Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon lavi nan lakontantman ap tann ou !

Yon lavi nan lakontantman ap tann ou !

Chapit 1

Yon lavi nan lakontantman ap tann ou !

1, 2. Ki sa Kreyatè a vle pou ou ?

VLOPE yon moun ou renmen nan bra w avèk chalè. Ri ak tout kè w pandan yon bon repa an konpayi zanmi ki chè pou ou. Pran plezi ap gade pitit ou yo ki chofe ap jwe. Moman konsa fè w anvi viv. Sepandan, pou yon bann moun, lavi a sanble pote pwoblèm sou pwoblèm. Si se ka pa w, pran kouraj.

2 Bondye vle pou w ta jwi yon lakontantman dirab nan bonjan kondisyon, nan yon bèl anviwònman. Se pa yon rèv, paske Bondye ofri w kle lavi nan lakontantman an toutbonvre. Kle sa a se konesans.

3. Ki konesans ki kle bonè a, e poukisa nou gen konviksyon Bondye kapab bay konesans sa a ?

3 N ap pale de yon konesans espesyal ki depase tout sajès lèzòm. Konesans sa a se “ konesans Bondye a ”. (Pwovèb 2:5.) Gen prèske 2 000 an, youn nan ekriven Bib la te di : “ Nenpòt kay se yon moun ki bati l, men moun ki bati tout bagay se Bondye. ” ​(Ebre 3:4). Reflechi sou ki kantite konesans Moun ki fè tout bagay nèt la dwe genyen ! Bib la di Bondye konte tout etwal yo e li site non yo tout. Sa bay gwo kalkil, paske galaksi pa nou an gen plizyè santèn milya etwal. E astwonòm yo di gen apeprè san milya lòt galaksi (Sòm 147:4) ! Anplis, Bondye konnen nou fen e byen. Konsa, ki lòt moun ki ka bay repons ki pou pi satisfè nou pase l sou kesyon enpòtan ki gen nan lavi a ? — Matye 10:30.

4. Poukisa li lojik pou Bondye ban nou enstriksyon pou gide nou ? Ki liv ki bay ransèyman sa yo ?

4 Imajine de mesye k ap eseye repare machin yo ki anpàn. Youn nan yo dekouraje li mete zouti l yo la. Lòt la kontinye leve pàn nan kè pòpòz. Li pase kle, li estat, e li souri lè l tande motè a pati l ap mache dous. Ou pa t ap gen okenn pwoblèm pou w konnen kilès nan de mesye sa yo ki gen liv enstriksyon fabrikan an voye pou machin nan. Èske li pa lojik pou Bondye ban nou enstriksyon pou gide nou nan lavi a ? Petèt ou konn sa deja, se sa menm Bib la di li ye : yon liv enstriksyon Kreyatè nou an ban nou, yon gid pou ban nou konesans Bondye a. — 2 Timote 3:16.

5. Ki enpòtans konesans ki nan Bib la genyen ?

5 Si sa Bib la di a se vre, kalkile ki kantite trezò konesans ki dwe genyen nan liv sa a ! Nan Pwovèb 2:1-5, li egzòte nou pou nou chèche sajès, pou nou fouye pou nou jwenn li, kòmsi nou t ap chèche yon ja lajan anba tè. Se pa nan fon panse lèzòm n ap jwenn li, men nan Pawòl Bondye a menm. Si nou fouye la, n ap jwenn “ konesans Bondye a ”. Kòm Bondye konprann limit nou ak sa nou bezwen, li ban nou enstriksyon ki kapab pèmèt nou viv anpè ak lakontantman (Sòm 103:14 ; Izayi 48:17). Mete sou sa, konesans Bondye a ofri nou yon bon nouvèl ki bay anpil kè kontan.

LAVI ETÈNÈL !

6. Ki asirans Jezi Kris te bay sou konesans Bondye a ?

6 Jezi Kris, pèsonaj selèb nan listwa, te pale klè de aspè sa a konesans Bondye a genyen an. Li te di : “ Men sa lavi etènèl la siyifi : se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Bondye a, ak moun ou te voye a, Jezi Kris” ​(Jan 17:3). Reflechi yon ti moman : yon konesans k ap mennen nan lavi etènèl !

