Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Wayòm Bondye a antre an fonksyon !

Wayòm Bondye a antre an fonksyon !

Chapit 10

Wayòm Bondye a antre an fonksyon !

1, 2. Ki jan gouvènman lèzòm sou tè a demontre yo pa gen kapasite ?

PETÈT sa te rive w deja, ou fin achte yon aparèy, apresa ou konstate li pa mache. Ou rele yon teknisyen. Sepandan, reparasyon an apèn fini, aparèy la tonbe anpàn ankò. Ala de traka !

2 Se menm bagay ak gouvènman lèzòm yo. Limanite te toujou swaf yon gouvènman ki pou garanti lapè e ki pou fè moun viv alèz. Epoutan, tout gwo efò ki fèt pou repare fay nan sosyete a pa vrèman pote siksè. Yo siyen yon bann kantite akò pou lapè, yo vyole yo apresa. Anplis, ki gouvènman ki te kapab kaba lamizè, prejije, krim, maladi, e ki te kapab anpeche anviwònman an depafini ? Dominasyon lèzòm nan sanzespwa. Menm Salomon, wa saj Izrayèl la, te poze kesyon sa a : “ E lòm ki soti nan tè a, kouman pou l fè disènen chemen l ? ” — Pwovèb 20:24.

3. a) Ki tèm predikasyon Jezi a ? b) Kouman kèk moun esplike sa Wayòm Bondye a ye ?

3 Men pa pèdi espwa! Yon gouvènman mondyal estab se pa yon rèv. Se sa menm ki te tèm predikasyon Jezi a. Li te rele l “ wayòm Bondye a ”, e li te aprann disip li yo priye pou li (Lik 11:2 ; 21:31). Se vre, nan sèk relijye yo, pafwa yo pale de Wayòm Bondye. Anfèt, plizyè milyon moun ap lapriyè pou sa chak jou lè yo resite Notrepè a (oswa modèl lapriyè a). Men, lè w poze yo kesyon sa a : “ Ki sa Wayòm Bondye a ye ? ” yo bay tout kalite repons. Gen ladan yo ki di : “ Se nan kè moun li ye. ” Pou lòt, se syèl la. Epoutan, jan nou pral wè l la, Bib la reponn klèman ki sa Wayòm nan ye.

YON GOUVÈNMAN KI GEN YON PWOGRAM

4, 5. Poukisa Jewova te deside demontre souvrènte li yon lòt fason, e ki sa sa pral reyalize ?

4 Jewova Dye te toujou Wa oubyen Chèf siprèm linivè. Li okipe pozisyon wo sa a paske se li ki kreye tout bagay (1 Kwonik 29:11 ; Sòm 103:19 ; Travay 4:24). Men, Wayòm Jezi te preche a vin an dezyèm, e li apiye souvrènte inivèsèl Bondye. Wayòm mesyanik sa a gen yon pwogram espesyal. Ki pwogram ?

Jan yo te esplike sa nan chapit 6 la, de premye mesyedam yo te fè rebèl kont otorite Bondye. Akòz kesyon ki te vin an diskisyon yo, Jewova te deside demontre otorite siprèm li an yon lòt fason. Li te anonse objektif li pou l founi yon “ semans ” ki ta kraze Satan, sèpan an, e ki ta efase konsekans peche nou eritye a. “ Semans ” prensipal la se Jezi Kris, e “ wayòm Bondye a ” se enstriman ki pral sèvi pou kraze Satan definitivman. Ak Wayòm sa a, Jezi Kris pral fè ansòt pou tè a tounen anba direksyon Jewova ankò, e li pral jistifye dwa lejitim souvrènte Bondye a pou letènite. — Jenèz 3:15 ; Sòm 2:2-9.

6, 7. a) Ki bò Wayòm nan ye, kilès ki Wa ladann, e ki moun ki asosye ak Wa a ? b) Ki pèp ki anba dominasyon Wayòm nan ?

