Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Egzanp resepsyon maryaj la

Egzanp resepsyon maryaj la

Chapit 107

Egzanp resepsyon maryaj la

JEZI itilize de egzanp pou l montre ki kalite moun espè nan Lalwa yo ak prèt an chèf yo ye, e yo vle touye l poutèt sa. Men, Jezi poko prèt pou l fini ak yo. Li ba yo yon lòt egzanp apre sa, li di:

“Wayòm syèl la sanble ak yon mesye, yon wa, ki t ap fè yon resepsyon maryaj pou yon pitit gason l. Li voye esklav li al rele moun li te envite nan resepsyon an, men yo pa vle vini.”

Jewova Dye se Wa ki prepare resepsyon maryaj la pou Pitit Gason l lan, Jezi Kris. Finalman, lamarye a, sètadi 144 000 disip Bondye chwazi pou y al nan syèl la, pral jwenn Jezi nan syèl la. Moun ki anba dominasyon Wa a se pèp Izrayèl la ki te jwenn posiblite pou yo vin “yon wayòm prèt”, lè yo te antre nan alyans Lalwa a nan ane 1513 anvan epòk nou an. Kidonk, se nan moman sa a yo te resevwa envitasyon pou yo vin nan resepsyon maryaj la.

Sepandan, se jis ann otòn ane 29 epòk nou an yo te rele moun yo te envite yo pou premye fwa, lè Jezi ak disip li yo (esklav wa a) te kòmanse travay predikasyon Wayòm nan. Men, Izrayelit selon lachè esklav yo te rele soti ane 29 epòk nou an pou rive ane 33 epòk nou an pa t dispoze vini. Se poutèt sa Bondye te bay nasyon ki konpoze ak moun yo te envite yo yon lòt chans, jan Jezi montre sa. Li di:

“Li voye lòt esklav ankò, li di: ‘Di envite yo: “Gade! Manje m pare, mwen touye towo bèf mwen ak bèt ki byen angrese mwen genyen, e tout bagay pare. Vini nan resepsyon maryaj la.”’” Se nan Pannkòt ane 33 epòk nou an, lè lespri sen te desann sou disip Jezi yo, yo te rele moun yo te envite yo, e yo te kontinye rele yo rive jis nan ane 36 epòk nou an. Se dezyèm fwa yo te rele yo, e se te dènye fwa a.

Sepandan, lè sa a ankò, pifò nan Izrayelit yo te meprize moun ki te rele yo a. Jezi di: “Yo pa okipe l, y al nan wout yo, youn ale nan jaden l, yon lòt al nan komès li, epi rès yo menm, yo pran esklav yo, yo joure yo, yo maltrete yo epi yo touye yo.” Apre sa, Jezi di: “Kòlè wa a vin monte l, li voye lame l al detwi asasen yo, e li fè boule vil yo a.” Sa te rive nan ane 70 epòk nou an, lè Women yo te ratibwaze Jerizalèm e yo te touye asasen yo.

Apre sa, Jezi esplike sa k te pase pandan peryòd sa a. Li di: “Epi, [wa a] di esklav li yo: ‘Resepsyon maryaj la deja pare, men moun ki te envite yo pa t diy. Kidonk, al nan gran wout yo, wout nou konn pran lè n ap kite vil la, epi tout moun nou jwenn, envite yo vin nan resepsyon maryaj la.’” Esklav yo fè sa, e “sal ki te prepare pou seremoni maryaj la vin plen moun ki chita bò tab yo”.

Travay rasanble moun yo t al chèche nan wout ki pa deyò vil kote moun yo te envite yo ye a te kòmanse nan ane 36 epòk nou an. Kònèy, yon ofisye nan lame women an, ak fanmi l, se te premye nan moun ki pa Juif e ki pa sikonsi yo t al chèche yo. Rasanbleman moun ki pa Juif sa yo ki vin ranplase moun ki pa t byen reyaji lè yo te rele yo a kontinye jis nan dènye syèk sa yo.

Se nan dènye syèk sa yo sal ki prepare pou seremoni maryaj la vin plen moun. Jezi fè konnen sa k pase lè sa a, li di: “Lè wa a antre pou l egzamine envite yo, li wè yon mesye ki pa gen abiman maryaj sou li. Li di l konsa: ‘Zanmi, kòman w fè antre la a san w pa gen abiman maryaj sou ou?’ Misye pa t ka reponn anyen. Lè sa a, wa a di sèvitè l yo: ‘Mare men l ak pye l, epi voye l deyò nan fènwa a. Se la li pral kriye e li pral manje dan.’”

Mesye ki pa gen abiman maryaj sou li a reprezante fo kretyen nan lakretyente yo. Bondye pa janm rekonèt yo kòm vrè Izrayelit espirityèl. Bondye pa t janm vide lespri sen l sou yo antanke eritye Wayòm nan. Se poutèt sa li voye yo deyò nan fènwa a kote yo pral detwi.

Nan fen egzanp lan, men sa Jezi di: “Paske, yo te envite anpil moun, men se yon tikras yo chwazi.” Wi, yo te envite anpil moun nan nasyon Izrayèl la pou yo te vin fè pati klas lamarye Kris la, men se sèlman kèk Izrayelit selon lachè yo te chwazi. Pifò nan 144 000 moun yo envite pou yo resevwa rekonpans yo nan syèl la se pa Izrayelit yo ye. Matye 22:1-14; Egzòd 19:1-6; Revelasyon 14:1-3.

▪ Kiyès moun yo te premye envite nan resepsyon maryaj la, e ki lè yo te fè yo envitasyon an?

▪ Ki lè yo te rele moun yo te envite yo pou premye fwa, e kiyès ki esklav yo te voye pou al rele moun yo?

▪ Ki lè yo te rele moun yo te envite yo pou yon dezyèm fwa, e kiyès yo te envite apre sa?

▪ Kiyès mesye ki pa gen abiman maryaj sou li a reprezante?

▪ Kiyès anpil moun yo te envite yo ye, e kiyès tikras moun yo chwazi yo ye?