Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Dènye fèt Pak Jezi pral fete a prèske rive

Dènye fèt Pak Jezi pral fete a prèske rive

Chapit 112

Dènye fèt Pak Jezi pral fete a prèske rive

NAN fen jounen madi 11 Nizan an, Jezi fin anseye apot li yo sou mòn Oliv. Jounen an te fatigan e li te chaje ak aktivite. Kounye a, sandout pandan y ap retounen Betani pou y al pase nuit la, li di apot li yo: “Nou konnen fèt Pak la se nan de jou. Yo gen pou yo livre Pitit lòm nan pou yo kloure l sou yon poto.”

Sanble Jezi pase jounen mèkredi 12 Nizan an yon kote trankil ak apot li yo. Nan lavèy, li te reprimande chèf relijye yo devan lòt moun, e li rann li kont y ap chèche touye l. Donk, li pa parèt an piblik nan mèkredi, piske li pa vle anyen anpeche l selebre fèt Pak la ak apot li yo nan demen swa.

Pandan tan sa a, prèt an chèf yo ak ansyen yo rasanble nan lakou gran prèt la ki rele Kayif. Etandone yo santi yo vekse poutèt Jezi te kritike yo lavèy, yo fè plan pou yo met men sou li pou yo fè touye l. Men, yo di: “Nou pap fè sa pandan fèt la, dekwa pou pèp la pa fè dezòd.” Yo pè pèp la ki byen renmen Jezi.

Pandan chèf relijye yo ap fè konplo avèk mechanste pou yo touye Jezi, gen yon moun ki vin kote yo. Se pa ti sezi yo sezi, paske moun sa a ki vin kote yo a se Jida Iskaryòt, youn nan apot Jezi yo! Se Satan ki mete lide nan tèt li pou l livre Mèt li. Yo kontan anpil lè Jida mande yo: “Ki sa n ap ban m pou m livre l ban nou?” Yo antann yo san pwoblèm pou yo peye misye 30 pyès monnen ann ajan, pri yo peye pou yon esklav, selon alyans Lwa Moyiz la. Depi lè sa a, Jida ap chèche yon bon okazyon pou l livre Jezi ba yo san pa gen foul moun ki la.

Dat 13 Nizan an kòmanse mèkredi, apre solèy la fin kouche. Kòm se vandredi Jezi te sot Jeriko, sa fè sizyèm nuit l ap pase Betani, e se dènye a. Nan demen jedi, y ap bezwen fè dènye preparasyon pou fèt Pak la k ap kòmanse lè solèy la fin kouche. Se lè sa a yo dwe touye timouton pou fèt Pak la e apre sa pou yo griye l ann antye. Ki kote yo pral selebre fèt la, e kiyès ki pral fè preparasyon yo?

Petèt rezon ki fè Jezi pa bay detay sou sa se pou Jida pa al enfòme prèt an chèf yo, yon fason pou yo pa vin arete l pandan y ap selebre fèt Pak la. Men kounye a, pandan yo toujou Betani, petèt byen bonè nan jedi aprèmidi, Jezi voye Pyè ak Jan, li di yo: “Al prepare manje Pak la pou nou pou n manje.”

Yo mande l: “Ki kote w vle nou prepare l?

Jezi di: “Lè nou antre nan vil la, gen yon mesye k ap pote yon krich dlo k ap vin rankontre ak nou. Suiv li al nan kay kote l antre a. E nou dwe di mèt kay la: ‘Anseyan an di w konsa: “Kote pyès pou m manje manje Pak la avèk disip mwen yo ye la a?”’ Epi, l ap montre nou yon gwo pyès aletaj ki tou pare. Prepare manje Pak la la.”

Sandout, mèt kay la se yon disip Jezi petèt k ap tann pou Jezi mande l si l ka sèvi ak kay li nan okazyon espesyal sa a. Antouka, lè Pyè ak Jan rive Jerizalèm, yo jwenn tout bagay egzakteman jan Jezi te di a. Donk, de mesye sa yo pran dispozisyon pou timouton an pare e pou tout lòt aranjman yo fèt pou pèmèt yo 13 la selebre fèt Pak la, anpalan de Jezi ak 12 apot li yo. Matye 26:1-5, 14-19; Mak 14:1, 2, 10-16; Lik 22:1-13; Egzòd 21:32.

▪ Ki sa sanble Jezi fè jou mèkredi a, e poukisa?

▪ Ki reyinyon ki fèt lakay gran prèt la, e pou ki rezon Jida al kot chèf relijye yo?

▪ Kiyès Jezi voye Jerizalèm nan jedi, e pou ki rezon?

▪ Ki sa mesye Jezi voye yo jwenn ki montre yon lòt fwa ankò Jezi gen pouvwa pou l fè mirak?