Al gade sa k anndan l

Viv ak lapè nan yon monn nouvo

Viv ak lapè nan yon monn nouvo

Viv ak lapè nan yon monn nouvo

Gade bèl tablo ki sou premye paj trak sila a. Kisa l fè w santi nan ou? Èske sa pa fè w anvi viv nan lapè, kè kontan ak labondans tankou sa w wè la a? Nòmalman! Men èske se reve yon moun ap reve si l ta kwè ke kondisyon sa yo pral egziste sou tè a yon jou?

Petèt se sa anpil moun panse. Sa moun wè jodi a se lagè, se krim, grangou, maladi ak vyeyès — nou site kèk sèlman. Poutan gen rezon pou nou espere. Labib te anonse davans sak pral genyen, li di ke “selon pwomès li a (pwomès Bondye a) n’ap tann syèl tounèf ak tè tounèf kote lajistis pral blayi”. — 2 Pyè 3:13; Ezayi 65:17.

Selon Bib la “syèl tounèf” ak “tè tounèf” sa yo se pa syèl toutbon n’ap gade anlè a ak tè toutbon n’ap mache sou li a. Tè a ak syèl la Bondye te kreye yo pafèt e dapre Bib la, y’ap toujou la nèt (Sòm 89:36, 37; 104:5). “Tè tounèf” la se yon sosyete moun k’ap mennen vi yo dwat ki pral viv sou tè a, e “syèl tounèf” la se yon Wayòm jis e pafèt nan syèl la, se yon gouvènman ki pral dirije sosyete moun jis ki pral viv sou tè a. Men èske li lojik pou yon moun kwè sa posib pou gen yon tè tounèf oswa yon monn nouvo ak tout esplandè li?

Pinga nou blye ke kondisyon sa yo n’ap swete a, se sa menm Bondye te vle pou tè a. Li te mete premye gason an ak premye fi a nan jadendedenn, paraditèrès la, e li te ba yo yon reskonsablite ki enteresan. Li di yo: “Fè anpil pitit, ranpli tè a, e derije l” ​(Jenèz 1:28). Wi, volonte Bondye se te pou lòm te gen pitit e pou yo te fè tout tè a tounen yon paradi. Menm si apre sa, yo te deside dezobeyi Bondye, sa ki montre yo pat merite lavi etènèl la, Bondye pa chanje lide l te genyen an poutèt sa. E fòk li reyalize l nan monn nouvo a. — Ezayi 55:11

Dayè, lè w’ap resite Nòtrepè, priyè Jezikri a, e w’ap mande pou Wayòm pa Bondye a vini, se priye w’ap priye pou Gouvènman Bondye nan syèl la vin debarase tè a ak zak mechanste epi pou l dirije monn nouvo sa a (Matye 6:9, 10). Nou mèt sèten Bondye ap reponn priyè sa a, paske pawòl li menm fè pwomès sila a: “Moun ki jis yo pral eritye tè a, e y’ap rete viv sou li nèt pou toutan.” — Sòm 37:29.

Lavi nan monn nouvo Bondye a

Wayòm Bondye a pral pote sou tè a yon sous benediksyon moun pa ta kwè. Li pral konble lèzòm ak tout bon bagay Bondye te rezève pou yo depi okòmansman. Rayisans ak gade moun sou laparans (prejije) pral fini. Tout moun pral zanmi youn ak lòt. Nan Bib la Bondye pwomèt pou l ‘fè sispann lagè nan tout kwen tè a’. “Yon nasyon p’ap leve zam kont yon lòt nasyon e pèsonn p’ap aprann fè lagè ankò.” — Sòm 46:9; Ezayi 2:4.

