yo itilize nan lang yo te ekri Bib la. An jeneral, kit se ann ebre kit se an grèk, vèb yo tradui nan plas “ peche ” a vle di “ rate ”, nan sans rate yon objektif oswa echwe ladann. Ki objektif nou tout rate ? Objektif pou nou bay Bondye yon obeyisans totalkapital. Men, kouman peche te fè antre nan monn nan ?

KONPLO A MACHE

8. Ki jan Satan te fè pou mennen lèzòm adore li ?

8 Satan te pran san li pou l monte yon konplo li te panse ki ta mennen li domine tout moun e ki ta fè yo adore li. Li te deside pouse premye mesyedam yo, Adan ak Èv, peche kont Bondye. Jewova te bay premye paran nou yo konesans ki ta mennen yo nan lavi etènèl. Yo te konnen Kreyatè yo a te bon, piske li te mete yo nan bèl jaden Edenn nan. Pèsonèlman, Adan te santi bonte Jewova Papa li ki nan syèl la, lè l te ba li yon bèl madanm pou ede li (Jenèz 1:26, 29 ; 2:7-9, 18-23). Lavi etènèl de premye moun yo te depann de obeyisans yo alega Bondye.

9. Ki lòd Bondye te bay premye òm nan, e ki sa ki fè kòmandman sa a te rezonab ?

9 Bondye te bay Adan kòmandman sa a : “ Nan tout pyebwa nan jaden an ou mèt manje jis ou rasazye. Men kanta pou pyebwa konesans byen ak mal la, ou pa dwe manje ladann, paske lejou w manje ladann, w ap mouri san mank. ” ​(Jenèz 2:16, 17). Kòm Jewova se Kreyatè, se te tout dwa li pou l etabli prensip moral e pou l deside sa ki te byen ak sa ki te mal pou kreyati li yo. Kòmandman li te bay la te rezonab, paske Adan ak Èv te lib pou yo manje fwi tout lòt pyebwa nan jaden an. Yo ta ka demontre yo apresye dominasyon lejitim Jewova a lè yo obeyi lwa sa a, olye pou yo ta kite ògèy fè yo vini ak prensip moral pa yo.

10. a) Ak ki mwayen Satan te sèvi pou mennen lèzòm pran pati pou li ? b) Ki move entansyon Satan te bay Jewova pote ? c) Ki sa ou menm ou panse de atak Satan kont Bondye a ?

10 Dyab la t ap mennen konplo pou li fè de premye moun yo vire do bay Bondye. Satan te tonbe bay manti pou l te ka fè yo pran pati pou li. Nan sèvi ak yon sèpan menm jan yon moun ki konn pale san bouch li pa bat sèvi ak yon maryonèt, Dyab la te mande Èv : “ Èske se vre Bondye di, nou pa dwe manje fwi nan okenn pyebwa nan jaden an ?” Lè Èv te repete kòmandman Bondye a, Satan te deklare : “ Nou pap mouri pyès. ” Ansuit, li bay Jewova pote yon bann move entansyon pandan li di : “ Bondye konnen lejou nou manje ladann, je nou pap manke pa ouvri, e san mank, n ap vin tankou Bondye, nan konnen sa ki byen ak sa ki mal. ” ​(Jenèz 3:1-5). Konsa, Dyab la te fè konprann genyen debon Bondye pa t vle yo jwenn. Ala yon vèni li lage sou Jewova, Papa veridik ki nan syèl la, ki sitan renmen nou an !

11. Kouman Adan ak Èv te vin konplis Satan ?

11 Èv te gade pyebwa a ankò, e fwa sa a, fwi ladan li te sanble li vin espesyalman apetisan. Se konsa li te pran fwi a e li te manje li. Annapre, mari li Adan, pou bongre l, te mete tèt ansanm avè li nan zak dezobeyisans koupab sa a kont Bondye (Jenèz 3:6). Aktout se Èv Dyab la te twonpe, ni li menm ni Adan, yo toulede te soutni Satan nan konplo pou l domine tout moun nan. Lè yo te aji konsa yo te vin tounen konplis li. — Women 6:16 ; 1 Timote 2:14.

