Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske Jan manke lafwa?

Èske Jan manke lafwa?

Chapit 38

Èske Jan manke lafwa?

JAN ki te konn batize moun nan gen prèske ennan nan prizon kounye a. Li resevwa nouvèl sou rezirèksyon pitit gason vèv Nayin nan. Men, Jan ta renmen se Jezi dirèkteman ki esplike l sa k pase a. Se poutèt sa li voye de nan disip li yo al mande Jezi: “Èske w se Moun ki te gen pou vini an, oubyen èske nou dwe tann yon lòt moun?”

Kesyon sa a ka parèt dwòl, etandone Jan te wè lespri Bondye desann sou Jezi e li te tande vwa Bondye ki te bay Jezi apwobasyon l nan moman li t ap batize Jezi, prèske dezan anvan sa. Kesyon Jan poze a ka fè kèk moun panse lafwa l febli. Men se pa sa. Jezi pa t ap pale an byen de Jan konsa, jan l pral fè sa nan okazyon sa a, si Jan te kòmanse gen dout. Donk, poukisa Jan poze kesyon sa a?

Sanble Jan sèlman vle Jezi ba l asirans se Li menm ki Mesi a. Sa t ap fòtifye Jan anpil pandan l ap pase mizè nan prizon. Men, sanble kesyon Jan an gen lòt bagay ki kache dèyè l. Petèt Jan ta renmen konnen si gen yon lòt moun k ap vini apre Jezi, yon lòt moun k ap fin akonpli tout bagay yo te anonse Mesi a t ap gen pou l fè.

Selon pwofesi nan Bib la Jan byen konnen, Moun Bondye chwazi a ta dwe yon wa, yon moun k ap pote delivrans. Sepandan, yo toujou kenbe Jan nan prizon, menm pandan plizyè mwa apre batèm Jezi. Donk, se kòmsi Jan ap mande Jezi: ‘Èske se ou menm toutbon ki gen pou etabli Wayòm Bondye a avèk pisans, oubyen èske nou dwe tann yon moun k ap vin apre w pou vin akonpli pwofesi estrawòdinè yo te anonse konsènan glwa Mesi a genyen?’

Jezi pa t di disip Jan yo: ‘Men wi, se mwen ki te gen pou vini an!’ Okontrè, nan moman sa a, Jezi fè yon bagay estrawòdinè disip Jan yo ka wè, li geri anpil moun anba tout kalite maladi yo genyen. Apre sa, li di disip Jan yo: “Al rakonte Jan sa nou wè ak sa nou tande: moun avèg wè, moun enfim mache, moun ki gen lèp geri, moun soud tande, moun mouri leve e yo preche pòv yo bon nouvèl la.”

Anfèt, kesyon Jan poze a kapab montre li atann pou Jezi fè plis pase sa l fè yo, e petèt li espere Jezi ap fè l soti nan prizon. Sepandan, Jezi fè Jan konprann li pa dwe met nan tèt li l ap fè plis pase mirak l ap fè yo.

Lè disip Jan yo ale, Jezi vire pou l pale ak foul la, li fè yo konnen Jan se “mesaje” Bib la anonse nan Malaki 3:1 an e li se pwofèt Eliya te anonse nan Malaki 4:5, 6 la. Se poutèt sa li fè lwanj pou Jan, li bay Jan menm enpòtans ak pwofèt ki te la anvan l yo. Li di: “Anverite m ap di nou sa: Pami moun ki sot nan vant fi, pa gen youn nan moun yo te voye yo ki gen plis enpòtans pase Jan ki konn batize moun nan. Men, moun ki gen mwens enpòtans nan wayòm syèl la gen plis enpòtans pase l. Men, depi nan epòk Jan ki konn batize moun nan pou rive kounye a, lèzòm ap fè gwo efò pou yo atenn wayòm syèl la.”

Konsa, Jezi montre Jan pap nan Wayòm syèl la, piske moun ki gen mwens enpòtans nan Wayòm Bondye a gen plis enpòtans pase l. Jan te prepare chemen an pou Jezi, men li mouri anvan Kris fè alyans ak disip li yo pou yo dirije avè l nan Wayòm li an. Se poutèt sa Jezi di Jan pap nan Wayòm syèl la. Okontrè, Jan ap pami moun ki pral viv sou tè a anba dominasyon Wayòm Bondye a. Lik 7:18-30; Matye 11:2-15.

▪ Poukisa Jan mande si Jezi se Moun ki te gen pou vini an oubyen si l dwe tann yon lòt moun?

▪ Ki pwofesi Jezi di Jan te akonpli?

▪ Poukisa Jan ki te konn batize moun nan pap nan syèl la ak Jezi?