Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Sa Bondye te fè pou sove limanite

Sa Bondye te fè pou sove limanite

Chapit 7

Sa Bondye te fè pou sove limanite

1, 2. a) Kouman yon ofisye militè women te rive konprann kilès ki te Pitit Bondye a ? b) Poukisa Jewova te asepte Jezi mouri ?

SA GEN prèske 2 000 an, yon aprèmidi sezon prentan, yon ofisye militè women t ap siveye twa zòm ann agoni ki t ap mouri antife. Sòlda a te sitou remake youn nan yo, Jezi Kris, yo te kloure sou yon poto an bwa. Alòske Jezi t apral mouri, gwo midi, syèl la te vin tou nwa. Lè l te fin mouri te gen yon vyolan tranblemanntè, e sòlda a te rele byen fò : “ Vrèman, nonm sa a se te Pitit Bondye vre. ” — Mak 15:39.

2 Pitit Bondye ! Sòlda a te gen rezon. Li te fèk temwen pi enpòtan evènman moun potko janm wè rive sou tè a. Nan lòt okazyon anvan, Bondye li menm te konn rele Jezi Pitit Gason byenneme l la (Matye 3:17 ; 17:5). Poukisa Jewova te asepte Pitit Gason l lan mouri ? Paske se mwayen sa a Bondye te prevwa pou sove limanite anba peche ak lanmò.

CHWAZI POU YON PWOGRAM ESPESYAL

3. Poukisa li te nòmal pou se sèl Pitit Bondye fè a li te chwazi pou reyalize yon pwogram espesyal konsènan lèzòm ?

3 Tankou nou te aprann deja nan liv sa a, Jezi te egziste anvan li te vin òm. Yo te rele l ‘ sèl Pitit Bondye fè ’ a, paske se Jewova pou kont li ki te kreye l. Apresa, Bondye te sèvi ak Jezi pou fè tout lòt bagay yo (Jan 3:18 ; Kolosyen 1:16). Jezi te gen yon afeksyon espesyal pou lèzòm (Pwovèb 8:30, 31). Kidonk, se pa etonan lè lèzòm te tonbe anba kondanasyon amò a, se sèl Pitit Jewova fè a li te chwazi pou reyalize yon pwogram espesyal.

4, 5. Ki sa Bib la te revele sou Semans mesyanik la anvan menm Jezi te vin sou tè a ?

4 Lè Bondye t ap pwononse santans sou Adan, Èv ak Satan nan jaden Edenn nan, li te sèvi ak mo “ semans ” pou pale de Sovè k ap vini an. Semans sa a oswa posterite a ta vini pou fè disparèt tout kalamite terib Satan Ledyab, “ sèpan orijinèl la ” te pote. Konsa, Semans Jewova te pwomèt la ta kraze Satan ak tout patizan l yo. — Jenèz 3:15 ; 1 Jan 3:8 ; Revelasyon 12:9.

5 Pandan plizyè syèk, tikras pa tikras, Bondye te bay plis ransèyman sou Semans la yo te rele Mesi a tou. Jan tablo paj 37 la montre l, yon bann pwofesi te bay detay sou anpil aspè lavi li sou tè a. Paregzanp, pou akonpli wòl li nan pwogram Bondye a fòk li ta soufri anba terib move tretman. — Izayi 53:3-5.

POUKISA MESI A TA DWE MOURI ?

6. Selon Danyèl 9:24-26, ki sa Mesi a t apral akonpli, e ki jan ?

6 Pwofesi nou jwenn nan Danyèl 9:24-26 la te anonse Mesi a, Wen Bondye a, ta reyalize yon gran pwogram. Li ta vin sou tè a pou l “ mete yon pwen final nan transgresyon, pou l elimine peche e pou fè redanmsyon pou fot, e pou pote jistis ” pou toutan. Mesi a ta va libere tout moun ki fidèl anba kondanasyon amò a. Men kouman l ta fè sa ? Pwofesi a esplike yo ta “ tranche ” li, sa vle di yo ta touye l.