12. Ki rezilta rebelyon lèzòm kont Bondye a te bay ?

12 Adan ak Èv te oblije sibi konsekans zak yo a. Yo pa t okenn gen yon konesans espesyal ki fè yo vin tankou Bondye. Okontrè, yo te santi yo wont e yo menm yo te al kache. Jewova te mande Adan pou l vin rann kont epi li te ba l santans sa a : “ Se pou swè koule nan figi w pou w jwenn pen pou w manje jiskaske w retounen nan tè a, paske se ladann ou te soti. Paske ou se pousyè, e w ap retounen nan pousyè. ” ​(Jenèz 3:19). “ Jou ” premye paran nou yo te manje fwi pyebwa konesans byen ak mal la, Bondye te ba yo kondanasyon yo e yo te mouri nan je l. Apresa li te mete yo deyò nan paradi a, epi kò yo te kòmanse desann pant vyeyès la nan direksyon lanmò.

KOUMAN PECHE AK LANMÒ TE FÈ SIMAYE

13. Ki jan peche fè blayi sou tout moun nèt ?

13 Konplo Satan te marinen pou lèzòm adore l la sanble te reyisi. Poutan, Satan pa t kapab kenbe adoratè li yo vivan. Lè peche te kòmanse aji nan kò premye mesyedam yo, yo vin pa t ka transmèt pèfeksyon bay desandan yo. Tankou yon mak ki grave fon nan wòch, tras peche a te grave fon nan jèn premye paran nou yo. Konsa, se sèlman pitit ki fèt nan peche yo menm yo te ka fè. E piske se apre Adan ak Èv te fin peche yo te fè pitit, tout desandan yo eritye peche ak lanmò. — Sòm 51:5 ; Women 5:12.

14. a) Ak kilès nou ka konpare moun ki nye yo se pechè ? b) Ki jan Izrayelit yo te fè pran konsyans yo se pechè ?

14 Toutfwa jounen jodi a, anpil moun pa konsidere yo se pechè. Gen kote nan lemonn, lide moun eritye peche a, an jeneral yo pa konnen ni. Men, sa pa pwouve peche pa egziste. Yon ti gason figi sal kapab pretann figi li pwòp. Se apre l fin gade nan yon glas sèlman li kapab konvenki otreman. Izrayelit lontan yo te sanble ak yon ti gason konsa nan moman yo te resevwa lalwa Bondye te voye Moyiz, pwofèt li, pote ba yo a. Lalwa te montre klè peche egziste. Apot Pòl esplike : “ Reyèlman, mwen pa t ap rive konnen peche si pa t gen lalwa. ” ​(Women 7:7-12). Menm jan ak ti gason ki t ap gade nan glas la, Izrayelit yo te ka gade nan lalwa pou yo te wè yo pa t pwòp nan je Jewova.

15. Lè nou gade nan glas Pawòl Bondye a, ki sa li fè nou wè klè ?

15 Nan gade nan glas Pawòl Bondye a e nan gade prensip li yo, nou kapab rann nou kont nou se pechè (Jak 1:23-25). Paregzanp, annou konsidere sa Jezi te di disip li yo sou lanmou pou Bondye ak lanmou pou pwochen, nan Matye 22:37-40. Lèzòm tèlman rate objektif la souvan sou pwen sa yo ! Anpil pa santi yo gen pyès remò konsyans dèske yo pa demontre lanmou pou Bondye oswa lanmou pou pwochen yo. — Lik 10:29-37.

FÈ ATANSYON AK TAKTIK SATAN YO

16. Ki sa pou nou fè pou nou pa viktim anba riz Satan yo, e sa ki fè sa difisil ?

16 Satan ap chèche fè nou pratike peche pa espre (1 Jan 3:8). Èske gen yon mwayen pou nou pa viktim anba riz li yo ? Wi, men sa mande pou nou konbat tandans fè peche pa espre a. Se pa fasil, paske tandans peche nou eritye a trè fò (Efezyen 2:3). Pòl te oblije lite anpil. Poukisa ? Paske peche a te abite nan li. Si nou vle Bondye apwouve nou, fòk nou menm tou nou konbat tandans peche ki nan nou an. — Women 7:14-24 ; 2 Korentyen 5:10.