6 Men jan yon tradiksyon Bib site pawòl Jezi te di Farizyen mechan yo : “ wayòm Bondye a anndan nou. ” ​(Lik 17:21, Segond). Èske Jezi te vle di Wayòm nan te chita nan move kè moun kòwonpi sa yo ? Keseswa jamè ! Men sa yon tradiksyon tèks grèk orijinal la, yon tradiksyon ki pi egzak di : “ wayòm Bondye a nan mitan nou. ” ​(Traduction du monde nouveau). Konsa, Jezi ki te pami Jwif yo te prezante tèt li kòm Wa ki gen pou vini an. Olye pou Wayòm Bondye a ta reprezante eta kè yon moun, li se yon gouvènman an fonksyon toutbonvre ki gen yon dirijan ak pèp l ap dirije. Se yon gouvènman ki nan syèl paske yo rele l “ wayòm syèl la ”, e yo rele l “ wayòm Bondye a ”. (Matye 13:11 ; Lik 8:10.) Nan yon vizyon, pwofèt Danyèl te wè Chèf Wayòm sa a tankou “ yon moun ki sanble ak yon pitit gason lòm ” yo te fè pwoche devan Bondye Toupisan an. Yo te ba li “ pouvwa [pou tan endefini], diyite ak wayòm, dekwa pou pèp, kominote nasyonal ak lang sèvi l yo tout ”. (Danyèl 7:13, 14.) Ki Wa sa a ? Enben Bib la rele Jezi Kris “ Pitit lòm ”. (Matye 12:40 ; Lik 17:26.) Wi, se Jezi Kris, Pitit li a, Jewova chwazi kòm Wa.

7 Men, Jezi pap gouvènen pou kont li. Li gen 144 000 asosye yo “ achte sou tè a ” pou yo vin wa e pou yo vin prèt ansanm avè l (Revelasyon 5:9, 10 ; 14:1, 3 ; Lik 22:28-30). Pèp ki anba dominasyon Wayòm Bondye a pral fòme yon fanmi mondyal souzòd Jezi Kris (Sòm 72:7, 8). Men, ki jan nou ka fè sèten Wayòm nan pral jistifye dwa lejitim souvrènte Bondye a toutbonvre ? Ki jan nou ka sèten l ap remete tè nou an nan kondisyon paradi ankò ?

WAYÒM BONDYE A SE YON REYALITE

8, 9. a) Ki egzanp nou ta ka pran pou montre pwomès Wayòm Bondye a diy de konfyans ? b) Poukisa nou mèt sèten Wayòm nan se yon reyalite ?

8 Imajine dife boule kay ou. Yon zanmi ki gen mwayen, pwomèt pou l ede w rekonstwi kay la, pou l founi fanmi w mwayen pou l viv. Si zanmi sa a toujou di w laverite, ou pa ta kwè l ? Sipozon nan demen lè w sot nan travay ou wè ouvriye te deja kòmanse netwaye debri dife a te kite, e fanmi w gentan jwenn manje. Sètènman sa ta konvenk ou avèk letan domaj yo pral repare, e sitiyasyon w pral menm vin miyò.

9 Menm jan an tou, Jewova ban nou asirans Wayòm nan se yon reyalite. Nan Bib la, lèt pou Ebre yo montre divès fason lalwa te dirije atansyon sou Wayòm nan (Ebre 10:1). Wayòm terès Izrayèl la te bay yon apèsi tou sou sa Wayòm Bondye a ta ye. Se pa t yon gouvènman konsa konsa, paske wa yo te chita sou “ twòn Jewova ”. (1 Kwonik 29:23.) Anplis, men sa ki te predi : “ Mayèt la pap ekate Jida, ni baton kòmandan an pap soti nan mitan pye l yo, jiskaske Chilo vini. E obeyisans pèp yo ap rele l pa l. ” ​(Jenèz 49:10) *. Wi, Jezi ki Wa pou toutan nan gouvènman Bondye a te dwe fèt nan ras wa Jida yo. — Lik 1:32, 33.

10. a) Ki lè fondasyon Wayòm mesyanik Bondye a te poze ? b) Wa ki pral asosye ak Jezi yo, avangad ki travay enpòtan yo ta dwe ye sou tè a ?

