Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Dènye fwa li parèt yo, ak fèt Pannkòt ane 33 a

Dènye fwa li parèt yo, ak fèt Pannkòt ane 33 a

Chapit 131

Dènye fwa li parèt yo, ak fèt Pannkòt ane 33 a

RIVE yon lè, Jezi pran dispozisyon pou tout 11 apot li yo rankontre avè l sou yon mòn nan Galile. Sanble gen lòt disip ki aprann sa, e gen plis pase 500 moun ki vini. Se pa ti kontan moun ki rasanble yo kontan lè Jezi parèt e li kòmanse anseye yo!

Pami bagay Jezi esplike pakèt moun ki te la yo, li fè konnen Bondye ba l tout pouvwa ni nan syèl la ni sou tè a. Men sa l di yo: “Kidonk, ale, epi fè disip pami moun tout nasyon. Batize yo nan non Papa a, nan non Pitit la ak nan non lespri sen an. Anseye yo pou yo obsève tout bagay mwen te ban nou lòd pou nou fè yo.”

Imajine sa! Ni gason, ni fi, ni timoun, yo tout resevwa menm misyon pou yo patisipe nan travay fè disip la. Opozan yo pral chèche bloke travay predikasyon ak travay ansèyman y ap fè a, men Jezi ankouraje yo, li di yo: “Gade! mwen avèk nou toulejou rive jis nan fen sistèm nan.” Jezi rete ak disip li yo pa mwayen lespri sen pou l ede yo akonpli travay predikasyon yo gen pou yo fè a.

Jezi fè disip li yo wè l vivan pandan 40 jou antou apre rezirèksyon l. Pandan moman sa yo, li anseye yo sou Wayòm Bondye a e li atire atansyon yo sou responsablite yo genyen antanke disip li. Nan yon okazyon, li menm parèt devan demi frè l Jak ki potko yon kwayan e li konvenk li se Li menm ki Kris la toutbonvre.

Pandan apot yo toujou nan Galile, sanble Jezi ba yo lòd pou yo retounen Jerizalèm. Pandan l reyini ak yo Jerizalèm, li di yo: “Pa kite Jerizalèm. Kontinye ret tann sa Papa a pwomèt la, sa mwen te di nou an. Paske, Jan te batize moun nan dlo, men nou menm, nan kèk jou ankò, y ap batize nou ak lespri sen.”

Apre sa, Jezi reyini ak apot li yo ankò, li kite vil la avèk yo, li mennen yo Betani ki sou bò lès mòn Oliv. Sa ki etonan, malgre tout sa li di konsènan ale li gen pou l ale nan syèl la talè konsa, yo toujou kwè Wayòm li an pral etabli sou tè a. Se sa k fè yo mande l: “Seyè, èske se nan tan sa a w ap met wayòm Izrayèl la sou pye ankò?”

Jezi pa eseye korije move konpreyansyon yo genyen an, men li senpleman di yo: “Nou pa gen pou nou konnen tan oswa epòk Papa a mete anba otorite l.” Apre sa, li ensiste ankò sou travay yo dwe fè a, li di: “Nou pral resevwa pisans lè lespri sen vin sou nou, e nou pral sèvi m temwen nan Jerizalèm, nan tout Jide ak nan Samari, rive jis nan zòn ki pi lwen sou tè a.”

Pandan yo kontinye ap gade, Jezi kòmanse monte nan syèl la, epi vin gen yon nyaj ki bare l e yo pa wè l ankò. Apre l fin kite kò lachè li te pran an, li monte nan syèl la antanke espri. Pandan 11 apot yo kontinye ap fikse syèl la, gen 2 mesye ak rad blan ki parèt bò kote yo, se zanj ki pran fòm kò moun. Zanj sa yo mande yo: “Moun Galile, poukisa nou ret ap gade syèl la? Jezi sa a ki sot nan mitan nou pou l al nan syèl la ap vini menm jan nou te wè l ale a.”

Menm jan Jezi kite tè a san fanfa e se disip fidèl li yo ki wè l, se menm jan an l ap retounen san fanfa, e se disip fidèl li yo sèlman k ap konprann li retounen e li kòmanse prezans li antanke Wa nan Wayòm nan.

Kounye a, apot yo desann mòn Oliv, yo travèse ravin Kidwòn, e yo antre Jerizalèm ankò. Yo rete la jan Jezi te ba yo lòd fè a. Dis jou apre, nan fèt Pannkòt ane 33 epòk nou an, yon fèt juif, pandan 120 disip anviwon reyini nan yon chanmòt Jerizalèm, gen yon bri ki fèt tankou bri yon gwo van ki pase rapid, e yon sèl kou bri a gaye nan tout kay la. Yo wè yon bann lang ki tankou dife, youn al poze sou tèt chak moun ki la, e tout disip yo kòmanse pale divès lang. Se lespri sen Jezi te pwomèt yo a ki te vide sou yo. Matye 28:16-20; Lik 24:49-52; 1 Korentyen 15:5-7; Travay 1:3-15; 2:1-4.

▪ Kiyès Jezi bay lòd anvan l ale pandan li sou yon mòn nan Galile, e ki lòd li bay?

▪ Ki jan Jezi ankouraje disip li yo, e nan ki sans l ap rete avèk yo?

▪ Konbyen tan Jezi fè ap parèt devan disip li yo apre rezirèksyon l, e ki sa l anseye yo?

▪ Devan ki moun sanble ki pa t yon disip anvan lanmò Jezi Jezi parèt?

▪ Site de dènye reyinyon Jezi fè ak apot li yo, e ki sa k rive nan okazyon sa yo?

▪ Nan ki sans Jezi ap retounen menm jan li ale a?

▪ Ki sa k pase nan fèt Pannkòt ane 33 epòk nou an?