7. Kouman nou fè konnen se pa t volonte Bondye pou moun te mouri ?

7 Pinga w kouri rejte lide lavi etènèl la kòmsi se yon rèv. Pito w reflechi sou fason kò yon moun fèt. Jan li fèt la se yon mèvèy, paske ou ka pran gou, ou ka tande, ou ka pran sant, ou ka wè, ou ka touche. Tèlman gen bagay sou tè a pou chame tout sans nou yo : bon manje, bèl melodi nan chante zwazo, flè santi bon, bèl peyizaj, bonjan zanmi kanmarad ! Plis ankò, sèvo etonan nou genyen an kite òdinatè dènye modèl la dèyè nèt, piske li pèmèt nou apresye tout bagay sa yo. Èske w panse Kreyatè nou an te vle nou mouri pou nou pèdi tou sa ? Èske li pa ta pi lojik pou nou admèt li vle nou viv nan lakontantman pou letènite ? Enben, se sa konesans Bondye a kapab vle di pou ou.

LAVI NAN PARADI

8. Ki sa Bib la di sou avni lèzòm ?

8 Tou sa Bib la rakonte sou avni tè a ak avni lèzòm chita nan yon sèl mo : Paradi ! Jezi Kris te pale de sa ak yon nonm ki t apral mouri. Li te di li : “ W ap avèk mwen nan Paradi a. ” ​(Lik 23:43). Siman mo Paradi a te fè nonm sa a sonje nan ki sitiyasyon alèz premye paran nou yo, Adan ak Èv, t ap viv. Lè Bondye te kreye yo yo te pafè, yo t ap viv nan yon bèl bitasyon oswa yon jaden Kreyatè a te prepare toutespre pou yo. Yo te rele bitasyon an jaden Edenn, se te trè apwopriye paske Edenn vle di “ agreyab ”.

9. Ki jan lavi te ye nan premye Paradi a ?

9 Jaden sa a se te tout yon cham ! Se te yon paradi toutbonvre. Pami pyebwa mayifik ki te genyen nan jaden an, genyen ki te konn donnen fwi ki gou anpil. Pandan Adan ak Èv t ap monte desann nan bitasyon yo a, yo te konn bwè dlo ki klè kou kristal, yo te konn keyi fwi nan pyebwa yo. Yo pa t gen okenn enkyetid. Menm zannimo pa t konn menase yo, paske Bondye te mete mesye dam yo domine sou yo avèk amou. Epi de premye moun sa yo te jwi bonjan lasante. Depi yo te kontinye obeyi Bondye, yon lavi ere pou toutan t ap tann yo. Yo te gen yon travay ki te ba yo satisfaksyon : pran swen fwaye yo a, bèl Paradi yo a. Plis ankò, Bondye te bay Adan ak Èv misyon pou yo ‘ ranpli tè a epi pou yo domine sou li ’. Yo menm ak desandan yo te dwe agrandi Paradi a, jiskaske planèt nou an annantye ta tounen yon kote ki bèl, ki agreyab. — Jenèz 1:28.

10. Ak ki sa Jezi t ap panse lè l te pale de Paradi ?

10 Lè Jezi t ap pale de Paradi a, li pa t mande nonm ki t apral mouri a pou l sonje bagay lwen nan tan lontan. Non, Jezi t ap pale de lavni ! Li te konnen tout tè a, bitasyon nou an, ta dwe tounen yon paradi. Konsa, Bondye ta reyalize pwogram orijinèl li a pou limanite e pou tè nou an (Izayi 55:10, 11). Wi, Paradi a gen pou l retabli ! Ak ki sa l ap sanble ? Annou kite Lasent Bib, Pawòl Bondye a, reponn.

LAVI NAN PARADI RESTORE A

11. Sa ki pral rive maladi, vyeyès ak lanmò nan Paradi restore a ?

11 Maladi, vyeyès ak lanmò pap egziste menm ankò. “ Nan epòk sa a, je avèg pral ouvri, zòrèy moun soud pral debouche. Nan epòk sa a moun ki enfim nan pye pral grenpe tankou sèf, e lang bèbè pral pouse kri lajwa. ” ​(Izayi 35:5, 6). “ Bondye li menm ap avèk [lèzòm]. Epi li pral siye tout dlo nan je yo, e lanmò pap la ankò ; dèy, rèl, doulè pap la ankò. Bagay ansyen tan yo disparèt. ” — Revelasyon 21:3, 4.

12. Poukisa nou gen asirans pap gen ni krim, ni vyolans ni mechanste nan Paradi a ?

12 Krim, vyolans ak mechanste gen pou disparèt nèt pou tout tan. “ Paske yo pral disparèt malfèktè yo nèt (...). Yon tikras tan ankò, epi mechan an pap la ankò, (...) li pap la. Men moun ki enb yo ap posede tè a. ” ​(Sòm 37:9-11). “ Kanta mechan yo, y ap koupe yo rapyetè, e trèt yo menm, y ap derasinen yo. ” — Pwovèb 2:22.

