Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Bonjan pen ki sot nan syèl la”

“Bonjan pen ki sot nan syèl la”

Chapit 54

“Bonjan pen ki sot nan syèl la”

NAN jou ki sot pase a, Jezi te gen anpil aktivite. Li te fè yon mirak pou l bay plizyè milye moun manje, ansuit li te chape anba men moun ki t ap chèche fè l vin wa yo. Pandan nuit la, li mache sou lanmè Galile ki te move. Li sove Pyè ki te kòmanse fè fon lè l t ap mache sou dlo a ki te move akoz tanpèt la. Li kalme lanmè a pou l sove disip li yo pou yo pa fè nofraj.

Kounye a, moun Jezi te fè mirak pou l bay manje nan zòn lanmè Galile yo jwenn Jezi toupre Kapènawòm e yo mande l: “Ki lè w rive la a?” Jezi reprimande yo, li fè yo konnen sèl rezon ki fè y ap chèche l se paske yo atann y ap jwenn manje gratis ankò. Li ankouraje yo pou yo pa travay pou manje k ap gate, men pou yo travay pou manje k ap rete pou lavi ki pap janm fini an. Se poutèt sa moun yo mande l: “Ki sa nou dwe fè k ap fè Bondye plezi?”

Jezi annik site yon bagay pou yo fè ki gen anpil enpòtans. Li di: “Men sa ki fè Bondye plezi: se pou nou demontre nou gen lafwa nan moun Li voye a.”

Men, malgre tout mirak Jezi fè yo, moun yo pa demontre lafwa nan li. Sa k pi rèd la, menm apre tout gwo mirak li fè yo, moun yo mande l: “Ki mirak w ap fè nou wè pou nou ka kwè nan ou? Ki sa w ap fè? Zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a, jan sa te ekri: ‘Li te ba yo pen ki soti nan syèl la pou yo manje.’”

Kòm moun yo mande yon siy, Jezi fè konnen aklè Sous mirak ki fè yo jwenn manje sa a. Li di yo: “Se pa Moyiz ki te ban nou pen ki sot nan syèl la, men se Papa m ki ban nou bonjan pen ki sot nan syèl la. Paske, pen Bondye bay la se sila a ki desann sot nan syèl la e k ap bay monn nan lavi.”

Lè sa a, yo di l: “Seyè, toujou ban nou pen sa a.”

Jezi di yo: “Mwen se pen ki bay lavi a. Yon moun ki vin jwenn mwen pap janm grangou, e yon moun ki demontre li gen lafwa nan mwen pap janm swaf. Men, mwen di nou sa: Malgre nou wè sa m fè, nou pa kwè. Tout moun Papa m ban mwen ap vin jwenn mwen, e mwen pap janm repouse moun ki vin jwenn mwen. Paske, mwen pa desann sot nan syèl la pou m vin fè volonte pa m, men mwen desann pou m vin fè volonte sila a ki voye m nan. Volonte sila a ki voye m nan se pou m pa pèdi youn nan moun li ban mwen yo, men se pou m resisite yo tout nan dènye jou a. Paske, volonte Papa a se pou tout moun ki rekonèt Pitit la e ki demontre yo gen lafwa nan li gen lavi ki pap janm fini an.”

Lè Jezi fin di sa, Juif yo kòmanse plenyen poutèt li di: “Mwen se pen ki desann sot nan syèl la.” Pou moun yo, Jezi se yon moun tankou yo, e menm jan ak moun Nazarèt yo, yo di: “Èske se pa Jezi, pitit Jozèf la, li menm nou konnen papa l ak manman l lan? Kounye a, kòman misye fè di: ‘Mwen desann sot nan syèl la’?”

Jezi reponn: “Sispann plenyen youn bay lòt. Pèsonn pa ka vin jwenn mwen si Papa m ki voye m nan pa rale l vini. E m ap resisite l nan dènye jou a. Men sa ki ekri nan liv pwofèt yo: ‘Jewova pral anseye yo tout.’ Tout moun ki tande Papa m e ki aprann nan men l vin jwenn mwen. Pa gen okenn moun ki wè Papa a, eksepte moun ki soti nan Bondye a. Se moun sa a ki wè Papa a. Anverite m ap di nou sa: Yon moun ki kwè gen lavi ki pap janm fini an.”

Apre sa, Jezi repete yon pawòl li te deja di: “Mwen se pen ki bay lavi a. Zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a, e yo te mouri kanmenm. Men, yon moun ki manje bonjan pen ki sot nan syèl la pap mouri. Mwen se pen vivan ki desann sot nan syèl la. Si yon moun manje nan pen sa a, l ap viv pou toutan.” Vrèmanvre, si yon moun demontre lafwa nan Jezi, li menm ki moun Bondye voye a, moun sa a ap kapab gen lavi ki pap janm fini an. Pa gen okenn màn ni okenn lòt pen ki ka bay sa!

Sanble konvèsasyon konsènan pen ki sot nan syèl la te fèt yon ti tan apre moun yo fin jwenn Jezi toupre Kapènawòm. Men, konvèsasyon an kontinye, e li vin pi chofe pandan Jezi ap anseye nan yon sinagòg Kapènawòm. Jan 6:25-51, 59; Sòm 78:24; Izayi 54:13; Matye 13:55-57.

▪ Ki sa k rive anvan Jezi pale sou pen ki sot nan syèl la?

▪ Lè w konsidere sa Jezi fèk sot fè a, poukisa li pa apwopriye pou moun yo mande l pou l ba yo yon siy?

▪ Poukisa Juif yo ap plenyen lè Jezi fè konnen li se bonjan pen ki sot nan syèl la?

▪ Ki kote konvèsasyon konsènan pen ki sot nan syèl la te fèt?