7. Poukisa Jwif yo te konn ofri sakrifis zannimo, e ki bagay sakrifis sa yo te anonse ?

7 Izrayelit lontan yo te abitye ak pawòl fè pwopisyasyon pou fot la. Nan adorasyon yo a selon lalwa Bondye te bay Moyiz ba yo a, regilyèman yo te konn ofri sakrifis zannimo. Sa te konn fè Izrayelit yo sonje lèzòm bezwen yon bagay pou fè redanmsyon oswa pou kouvri peche yo. Apot Pòl te rezime prensip la konsa : “ Pa gen padon amwenske gen san vèse. ” ​(Ebre 9:22). Kretyen pa sou lalwa Moyiz ak egzijans li yo, tèlke sakrifis yo (Women 10:4 ; Kolosyen 2:16, 17). Epitou yo konnen sakrifis zannimo pa ka fè moun jwenn yon padon nèt e definitif pou peche. Depreferans ofrann sakrifis sa yo te anonse yon sakrifis ki gen pi plis valè lontan, sakrifis Mesi a oswa Kris la (Ebre 10:4, 10 ; gade Galat 3:24). Toutfwa, petèt w ap mande w, ‘ èske l te reyèlman nesesè pou Mesi a mouri ? ’

8, 9. Ki bagay ki gen yon gran valè Adan ak Èv te pèdi, e ki efè aksyon yo a genyen sou desandan yo ?

8 Wi, Mesi a te dwe mouri pou limanite te ka sove. Pou konprann rezon an, fòk nou retounen nan jaden Edenn nan, e eseye kapte ki gwosè sa Adan ak Èv te pèdi a lè yo te rebele kont Bondye. Yo te gen lavi etènèl devan yo ! Etan pitit Bondye yo te jwi tou yon relasyon dirèk avè l. Men lè yo te rejte dominasyon Jewova a, yo te pèdi tout sa, e yo te rale peche ak lanmò sou ras imen an. — Women 5:12.

9 Se te kòmsi premye paran nou yo te fin gaspiye yon gwo fòtin epi yo plonje nan yon kokenn dèt. Adan ak Èv kite eritaj dèt sa a pou pitit an pitit. Kidonk nou tout se pechè, nou tout kondane amò paske nou pa fèt san peche. Chak fwa nou malad oswa nou di yon pawòl blesan nou regrèt apre, se konsekans dèt nou eritye a kòm pechè (Women 7:21-25). Sèl espwa nou se rejwenn sa Adan te pèdi a. Poutan, nou pa ka jwenn lavi imen pafè a ak pwòp efò pa nou. Piske tout pechè komèt peche, se lanmò nou tout merite se pa lavi. — Women 6:23.

10. Ki sa ki te nesesè pou rachte sa Adan te pèdi a ?

10 Poutan, èske pa gen yon bagay yo ta ka bay ann echanj lavi Adan te pèdi a ? Prensip jistis Bondye egzije fòk se ta yon bagay egalego : “ nanm pou nanm ”. (Egzòd 21:23.) Konsa, fòk yo ta ofri yon lòt lavi pou rachte lavi ki te pèdi a. Nenpòt ki lavi konsa pa ta sifi. Konsènan lèzòm pechè, men sa nou li nan Sòm 49:7, 8 : “ Pa gen yo youn ki janm ka rachte yon frè ni ki ka bay Bondye yon ranson pou li (epi pri pou rachte nanm yo a tèlman chè, vrèmanvre l ap yon mank pou tan endefini). ” Èske sitiyasyon an sanzespwa ? Non, pa ditou !

11. a) Ki sa “ ranson ” vle di nan lang ebre ? b) Kilès sèl moun ki te ka rachte lèzòm, e poukisa ?

11 Nan lang ebre, mo “ ranson ” an vle di yon sòm lajan yo peye pou lage yon prizonye, li gen sans egalego tou. Se sèl yon òm lavi li pafè ki ta ka ofri yon lavi egalego ak sa Adan te pèdi a. Apre Adan, sèl òm pafè ki te fèt sou tè a se te Jezi Kris. Poutètsa, Bib la rele Jezi “ dènye Adan an ”, epi li ban nou asirans Kris “ te bay tèt li li menm an ranson ki koresponn pou tout moun ”. (1 Korentyen 15:45 ; 1 Timote 2:5, 6.) Alòske se lanmò Adan te transmèt pitit li yo, Jezi li menm bay eritaj lavi etènèl. Men esplikasyon 1 Korentyen 15:22 bay : “ Wi, menm jan nan Adan tout moun mouri, se konsa tou nan Jezi Kris, tout moun pral rejwenn lavi. ” Donk li nòmal pou yo rele Jezi “ Papa etènèl ”. — Izayi 9:6, 7.