13. Ki jan Bondye pral fè pou l mete lapè ?

13 Lapè pral domine sou tout tè a. “ Li [Bondye] fè lagè sispann jis nan dènye bout tè a. Banza a, li kraze l, wi, lans lan, li kase l bout an bout. ” ​(Sòm 46:9). “ Moun ki jis pral boujonnen, epi ap gen abondans lapè jiskaske lalin nan pa la ankò. ” — Sòm 72:7.

14, 15. Sa Bib la di sou zafè kay, travay ak manje nan Paradi a ?

14 Tout moun ap gen yon kay asire ak yon travay k ap ba yo satisfaksyon. “ Wi, y ap bati kay epi y ap abite yo (...). Yo pap bati pou yon lòt moun abite, yo pap plante pou yon lòt moun manje. Paske jou lavi pèp mwen an ap tankou jou lavi yon pyebwa. E moun mwen chwazi yo ap pwofite travay yo fè ak men yo nètale. Yo pap redi pou granmesi, ni yo pap fè pitit pou boulvès. ” — Izayi 65:21-23.

15 Bonjan manje pral disponib nan labondans. “ Pral gen abondans manje angren sou tè a, tout tèt mòn pral plen ap ranvèse. ” ​(Sòm 72:16). “ Se sèten, tè a pral pwodui. Bondye, Bondye nou an, pral beni nou. ” — Sòm 67:6.

16. Poukisa lavi nan Paradi a pral agreyab ?

16 Lavi etènèl sou yon tè paradi pral agreyab. “ Moun ki jis yo pral posede tè a, e sou li, y ap rete viv nètale. ” ​(Sòm 37:29). “ Dezè ak tè sèk pral kontan, plenn dezè pral gen lajwa e l ap fleri tankou safran. ” — Izayi 35:1.

KONESANS LA AK AVNI W

17. a) Si w anvi viv nan Paradi a ki sa w dwe fè ? b) Kouman nou fè konnen talè konsa Bondye pral pote anpil gran chanjman sou tè a ?

17 Si w santi ou anvi viv nan Paradi a, pa kite anyen anpeche w gen konesans Bondye a. Li renmen lèzòm, li pral pote chanjman nesesè pou tè a ka tounen yon paradi. Lè w byen kalkile, si w ta gen pouvwa nan men w pou w kaba lasoufrans ak lenjistis ki blayi nan lemonn, ou pa ta fè sa ? Èske nou ta dwe espere mwens nan men Bondye ? Se avèk anpil fòs Bib la pale de yon epòk Bondye pral elimine sistèm mondyal jodi a, sistèm hinghang fin dechire a, pou l ranplase l ak yon dominasyon totalkapital, yon dominasyon jis (Danyèl 2:44). Men Bib la pa annik rakonte nou tou sa. Li montre nou kouman pou nou antre nan monn nouvo Bondye pwomèt la. — 2 Pyè 3:13 ; 1 Jan 2:17.

18. Ki sa konesans Bondye a kapab pote pou ou depi kounye a ?

18 Lèfini tou, konesans Bondye a kapab fè anpil pou ou depi kounye a. Bib la reponn yon kantite gwo kesyon ki bay tèt chaje. Asepte w ap asepte pou Bib la gide w pral ede w devlope yon amitye ak Bondye. Ala yon gwo privilèj ! Konsa ou pral jwi lapè Bondye sèl kapab bay la (Women 15:13, 33). Pandan w kòmanse ranmase konesans esansyèl sa a, se angaje w ap angaje w nan yon aktivite ki san parèy, yon aktivite k ap pote avantaj pou ou tout lavi w. Ou pap janm regrèt dèske w te chèche gen konesans Bondye a, konesans k ap mennen nan lavi etènèl la.

19. Ki kesyon nou pral egzamine nan lòt chapit la ?

19 Nou sot prezante Bib la kòm liv ki gen konesans Bondye a. Poutan, kouman nou fè konnen se pa yon liv ki gen sajès lèzòm, men se pito yon liv ki pi siperyè ? Nou pral egzamine kesyon sa a nan lòt chapit la.

TESTE KONESANS OU

Poukisa konesans Bondye a kapab mennen w nan bonè etènèl ?

Ki jan lavi ap ye nan Paradi ki pral vini sou tè a ?

Poukisa lè w genyen konesans Bondye a se yon avantaj pou ou depi kounye a ?

[Kesyon]