17. Ki sa ki fè lite kont tandans fè peche a vin pi difisil ?

17 Batay n ap mennen kont peche a pa fasil, paske se toutan Satan ap chèche okazyon pou mennen nou vyole lalwa Bondye (1 Pyè 5:8). Tèt chaje Pòl te genyen pou konpayon kretyen li yo te fè l di : “ Mwen pè, yon fason oswa yon lòt, menm jan sèpan an te sedui Èv avèk riz, pou entèlijans nou pa vin kòwonpi lwen senserite ak konduit pwòp nou genyen grasa Kris la. ” ​(2 Korentyen 11:3). Satan sèvi ak menm taktik yo jodi a. L ap chèche simen dout sou bonte Jewova e sou avantaj ki genyen lè yon moun obeyi kòmandman Bondye yo. Dyab la ap chèche pwofite tandans peche ki nan nou an pou l fè nou gen ògèy, gwo tanta, rayisman ak prejije.

18. Kouman Satan sèvi ak monn nan pou l bay peche jarèt ?

18 Youn nan enstriman Dyab la sèvi avè l kont nou, se monn ki anba pouvwa l la (1 Jan 5:19). Si nou pa sou pinga nou, moun kòwonpi ak moun malonèt ki alantou nou nan monn nan ap eksite nou pran chemen peche ki vyole prensip moral Bondye yo (1 Pyè 4:3-5). Anpil moun pa bay lalwa Bondye enpòtans, e yo menm toufe konsyans yo jiskaske yo fè l vin pa sansib ankò (Women 2:14, 15 ; 1 Timote 4:1, 2). Gen sèten moun ki glise tikras pa tikras al nan yon chemen menm konsyans pechè yo a pa t pèmèt yo suiv oparavan. — Women 1:24-32 ; Efezyen 4:17-19.

19. Poukisa mennen senpleman yon vi pwòp pa sifi ?

19 Rive mennen yon vi pwòp nan monn kounye a, se yon gwo zafè. Sepandan, sa pa sifi pou nou fè Kreyatè nou an plezi. Fòk nou fè plis. Nou dwe gen lafwa nan Bondye, e nou dwe rekonèt reskonsablite nou devan li (Ebre 11:6). Disip Jak te ekri : “ Si yon moun konnen pou l fè sa ki jis, epoutan li pa fè l, se yon peche pou li. ” ​(Jak 4:17). Wi, si pou bongre yon moun, li pa okipe Bondye ak kòmandman li yo, sa a deja se yon fòm peche.

20. Ki jan Satan ka eseye anpeche w fè sa ki jis, men ki sa ki pral ede w reziste anba presyon li yo ?

20 Nan etid biblik w ap fè a, li pwobab pou Satan kreye w opozisyon, pou l fè w sispann chèche konesans Bondye a. Sensèman nou swete ou pap sede anba presyon ki vize pou depèswade w pratike sa ki jis (Jan 16:2). Diran tan ministè Jezi, yon bann chèf te vin gen lafwa nan li, men yo pa t avwe sa, paske yo te pè pou kominote a pa rejte yo (Jan 12:42, 43). Satan ap mennen mannigans san pitye pou entimide nenpòt moun k ap chèche gen konesans Bondye a. Toutfwa, fòk ou toujou sonje tout mèvèy Jewova fè e fòk ou demontre l ou gen rekonesans. Petèt menm w ap kapab ede opozan yo vin gen menm rekonesans avè w.

21. Kouman nou ka rive venk monn nan ak tandans fè peche nou genyen an ?

21 Toutotan nou se pechè n ap fè peche (1 Jan 1:8). Men sepandan, nou pa pou kont nou nan batay sa a. Wi, li posib pou nou pote laviktwa nan batay kont mechan an, Satan Ledyab (Women 5:21). Nan finisman ministè Jezi sou tè a, men pawòl li te di disip li yo pou l te ankouraje yo : “ Nou gen tribilasyon nan monn nan, men pran kouray ! Mwen venk monn nan. ” ​(Jan 16:33). Malgre lèzòm se pechè, grasa èd Bondye li posib pou yo venk monn nan. Satan pa gen pouvwa sou moun ki kenbe tèt ak li e ki ‘ soumèt devan Bondye ’. (Jak 4:7 ; 1 Jan 5:18.) Tankou nou pral wè sa, Bondye te prevwa yon mwayen pou nou soti nan esklavaj peche ak lanmò.

TESTE KONESANS OU

Kilès Satan Ledyab ye ?

Poukisa moun vyeyi e poukisa yo mouri ?

Ki sa peche ye ?

Kouman Satan fè pou l mennen moun fè peche pa espre kont Bondye ?

[Kesyon]

[Gwo foto nan paj 54]