10 Fondasyon Wayòm mesyanik Bondye a te poze lè Jezi te chwazi apot li yo (Efezyen 2:19, 20 ; Revelasyon 21:14). Yo te premye pami 144 000 ki gen pou gouvènen nan syèl la ann asosye avèk Jezi Kris. Pandan y ap viv sou latè, fiti wa adjwen sa yo t ava avangad nan yon kanpay temwayaj, selon kòmandman Jezi te ba yo a : “ Ale non, epi fè disip pami moun tout nasyon, batize yo nan non Papa a, nan non Pitit la ak nan non lespri sen an. ” — Matye 28:19.

11. Ki jan travay predikasyon Wayòm nan fèt nan epòk nou an, e ki rezilta sa bay ?

11 Jodi a, yo obeyi kòmandman pou fè disip la nan yon degre moun potko janm wè. Sou tout tè a, Temwen Jewova ap pwoklame bon nouvèl Wayòm nan. Sa tonbe dakò ak pawòl sa yo Jezi te predi : “ Bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan yo pral preche l sou tout latè ki abite kòm temwayaj pou tout nasyon. Epi apresa lafen an ap vini. ” ​(Matye 24:14). Y ap patisipe tou nan yon kokenn pwogram ansèyman, e sa se yon aspè predikasyon Wayòm nan. Tout moun ki obeyi lalwa Wayòm Bondye a ak prensip li yo deja kòmanse goute yon lapè ak yon tèt ansanm gouvènman lèzòm yo pa ka reyalize. Tou sa montre klè Wayòm Bondye a se yon reyalite !

12. a) Poukisa li apwopriye pou yo rele predikatè k ap anonse Wayòm nan Temwen Jewova ? b) Ki sa ki fè Wayòm Bondye a pa menm ak gouvènman lèzòm yo ?

12 Jewova te di Izrayelit yo : “ Nou se temwen m, (...) wi, sèvitè pa m mwen chwazi. ” ​(Izayi 43:10-12). Jezi, “ Temwen fidèl la ” te gen zèl pou anonse bon nouvèl Wayòm nan (Revelasyon 1:5 ; Matye 4:17). Kidonk li apwopriye nan tan pa nou an, pou predikatè Wayòm nan pote non Bondye ba yo a, Temwen Jewova. Men, poukisa Temwen yo konsakre tout tan sa a ak tout efò sa yo pou yo pale ak lòt moun de Wayòm Bondye a ? Yo fè sa paske Wayòm nan se sèl espwa limanite. Gouvènman lèzòm yo ap tonbe kanmenm, to ou ta, men Wayòm Bondye a jamè. Izayi 9:6, 7 rele Jezi Chèf Wayòm nan, “ Prens lapè ”. Apresa tèks la di : “ Nan abondans dominasyon Prens la ak lapè a, pap gen fen. ” Wayòm Bondye a pa menm ak gouvènman lèzòm ki kapab la jodi a epi yo tonbe demen. Annefè, Danyèl 2:44 di : “ Bondye nan syèl la ap tabli yon Wayòm ki pap janm tonbe. E Wayòm nan pap pase anba dominasyon okenn lòt pèp. (...) Li menm l ap la pou tan endefini. ”

13. a) Èske w ka site kèk pwoblèm Wayòm Bondye a pral rezoud ? b) Poukisa nou mèt sèten pwomès Bondye yo ap reyalize ?

13 Ki wa pami lèzòm ki ta kapab reyisi kaba lagè, krim, maladi, grangou, e ki ta ka fè yon fason pou pa gen moun ki pa gen kote pou yo rete ankò ? Anplis, ki dirijan latè ki ta kapab resisite mò ? Wayòm Bondye a ak Wa li a pral regle tout pwoblèm sa yo. Wayòm Bondye a pap bay ratman tankou yon aparèy k ap mache mal ki toujou bezwen reparasyon. Okontrè, Wayòm Bondye a ap reyisi, paske Jewova pwomèt : “ Pawòl mwen ki sot nan bouch mwen (...) pap retounen vin jwenn mwen san rezilta, men san mank, l ap reyalize sa m pran plezi ladann nan, e avèk sètitid l ap reyisi nan sa ki fè m te voye l la. ” ​(Izayi 55:11). Volonte Bondye pap pran echèk. Men, ki lè Wayòm nan te dwe antre an fonksyon ?

