Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Aktivite Jan diminye, aktivite Jezi ogmante

Aktivite Jan diminye, aktivite Jezi ogmante

Chapit 18

Aktivite Jan diminye, aktivite Jezi ogmante

APRE fèt Pak la, nan prentan ane 30 epòk nou an, Jezi ak disip li yo kite Jerizalèm. Sepandan, yo pa retounen lakay yo nan Galile, men yo ale nan zòn Jide kote y ap batize moun. Kounye a, sa fè anviwon ennan depi Jan ap batize moun, e jiska prezan li gen disip avèk li.

Anfèt, se pa Jezi li menm k ap batize moun, men se disip li yo k ap fè sa, e se Jezi k ap dirije travay la. Batèm y ap fè a gen menm siyifikasyon ak batèm Jan ap fè a, se yon batèm ki demontre Juif yo repanti pou peche yo te fè kont alyans Bondye te fè ak yo nan Lalwa a. Sepandan, apre Jezi fin resisite, li di disip li yo pou yo batize moun, men batèm sa a t ap gen yon lòt siyifikasyon. Batèm kretyen yo resevwa a se yon batèm ki senbolize ve yon moun fè pou l sèvi Jewova Dye.

Sepandan, nan moman sa a kote Jezi fèk kòmanse aktivite l, ni li menm ni Jan ap anseye moun ki repanti yo e y ap batize yo, byenke yo chak travay apa. Men, disip Jan yo vin jalou e yo vin plenyen bay Jan pou Jezi. Yo di l: “Anseyan, [...] men l ap batize moun e tout moun pral jwenn li.”

Men, olye Jan vin jalou, li kontan poutèt tout moun al jwenn Jezi e li vle pou disip li yo kontan tou. Li fè yo sonje yon pawòl li te di yo. Li di: “Nou menm nou temwen mwen te di se pa mwen menm ki Kris la, men se voye yo te voye m devan l.” Ansuit, li pran yon bèl egzanp. Li di: “Moun ki gen lamarye a se lemarye. Men, lè zanmi lemarye a kanpe bò kote l e li tande l k ap pale, li kontan anpil, paske l tande vwa lemarye. Kidonk, kè kontan sa a mwen genyen an vin total.”

Sis mwa anvan sa, Jan, antanke zanmi Lemarye a, te kontan lè l te fè disip li yo fè konesans ak Jezi. Kèk nan disip li yo t ap gen pou yo fè pati klas lamarye selès la, gwoup kretyen Jewova chwazi pou al nan syèl la. Jan vle pou disip ki avèk li yo al jwenn Jezi tou, piske wòl li se prepare chemen an pou travay predikasyon Kris la reyisi. Se sa k fè Jan di disip li yo: “Aktivite Kris dwe kontinye ogmante, men, aktivite pa m dwe kontinye diminye.”

Men sa Jan, nouvo disip Jezi a, ki te disip Jan ki konn batize moun nan, ekri konsènan orijin Jezi e konsènan wòl enpòtan li jwe pou l sove limanite: “Moun ki soti nan syèl la anlè tèt nou tout. [...] Papa a renmen Pitit la, e li remèt li tout bagay. Moun ki demontre l gen lafwa nan Pitit la ap gen lavi ki pap janm fini an. Moun ki dezobeyi Pitit la pap wè lavi, men l ap sibi kòlè Bondye.”

Yon ti tan apre Jan ki konn batize moun nan fin fè konnen aktivite l gen pou l diminye, wa Ewòd fè arete l. Ewòd pran Ewodyad, madanm frè l Filip, pou madanm li, e lè Jan di Ewòd devan tout moun sa l fè a pa bon, Ewòd fè mete l nan prizon. Lè Jezi tande yo arete Jan, li kite Jide ak disip li yo, l al Galile. Jan 3:22–4:3; Travay 19:4; Matye 28:19; 2 Korentyen 11:2; Mak 1:14; 6:17-20.

▪ Ki sans batèm ki t ap fèt anba direksyon Jezi yo te genyen anvan lanmò l? E ki sans yo genyen apre rezirèksyon l?

▪ Kòman Jan montre li pa nesesè pou disip li yo plenyen?

▪ Poukisa yo mete Jan nan prizon?