Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Egzanp pyès monnen ann ajan yo

Egzanp pyès monnen ann ajan yo

Chapit 100

Egzanp pyès monnen ann ajan yo

SANBLE Jezi kay Zache toujou, kote li fè yon ti rete detan l nan wout pou l al Jerizalèm. Disip li yo kwè, lè l rive Jerizalèm, l ap fè konnen se li ki Mesi a e l ap enstale Wayòm li an. Pou Jezi korije ide sa a e pou l montre Wayòm nan ap pran yon bon bout tan toujou anvan l etabli, li bay yon egzanp.

Li di: “Gen yon mesye ki te fèt nan gran fanmi ki vwayaje al nan yon peyi lwen pou yo ka mete l wa, apre sa pou l retounen.” Jezi se “mesye ki te fèt nan gran fanmi” an e syèl la se “peyi lwen” an. Lè Jezi rive nan syèl la, Papa l ap ba l pouvwa pou l vin Wa.

Men, anvan mesye ki te fèt nan gran fanmi an ale, li rele dis esklav li genyen, li ba yo chak yon pyès monnen ann ajan, li di yo: “Fè biznis avèk yo jiskaske m tounen.” Nan premye akonplisman egzanp sa a, dis esklav yo reprezante premye disip Jezi yo. Nan yon akonplisman ki pi gran, yo reprezante tout moun ki gen posiblite pou yo eritye Wayòm syèl la ansanm ak Jezi.

Pyès monnen ann ajan yo gen anpil valè, yo chak vo anviwon kòb twa mwa travay yo peye yon moun k ap travay nan jaden. Men, ki sa pyès monnen ann ajan yo reprezante? E ki kalite biznis esklav yo dwe fè avèk yo?

Pyès monnen ann ajan yo reprezante byen disip Bondye chwazi pa mwayen lespri sen pou y al nan syèl la kapab itilize pou yo ede plis moun vin eritye Wayòm syèl la, jiskaske Jezi vini antanke Wa nan Wayòm Bondye pwomèt la. Apre Jezi fin resisite e li fè disip li yo wè l, li ba yo pyès monnen senbolik yo pou yo fè plis disip, e konsa y ap fè plis moun vin fè pati klas moun ki pral nan Wayòm syèl la.

Apre sa, Jezi di: “Men, moun menm peyi [ak mesye ki te fèt nan gran fanmi an] te rayi l e yo voye yon delegasyon dèyè l pou al di: ‘Nou pa vle mesye sa a vin wa sou nou.’” Moun menm peyi ak mesye a se Izrayelit yo oswa Juif yo, anwetan disip Jezi yo. Apre Jezi fin al nan syèl la, Juif sa yo pèsekite disip li yo, e konsa yo fè konnen yo pa vle l vin wa yo. Nan sans sa a, yo aji menm jan ak moun menm peyi ak mesye ki te fèt nan gran fanmi an ki te voye yon delegasyon dèyè l la.

Ki jan dis esklav yo sèvi ak pyès monnen ann ajan ki nan men yo a? Jezi di: “Finalman, lè yo fin mete l wa, li retounen, epi li fè rele esklav li te bay lajan yo vin jwenn li, pou l konnen ki benefis yo fè nan biznis yo t al fè a. Epi, premye esklav la parèt, li di: ‘Mèt, avèk pyès monnen ou te ban m nan, mwen fè dis lòt.’ Lè sa a, mèt la di li: ‘Trè byen, ou se yon bon esklav! Piske w montre w fidèl nan yon bagay ki toupiti, m ap ba w pouvwa sou dis vil.’ Kounye a, dezyèm nan vini, li di: ‘Mèt, avèk pyès monnen ou te ban m nan, mwen fè senk lòt.’ Li di esklav sa a tou: ‘Ou menm, m ap ba w responsab senk vil.’”

Esklav ki fè dis pyès monnen ann ajan an reprezante yon klas oswa yon gwoup disip ki egziste depi fèt Pannkòt ane 33 epòk nou an rive jis jodi a, san wete apot yo. Esklav ki fè senk pyès monnen ann ajan an reprezante yon lòt gwoup moun tou ki ogmante byen wa a genyen sou tè a selon posiblite yo ak kapasite yo, pandan menm peryòd la. Toule de gwoup moun sa yo preche bon nouvèl la avèk zèl. Se sa k fè anpil moun ki gen kè sensè vin kretyen. Biznis nèf nan esklav yo te fè yo te byen mache e yo te fè benefis ak sa yo te gen nan men yo a.

Apre sa, Jezi di: “Men, gen yon lòt ki vini, ki di: ‘Mèt, men pyès monnen w lan, mwen te sere l nan yon moso twal. Ou konnen, mwen te pè w, paske ou se yon moun ki di, ou pran sa w pa t met la e ou rekòlte sa w pa t simen.’ Mèt la di li: ‘Esklav mechan, se ak pawòl nan bouch ou m ap jije w. Ou te konnen m se yon moun ki di, m pran sa m pa t met la, mwen rekòlte sa m pa t simen, donk poukisa ou pa t met lajan m nan nan yon bank? Omwen lè m vini, mwen ta jwenn li ak enterè.’ “Lè sa a, li di moun ki te kanpe la yo: ‘Pran pyès monnen an nan men l, bay sa ki gen dis la li.’”

Lefètke yo pran pyès monnen senbolik ki te nan men esklav mechan an, sa vle di li pèdi plas li t ap genyen nan Wayòm syèl la. Anfèt, nan yon sans, li pèdi privilèj pou l dirije dis vil oswa senk vil. N ap remake tou yo pa di esklav la mechan poutèt yon bagay mal li fè, men okontrè se poutèt li pa travay pou l ogmante richès Wayòm mèt li a.

Lè yo bay premye esklav la pyès monnen yo te konfye esklav mechan an, gen moun ki pa dakò, yo di: “Mèt, li deja gen dis pyès!” Men, Jezi reponn: “Moun ki genyen an, y ap ba l plis. Men, moun ki pa genyen an, y ap pran ata sa l genyen an nan men l. Epitou, ènmi m sa yo ki pa t vle mwen vin wa sou yo a, mennen yo isit la epi touye yo devan m.” Lik 19:11-27; Matye 28:19, 20.

▪ Ki sa k pouse Jezi bay egzanp pyès monnen ann ajan yo?

▪ Kiyès ki mesye ki te fèt nan gran fanmi an, e nan ki peyi l ale a?

▪ Kiyès ki esklav yo, e ki sa pyès monnen ann ajan yo reprezante?

▪ Kiyès ki moun menm peyi ak mesye ki te fèt nan gran fanmi an, e ki jan yo montre yo rayi l?

▪ Poukisa yo di youn nan esklav yo se yon esklav mechan, e ki sa pran yo pran pyès monnen li te gen nan men l lan vle di?