Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Esperans rezirèksyon an

Esperans rezirèksyon an

Chapit 90

Esperans rezirèksyon an

FINALMAN Jezi rive toupre Betani, yon bouk ki gen anviwon twa kilomèt ki separe l ak Jerizalèm. Sa fè kèk jou sèlman depi Laza mouri e depi yo antere l. Sè l yo, Mari ak Mat, nan lapenn toujou, e gen anpil moun ki vin lakay yo pou konsole yo.

Pandan yo nan lapenn nan, gen yon moun ki vin di Mat Jezi nan wout. Se sa k fè li kouri al rankontre l, sanble li pa di sè l la sa. Lè Mat rankontre Jezi, li di: “Si w te la, frè m nan pa t ap mouri non.” Sandout ni li menm ni sè l la dwe te repete pawòl sa a plizyè fwa pandan kat jou ki sot pase yo.

Sepandan, Mat fè konnen li gen espwa e li kwè Jezi ka fè yon bagay pou frè l la jiska prezan. Li di: “Mwen konnen tout sa w mande Bondye, l ap ba ou l.”

Jezi di l: “Frè w la ap leve.”

Mat konprann Jezi ap pale de rezirèksyon ki pral fèt sou tè a alavni, yon rezirèksyon Abraram ak lòt sèvitè Bondye yo t ap tann tou. Se poutèt sa li reponn: “Mwen konnen l ap leve nan rezirèksyon k ap fèt nan dènye jou a.”

Men, Jezi ba l espwa l ap jwenn soulajman tousuit. Jezi reponn li: “Mwen se rezirèksyon an e mwen se lavi a.” Li fè Mat sonje Bondye ba li pouvwa sou lanmò, li di: “Yon moun ki demontre lafwa nan mwen, menmsi l mouri, l ap vin gen lavi ankò. E tout moun k ap viv e ki demontre lafwa nan mwen pap janm mouri ditou.”

Jezi pa di Mat moun fidèl ki vivan nan epòk la pap janm mouri. Men, li vle fè l konprann si yon moun demontre lafwa nan li, sa ka fè l jwenn lavi ki pap janm fini an. Pifò moun ap jwenn lavi ki pap janm fini an lè yo resisite nan dènye jou a. Men, lòt moun ki fidèl yo ap chape nan fen sistèm sa a sou tè a, e pawòl Jezi yo ap reyalize nan yon sans literal pou moun sa yo. Yo pap janm mouri ditou! Apre Jezi fin di bèl pawòl sa a, li mande Mat: “Èske w kwè sa?”

Li reponn: “Wi, Seyè. Mwen kwè se ou ki Kris la, Pitit Bondye a, Moun ki te gen pou l vin nan monn nan.”

Apre sa, Mat kouri tounen al rele sè l la, li di l tou ba: “Anseyan an la, men l ap rele w.” Tousuit, Mari sot nan kay la. Lè moun yo wè l ale, yo suiv li, paske yo panse li pral bò tonm nan.

Lè Mari rankontre Jezi, li lage kò l nan pye l e li tonbe kriye. Li di: “Seyè, si w te la, frè m nan pa t ap mouri.” Lè Jezi wè Mari ak foul moun ki suiv Mari yo ap kriye, sa boulvèse l anpil. Li mande: “Ki kote nou antere l?”

Yo reponn: “Seyè, vin wè.”

Epi dlo koule nan je Jezi tou. Se sa k fè Juif yo di: “Gade kòman l te gen afeksyon pou li!”

Gen kèk moun ki sonje, lè Jezi te nan fèt Tabènak yo sa gen kèk mwa, li te geri yon jèn gason ki te fèt tou avèg. Yo mande: “Èske mesye sa a ki te fè avèg la wè a pa t ka anpeche Laza mouri?” Jan 5:21; 6:40; 9:1-7; 11:17-37.

▪ Ki lè Jezi resi rive toupre Betani, e ki sa k pase nan zòn nan?

▪ Ki sa k fè Mat kwè ap gen yon rezirèksyon?

▪ Ki jan lanmò Laza touche Jezi?