Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon ti mo pou paran yo

Yon ti mo pou paran yo

Yon ti mo pou paran yo

Ki pi bèl kado nou kapab bay pitit nou? Timoun yo bezwen anpil bagay nan men nou, tankou lanmou nou, direksyon nou ak pwoteksyon nou. Sepandan, kado ki gen plis valè e ki pi enpòtan nou ka bay pitit nou se ede yo konnen Jewova ak verite ki gen nan Pawòl li a, Labib (Jan 17:3). Konesans sa a kapab ede timoun nou yo vin gen lanmou pou Jewova epi sèvi l ak tout kè yo menm lè yo toupiti. — Matye 21:16.

Gen anpil paran ki remake timoun piti yo pi byen reyaji lè y ap aprann yon bagay ki pa long ak lè y ap fè kèk aktivite ki pa long. Se sa k fè, nou byen kontan pibliye bwochi sa a ki gen tit M ap aprann nan Bib la. Objektif chak leson se anseye timoun yo yon fason ki senp. Yo prepare imaj yo ansanm ak tèks ki akonpaye yo a espesyalman pou timoun ki gen twazan oswa mwens. N ap jwenn kèk aktivite nou kapab fè ak timoun yo ladan l tou. Bwochi sa a pa yon jwèt pou timoun yo jwe. Okontrè, yo fè l pou nou li ak pitit nou, e konsa n ap vin gen bon kominikasyon ak yo.

Nou gen asirans piblikasyon sa a pral itil nou anpil pandan n ap anseye pitit nou verite ki nan Bib la ‘depi yo toupiti’. — 2 Timote 3:14, 15.

Frè nou yo,

Kolèj santral Temwen Jewova yo

[Foto nan paj 3]