KOUMAN RANSON AN TE FÈ PEYE

12. Ki lè Jezi te vin Mesi, e ki jan lavi li te vin ye apre sa ?

12 Ann otòn ane 29 epòk nou an, Jezi te ale kote Jan, yon fanmi li, pou l batize, e pa mwayen sa a prezante li pou akonpli volonte Bondye. Nan okazyon sa a, Jewova te sèvi ak lespri sen pou wenn Jezi. Se konsa Jezi te vin Mesi oswa Kris, moun Bondye te wenn nan (Matye 3:16, 17). Jezi te tou antreprann ministè l ki t apral dire twazan edmi. Li te vwayaje nan tout peyi kote l te ye a pou l preche Wayòm Bondye a, e pou l rasanble disip fidèl. Men tankou sa te predi, tousuit li te kòmanse jwenn opozisyon. — Sòm 118:22 ; Travay 4:8-11.

13. Ki evènman ki te mennen lanmò Jezi kòm òm ki te rete entèg ?

13 Avèk kouraj, Jezi te devwale ipokrizi lidè relijye yo, e yo te vize touye li. Finalman yo te rive monte yon konplo makawon ki te gen trayizon ladann : yo arete Jezi mal, yo fè yon fo jijman dèyè do lalwa, epi yo ba l pote move akizasyon kòmkwa li se moun ki kont gouvènman. Yo tonbe mete kou sou Jezi, yo krache sou li, yo pase l nan rizib, yo bat li ak yon fwèt ki fèt espre pou filange po l. Ansuit Pons Pilat, gouvènè women an, te kondane li pou l mouri sou yon poto mati. Yo te kloure li sou yon poto bwa, epi apre yo fin mete poto a kanpe li te rete pandye sou li. Chak fwa li respire se pa ti soufri li te soufri. Agoni li nan soufrans te pran plizyè èdtan anvan l te mouri. Pandan tout eprèv di sa yo, Jezi te rete pafètman entèg devan Bondye.

14. Poukisa Bondye te asepte Pitit Gason l lan soufri, e poukisa l te asepte li mouri ?

14 Se konsa 14 nizan ane 33 nan epòk nou an, Jezi te bay lavi li “ kòm ranson ann echanj pou anpil moun ”. (Mak 10:45 ; 1 Timote 2:5, 6.) Detan nan syèl la Jewova te ka wè ki jan chè Pitit Gason l lan t ap soufri, e ki jan li te mouri. Poukisa Bondye te kite yon bagay terib konsa rive ? Li te fè sa paske l renmen limanite. Jezi te di : “ Tèlman Bondye renmen lemonn, li bay sèl Pitit li fè a, poutèt pou nenpòt moun ki demontre lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi etènèl. ” ​(Jan 3:16). Lanmò Jezi aprann nou tou Jewova se yon Bondye jistis li pafè (Detewonòm 32:4). Gen moun ki te ka mande tèt yo, poukisa Bondye pa t pase sou prensip jistis li a ki egzije nanm pou nanm nan, e poukisa li pa t renonse peye pri pou move konduit Adan an. Rezon an se paske Jewova toujou soutni lalwa li pase, e li apiye yo menmsi sa koute l chè.

15. Piske sa ta yon enjistis si Jezi ta pèdi lavi li nèt, ki sa Jewova te fè ?

15 Jistis Jewova a te mande tou pou lanmò Jezi a pote bon rezilta. E lè w byen gade, èske sa ta jistis pou yon nonm fidèl tankou Jezi ta dòmi nèt pou tout tan nan lanmò ? Non natirèlman ! Ekriti ann ebre yo te pwofetize fidèl Bondye a pa t ap rete nèt nan tonbo a (Sòm 16:10 ; Travay 13:35). Li te andòmi nan lanmò, epi sou twazyèm jou a Jewova Dye te resisite l pou l viv kòm etan yon espri pisan. — 1 Pyè 3:18.