ANTRE AN FONKSYON WAYÒM NAN : SE POU KI LÈ ?

14. Ki bon konprann disip Jezi yo pa t genyen sou Wayòm nan, men ki sa Jezi te konnen sou epòk li t apral gouvènen an ?

14 “ Seyè, èske se nan tan sa a w ap retabli wayòm nan pou Izrayèl ? ” Kesyon disip Jezi yo te poze a revele nan epòk sa a yo pa t konnen ki bi Wayòm Bondye a, ni ki moman ki te fikse pou l antre an fonksyon. Jezi te konseye yo pou yo pa chita ap fè sipozisyon sou sa, li te di yo : “ Se pa nou ki pou konnen ki tan oswa ki epòk Papa a mete sou kontwòl pouvwa pa l. ” Jezi te konnen se nan tan k ap vini yo li t apral gouvènen tè a, e li te konnen sa t apral fèt lontan apre rezirèksyon l e apre li fin monte nan syèl (Travay 1:6-11 ; Lik 19:11, 12, 15). Ekriti yo te predi sa. Kouman sa ?

15. Ki limyè Sòm 110:1 bay sou kòmansman rèy Jezi a ?

15 Anpalan de Jezi yon fason pwofetik, wa David rele l “ Seyè ”. Li te di : “ Deklarasyon Jewova pou Seyè mwen an : ‘ Chita adwat mwen jiskaske mwen plase lènmi w yo tankou yon tabourè anba pye w. ’ ” ​(Sòm 110:1 ; gade Travay 2:34-36 tou). Pwofesi sa a montre rèy Jezi a pa t apral kòmanse tousuit apre l fin monte nan syèl. Okontrè, li ta dwe rete adwat Bondye pou l tann (Ebre 10:12, 13). Konbyen tan li ta dwe rete ap tann ? Ki lè dominasyon l lan t ava kòmanse ? Bib la ede nou jwenn repons kesyon sa yo.

16. Ki sa ki te pase an 607 anvan epòk nou an, e ki rapò sa genyen ak Wayòm Bondye a ?

16 Sèl vil sou tout tè a Jewova te plase non l sou li se te Jerizalèm (1 Wa 11:36). Se te kapital yon wayòm sou tè a Bondye te apwouve tou, e ki te reprezante modèl Wayòm syèl la. Se konsa lè Babilonyen yo te detwi Jerizalèm nan ane 607 anvan epòk nou an, sa te gen yon gwo enpòtans. Evènman sa a te make kòmansman yon peryòd kote Bondye ta sispann gen dominasyon dirèk sou pèp li a sou tè a. Apeprè sis syèk apre, Jezi te montre peryòd sa a potko fini piske li te di : “ Nasyon yo ap foule Jerizalèm anba pye jiskaske tan ki fikse pou nasyon yo akonpli. ” — Lik 21:24.

17. a) Ki sa “ tan ki fikse pou nasyon yo ” ye, e konbyen tan yo ta dwe dire ? b) Ki lè “ tan ki fikse pou nasyon yo ” te kòmanse, e ki lè yo te fini ?

17 Pandan “ tan ki fikse pou nasyon yo ”, gouvènman sou latè yo ta jwenn otorizasyon pou yo entèwonp rèy Bondye te apwouve a. Tan sa a te kòmanse depi lè Jerizalèm te sibi destriksyon nan ane 607 anvan epòk nou an. Danyèl te revele li t ava dire “ sèt tan ”. (Danyèl 4:23-25.) Ki dire sa reprezante ? Bib la endike twa “ tan ” edmi egal 1 260 jou (Revelasyon 12:6, 14). Konsa de fwa lavalè oswa sèt tan ap bay 2 520 jou. Epoutan, pyès evènman espesyal pa t rive alafen tan tou kout sa a. Men, si nou kontwole pwofesi Danyèl la dapre règ “ yon jou pou yon ane ” a, e si nou konte 2 520 ane apati 607 anvan epòk nou an, n ap rive an 1914 epòk nou an. — Nonb 14:34 ; Ezekyèl 4:6.

