Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Dlo nan je tounen gwo kè kontan

Dlo nan je tounen gwo kè kontan

Chapit 47

Dlo nan je tounen gwo kè kontan

LÈ Jayiris wè dam ki te gen san k ap koule sou li a geri, se sèten li vin gen plis konfyans nan pouvwa Jezi genyen pou l fè mirak. Anvan sa, nan menm jou a, Jayiris te mande Jezi vin fè yon bagay pou pitit fi l la li renmen anpil ki gen 12 an, ki kouche prèt pou mouri. Men kounye a, sa Jayiris te pi pè a rive. Pandan Jezi kontinye pale ak dam nan, gen kèk mesye ki vin kot Jayiris e ki di l toupiti: “Pitit fi w la mouri! Ou pa bezwen kontinye deranje Anseyan an ankò.”

Nouvèl sa a se yon kout ponya pou Jayiris. Imajine sa: Kounye a, mesye sa a moun respekte anpil nan zòn kote l ap viv la pèdi tout espwa nèt lè l aprann pitit fi l la mouri. Sepandan, Jezi tande sa yo di a. Se sa k fè li vire gad Jayiris, e li di l pawòl ankourajan sa a: “Ou pa bezwen pè, annik demontre w gen lafwa.”

Jezi akonpaye mesye a ki nan gwo lapenn al lakay li. Lè yo rive, yo jwenn moun k ap kriye e k ap rele. Gen yon gwo foul moun ki rasanble, yo t ap frape lestomak yo tèlman yo nan lapenn. Lè Jezi antre nan kay la, li mande: “Poukisa n ap fè eskandal e n ap kriye konsa a? Tipitit la pa mouri, se dòmi l ap dòmi.”

Lè moun yo tande sa, yo tonbe pase Jezi nan rizib, paske yo konnen tifi a mouri toutbonvre alòske Jezi di se dòmi l ap dòmi senpleman. Li pral sèvi ak pouvwa Bondye ba li pou l montre li ka leve moun sot nan lanmò byen fasil, menm jan yo ka reveye yon moun ki nan fon somèy.

Kounye a, Jezi fè tout moun sot deyò, eksepte Pyè, Jak, Jan ansanm ak manman ak papa tifi ki mouri a. Apre sa, li fè senk moun sa yo vin avèk li kote tifi a kouche a. Jezi pran men tifi a, li di: “Talita koumi”, ki vle di: “Tifi, mwen di w: Leve!” Menm kote a, tifi a leve, e li kòmanse mache! Lè paran l yo wè sa, yo prèske pèdi tèt yo tèlman yo kontan.

Apre Jezi fin mande pou yo bay tipitit la yon bagay pou l manje, li bay Jayiris ak madanm li lòd pou yo pa rakonte pèsonn sa k pase a. Men, malgre sa Jezi di a, pawòl la gaye nan tout zòn nan. Se dezyèm rezirèksyon Jezi fè. Matye 9:18-26; Mak 5:35-43; Lik 8:41-56.

▪ Ki nouvèl Jayiris resevwa, e ki jan Jezi ankouraje l?

▪ Ki sitiyasyon yo jwenn lè yo rive lakay Jayiris?

▪ Poukisa Jezi di se dòmi tifi ki mouri a ap dòmi?

▪ Ki senk moun ki avèk Jezi pandan l ap fè rezirèksyon an?