16. Ki sa Jezi te fè apre l te retounen nan syèl la ?

16 Yon fwa Jezi fin mouri, li te renonse pou toujou ak lavi kòm òm ni an. Depi l te fin leve pou lavi nan syèl la, Jezi te tounen yon espri k ap bay lavi. Anplis, lè Jezi monte nan pati linivè ki pi sen an, li te retounen al jwenn chè Papa li. E ofisyèlman, li te prezante ba li sa lavi imen pafè li a vo (Ebre 9:23-28). Valè lavi presye sa a te kapab sèvi anfavè moun ki obeyisan. Ki sa sa vle di pou ou ?

RANSON KRIS LA E OU MENM

17. Ki jan nou ka jwenn padon grasa sakrifis Kris te fè pou rachte nou an ?

17 Annou egzamine twa fason sakrifis redanmtè Kris la ka pote byenfè pou ou, menm kounye a. Premyèman, li pote padon pou peche. Se nan demontre lafwa nan san Jezi vèse a nou jwenn “ liberasyon grasa ranson an ”, wi, “ padon pou fot nou yo ”. (Efezyen 1:7.) Konsa menmsi nou te fè yon peche grav, nou ka mande Bondye padon nan non Jezi. Si toutbonvre nou repanti, Jewova ap fè nou benefisye nan sa sakrifis redanmtè Pitit Gason l lan vo a. Olye pou l egzije lapèn de mò nou merite akòz peche nou, l ap padone nou e l ap beni nou piske l ap ban nou yon bon konsyans. — Travay 3:19 ; 1 Pyè 3:21.

18. Nan ki sans sakrifis Jezi a ban nou espwa ?

18 Dezyèmman, sakrifis redanmtè Kris la se baz espwa nou pou lavni. Nan yon vizyon, apot Jan te wè “ yon gwo foul moun pèsonn pa ka konte ”, ki ta va chape vivan anba lafen katastwofik k ap vini sou sistèm de choz ki la kounye a. Poukisa moun ki fè pati gwo foul la pral chape vivan, alòske Bondye pral detwi yon bann lòt ? Yon anj te di Jan gwo foul la “ te lave wòb long yo, epi yo te blanchi yo nan san Ayo a ”, Jezi Kris (Revelasyon 7:9, 14). Toutotan nou demontre lafwa nan san Jezi Kris vèse a, e toutotan nou viv ann akò ak egzijans Bondye yo, n ap rete pwòp devan li, n ap gen espwa lavi etènèl.

19. Kouman sakrifis Kris la bay prèv li menm ak Papa l renmen w ?

19 Twazyèmman, sakrifis Jezi fè pou rachte nou an se pi gwo prèv lanmou Jewova bay. Lanmò Kris la sètifye de pi gwo jès lanmou nan listwa linivè a : 1) lanmou Bondye ki te voye Pitit Gason l lan mouri pou nou ; 2) lanmou Jezi ki bay lavi li pou bongre l pou peye ranson an (Jan 15:13 ; Women 5:8). Nou chak nou benefisye lanmou sa a, si nou demontre nou gen lafwa reyèlman. Apot Pòl te di : “ Pitit Bondye a (...) renmen mwen, e li livre tèt li li menm pou mwen. ” — Galat 2:20 ; Ebre 2:9 ; 1 Jan 4:9, 10.

20. Poukisa nou dwe demontre lafwa nan sakrifis redanmtè Jezi a ?

20 Poutètsa, annou demontre rekonesans nou pou lanmou Bondye ak lanmou Kris manifeste a, nan egzèse lafwa nan sakrifis redanmtè Jezi a. Yon atitid konsa ap mennen nou nan lavi etènèl (Jan 3:36). Poutan se pa sove nou ki rezon pi enpòtan ki fè Jezi te vin viv isiba, e ki fè l te mouri. Non, prensipal sousi Jezi se te yon bagay ki te pi enpòtan toujou, yon kesyon inivèsèl. Tankou nou pral wè sa nan chapit annapre a, se yon kesyon ki konsène nou tout, paske li montre poukisa Bondye pèmèt mechanste ak lasoufrans dire tout tan sa a nan monn nan.

TESTE KONESANS OU

Poukisa Jezi te oblije mouri pou sove limanite ?

Di kouman ranson an te fè peye ?

Di ki fason ou benefisye ranson an ?

[Kesyon]

[Gwo foto nan paj 67]