Tout tè a ap vin tounen yon paradi, yon bèl jaden. Bib la di: “Dezè ak tè sèk pral kontan, e savann kòtouni pral gen lajwa e yo pral fè flè tankou safran. (...) Paske nan dezè tè sèk, dlo pral pete, e gwo rivyè dlo yo pral kouri ak fòs nan savann kòtouni. E tè cho kou dife pral vin tankou letan ki kouvri ak wozo, e tè sèk ki swaf lapli ap tankou sous dlo.” — Ezayi 35:1, 6, 7.

Moun p’ap janm soufri grangou ankò. “Asireman, tè a pral bay tout rekòt li” dapre Bib la (Sòm 67:6; 72:16). Kreyatè nou an pwomèt pou tout moun jwi fri travay yo: “Asireman, yo va plante pye rezen yo e se yo menm ki va manje rezen an. (...) Yo p’ap plante pou se yon lòt moun ki vin manje.” — Ezayi 65:21,22.

Nan monn nouvo Bondye a, moun p’ap ret ankò nan gwo kay wo ak pil etaj moun sou moun, e p’ap gen bidonvil tikay-tikay youn sou lòt nan vil yo, paske Bondye fè pwomès: “Asireman, yo pral bati kay e y’ap ret ladan yo (...). Yo pa pral bati pou se yon lòt moun ki pran kay la.” Labib pwomèt tou: “Yo pa pral kraze kò yo nan travay pou granmesi.” ​(Ezayi 65:21-23). Konsa, travay moun ap rapòte yo anpil epi l’ap satisfè yo. Lavi p’ap gen chita baye ladan.

Nan tan sa a, Wayòm Bondye a pral remete lapè nan mitan zannimo yo, jan sa te ye nan jadendedenn nan, e lapè ant moun ak zannimo. Labib di: “Lou ak timalmouton, gendefwa y’ap ansanm, e leyopa ap kouche menm kote ak tikabrit, e tibèf, e jenn lyon a krenyè, e zannimo ki nan bon swenyay, tout ap ansanm; e se yon ti gason ki va kondi yo.” — Ezayi 11:6-9; Oze 2:18.

Reflechi yon timoman. Nan paradi k’ap sou tè a tout maladi ak enfimite nan kò moun pral geri! Bib la bannou garanti: “Pèsonn nan peyi a p’ap di: ‘Mwen malad.’ ” ​(Ezayi 33:24). “Li [Bondye] pral siye tout dlo nan je yo, e lanmò p’ap la menm, dèy, rèl, doulè p’ap gen sa ankò. Bagay ansyen tan yo ap disparèt.” — Revelasyon 21:4.

Byenfè sa yo tou pre w

Se sèten kè w dwe ap bat lè w tande pale de pwomès Bondye yo sou lavi nan monn nouvo lajistis la. Byen ke kèk moun ka konsidere tou sa twò bèl pou l ta vre, poutan bon bagay sa yo pa twò bèl pou yo sot nan men Kreyatè nou an ki renmen nou an. — Sòm 145: 16; Miche 4:4.

Pou yon moun viv pou toutan nan paradi ki pral gen sou tè a, se nòmal pou l ranpli kèk kondisyon. Saki pi enpòtan ladan yo, se sa Jezi te montre nan yon priyè li te adrese Bondye. Li te di: “Men sa lavi etènèl la siyifi: se pou yo aprann konnen w, oumenm, sèl vrè Bondye a, ansanm ak Jezikri moun ou te voye a.” — Jan 17:3.

Konsa si nou vle viv toutbon vre nan monn nouvo Bondye pwomèt la, nou dwe toudabò aprann konnen volonte l, answit pratike pawòl la. Paske se pa yon jwèt: “monn nan ap pase ak tout dezi li genyen yo, men moun ki fè volonte Bondye ap ret viv pou toutan” pou l ka jwi pou letènite bon bagay kreyatè nou an ki renmen nou an pral bay. — 1 Jan 2:17.

Apa de sa ki endike yo, tout lòt referans biblik yo tradui dapre Bib franse a ki rele Les Santes Écritures — Traduction du monde nouveau.