Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Egzanp jaden rezen yo montre ki kalite moun yo ye

Egzanp jaden rezen yo montre ki kalite moun yo ye

Chapit 106

Egzanp jaden rezen yo montre ki kalite moun yo ye

JEZI nan tanp lan. Li fèk sot lage konfizyon nan tèt chèf relijye yo ki te mande l kiyès ki ba l otorite pou l fè sa l ap fè yo. Yo poko menm sot nan konfizyon, Jezi mande yo: “Ki sa nou panse?” Apre sa, li sèvi ak yon egzanp pou l montre yo ki kalite moun yo ye vre.

Li di: “Te gen yon mesye ki te gen de pitit. L al jwenn premye a, li di l: ‘Pitit mwen, al travay nan jaden rezen an jodi a.’ Pitit la reponn, li di: ‘Dakò, papa.’ Men, li pa ale vre. Mesye a al jwenn dezyèm pitit li a, li di l menm bagay la. Pitit la reponn, li di: ‘Mwen pa prale.’ Apre sa, li regrèt sa l te di a, li ale.” Jezi mande yo: “Kiyès nan yo de a ki fè volonte papa l?”

Opozan l yo reponn: “Dezyèm nan.”

Lè sa a, Jezi di yo: “Anverite m ap di nou sa: Pèseptè yo ak pwostitye yo pran devan nou nan wayòm Bondye a.” Anfèt, okòmansman, pèseptè yo ak pwostitye yo te refize sèvi Bondye. Men apre sa, menm jan ak dezyèm pitit la, yo vin repanti e yo sèvi Bondye. Yon lòt bò, menm jan ak premye pitit la, chèf relijye yo deklare y ap sèvi Bondye, epoutan, jan Jezi fè yo remake: “Jan [ki te konn batize moun nan] te vini pou l montre nou chemen ki dwat la, men nou pa t kwè nan li. Men, pèseptè yo ak pwostitye yo te kwè nan li, e nou menm, malgre nou te wè sa, nou pa t repanti pou nou vin kwè nan li.”

Apre sa, Jezi montre se pa sèlman paske chèf relijye yo pa sèvi Bondye ki fè yo antò. Non, men se paske yo vrèman mechan, yo se move moun. Li di: “Gen yon mesye, yon pwopriyetè, ki fè yon jaden rezen. Li fè yon lantouray pou bare l, li fouye yon basen pou kraze rezen yo e li bati yon gerit. Li kite jaden an nan men kèk kiltivatè epi li vwayaje al nan peyi etranje. Lè sezon rekòt la rive, li voye esklav li kot kiltivatè yo pou yo ba l rezen pa l. Men, kiltivatè yo pran esklav yo, yo bat youn, yo touye youn, e yo touye yon lòt ak kout wòch. Li voye lòt esklav ankò, li voye plis pase premye fwa a, men kiltivatè yo fè esklav sa yo menm bagay la.”

“Esklav” yo se pwofèt “pwopriyetè” a, Jewova Dye, te voye kote “kiltivatè” k ap travay “jaden rezen” l lan. Kiltivatè sa yo se reprezantan ki alatèt nasyon Izrayèl la, nasyon Labib idantifye kòm “jaden rezen” Bondye.

Etandone “kiltivatè yo” malmennen “esklav” yo e yo touye yo, Jezi di: “Finalman, [mèt jaden rezen an] voye pitit gason l lan kote yo, li di tèt li: ‘Y ap respekte pitit gason m nan.’ Lè kiltivatè yo wè pitit la, youn di lòt: ‘Men eritye a! Vini, annou touye l pou eritaj li a ret pou nou!’ Vrèmanvre, yo pran l, yo mennen l pa deyò jaden rezen an, e yo touye l.”

Kounye a, Jezi ap pale ak chèf relijye yo, li mande yo: “Lè mèt jaden rezen an vini, ki sa l ap fè kiltivatè sa yo?”

Chèf relijye yo reponn: “Etandone yo mechan, l ap touye yo e l ap kite jaden rezen an nan men lòt kiltivatè, e kiltivatè sa yo ap ba l fwi pa l lè fwi yo bon.”

Konsa, yo jije tèt yo san yo pa rann yo kont, etandone yo fè pati “kiltivatè” izrayelit k ap travay “jaden rezen” Jewova a, sètadi nasyon Izrayèl la. Fwi Jewova atann pou l jwenn nan men kiltivatè sa yo se lafwa nan Pitit li a, vrè Mesi a. Lefètke yo pa pwodui fwi sa a, men avètisman Jezi bay: “Èske nou pa t janm li pasaj nan Ekriti yo [nan Sòm 118:22, 23] ki di: ‘Wòch moun k ap bati yo jete a, se li menm ki vin tounen wòch prensipal ki nan kwen an. Se Jewova ki fè sa rive, e se yon bèl bagay sa ye nan je nou’? Se poutèt sa, men sa m ap di nou: Y ap retire wayòm Bondye a nan men nou, e se yon nasyon k ap pwodui fwi wayòm nan y ap bay li. Yon lòt bò, moun ki tonbe sou wòch sa a ap kraze. E kèlkeswa moun wòch sa a tonbe sou li, wòch la ap fè l tounen poud.”

Se kounye a espè nan Lalwa yo ak prèt an chèf yo vin konprann se de yo Jezi ap pale, e yo vle touye l, li menm ki se “eritye” lejitim nan. Konsa, y ap retire privilèj pou yo dirije nan Wayòm Bondye a nan men yo antanke nasyon, e y ap etabli yon nouvo nasyon ki fòme ak lòt ‘kiltivatè jaden rezen’, yon nasyon k ap pwodui bon fwi.

Kòm chèf relijye yo pè foul moun yo ki pran Jezi pou yon pwofèt, yo pa chèche touye l nan moman sa a. Matye 21:28-46; Mak 12:1-12; Lik 20:9-19; Izayi 5:1-7.

▪ Kiyès de pitit nan premye egzanp Jezi bay la reprezante?

▪ Nan dezyèm egzanp lan, kiyès “pwopriyetè” a, “jaden rezen” an, “kiltivatè yo”, “esklav yo” ak “eritye a” reprezante?

▪ Ki sa k ap rive ‘kiltivatè jaden rezen an’, e kiyès k ap ranplase yo?