18. Yon tikras tan apre yo fin ba Jezi pouvwa wayal la ki sa li te fè, e ki konsekans sa te genyen pou latè ?

18 Èske rèy Jezi a te kòmanse nan syèl la nan dat sa a ? Nan lòt chapit la nou pral wè rezon Bib la bay ki pèmèt nou di wi. Natirèlman rèy Jezi a pa t ap derape ak lapè imedyat sou tè a. Revelasyon 12:7-12 montre tousuit apre yo fin bay Jezi Wayòm nan, li t apral chase Satan ak zanj demon li yo nan syèl la. Sa ta siyifi malè pou tè a. Men, li ankourajan lè nou li se yon “ peryòd tan kout ” Dyab la rete. Talè konsa n ap kapab rejwi, non sèlman paske Wayòm Bondye a antre an fonksyon, men tou poutèt li pral pote benediksyon pou tè a ak pou moun ki obeyisan (Sòm 72:7, 8). Kouman nou fè konnen sa pral fèt talè ?

[Nòt anba paj]

^ § 9 Non Chilo a siyifi “ Moun bagay la se pou li a ; Moun ki mèt li a ”. Annapre li vin klè “ Chilo a ” se Jezi Kris, “ Lyon ki soti nan tribi Jida a ”. (Revelasyon 5:5.) Kèk tagoum jwif te menm ranplase mo “ Chilo a ” yo mete “ Mesi ”, oswa “ wa Mesi ”.

TESTE KONESANS OU

Ki sa Wayòm Bondye a ye, e detan ki bò l ap gouvènen ?

Ki moun k ap dirije Wayòm nan, e ki pèp ki anba dominasyon li ?

Ki jan Jewova te demontre Wayòm li an se yon reyalite ?

Ki lè “ tan ki fikse pou nasyon yo ” te kòmanse, e ki lè yo te fini ?

[Kesyon]

[Kare nan paj 94]

KÈK EVÈNMAN ENPÒTAN KI MAKÒNEN AK WAYÒM BONDYE A

• Jewova anonse objektif li pou l founi yon “ semans ” ki ta kraze tèt Sèpan an, Satan Ledyab la. — Jenèz 3:15.

• An 1943 anvan epòk nou an, Jewova fè konnen “ semans ” sa a ta yon imen ki soti nan ras Abraram. — Jenèz 12:1-3, 7 ; 22:18.

• Kontra Lalwa Bondye te konkli ak pèp Izrayèl an 1513 anvan epòk nou an, se “ yon lonbray bon bagay ki gen pou vini yo ”. — Egzòd 24:6-8 ; Ebre 10:1.

• Yo te fonde wayòm terès Izrayèl la an 1 117 anvan epòk nou an, epi apre li kontinye nan ras David. — 1 Samyèl 11:15 ; 2 Samyèl 7:8, 16.

• Yo detwi Jerizalèm an 607 anvan epòk nou an, epi “ tan ki fikse pou nasyon yo ” kòmanse. — 2 Wa 25:8-10, 25, 26 ; Lik 21:24.

• Nan ane 29 epòk nou an, Bondye wenn Jezi kòm Wa li chwazi a, e Jezi kòmanse ministè l isiba. — Matye 3:16,17 ; 4:17 ; 21:9-11.

• Nan ane 33 epòk nou an, Jezi monte nan syèl e li chita adwat Bondye jis lè lè a rive pou l kòmanse rèy li a. — Travay 5:30, 31 ; Ebre 10:12, 13.

• Jezi monte sou pouvwa a nan Wayòm syèl la an 1914, ane “ tan ki fikse pou nasyon yo ” fini an. — Revelasyon 11:15.

• Yo pimpe Satan ak demon l yo ozalantou latè e sa lakòz malè ogmante pou moun sou tè a. — Revelasyon 12:9-12.

• Jezi ap dirije predikasyon mondyal bon nouvèl Wayòm Bondye a. — Matye 24:14 ; 28:19, 20.