Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fanmi Jezi lè l te piti

Fanmi Jezi lè l te piti

Chapit 9

Fanmi Jezi lè l te piti

LÈ Jezi t ap grandi Nazarèt, vil sa a te toupiti e li pa t gen anpil enpòtans. Li nan yon kote ki gen mòn, nan yon zòn ki rele Galile, ki pa twò lwen yon bèl vale ki rele Yizreyèl.

Lè Jozèf ak Mari sot ann Ejip e yo vin abite Nazarèt, petèt Jezi te gen anviwon dezan, e sanble se li menm sèl Mari te gen kòm pitit. Men, sa pa t ap pran anpil tan pou Mari vin gen lòt pitit. Rive yon lè, Mari ak Jozèf vin gen Jak, Jozèf, Simon ak Jida e yo vin gen pitit fi tou. Finalman, Jezi vin gen sis ti frè ak ti sè pou pi piti.

Jezi gen lòt fanmi ankò. Nou deja gen enfòmasyon sou kouzen l, Jan, ki pi gran pase l e k ap viv nan yon zòn nan Jide ki gen plizyè kilomèt ki separe l ak Nazarèt. E gen Salome, ki petèt se sè Mari, ki abite pi pre, nan Galile. Salome marye ak Zebede, yo gen de pitit gason, Jak ak Jan, e sanble yo se kouzen Jezi. Nou pa konnen si pandan Jezi t ap grandi li te pase anpil tan ak timesye sa yo, men annapre yo vin trè pwòch avè l.

Jozèf dwe travay di pou l pran swen fanmi l ki vin gen plis moun. Li se yon bòs chapant. Jozèf leve Jezi kòm pwòp pitit gason l, se poutèt sa yo rele Jezi “pitit bòs chapant lan”. Jozèf fòme Jezi pou l vin yon bòs chapant tou, e Jezi se yon bon apranti. Se poutèt sa moun yo konn rele Jezi “bòs chapant lan”.

Adorasyon Jewova Dye jwe yon wòl enpòtan nan fanmi Jozèf. Ann amoni ak Lwa Bondye a, Jozèf ak Mari bay pitit yo fòmasyon nan domèn espirityèl ‘lè yo chita lakay yo, lè y ap mache sou wout, lè yo kouche, e lè yo leve’. Gen yon sinagòg nan Nazarèt, e nou kapab sèten Jozèf konn al la regilyèman tou ak fanmi l pou yo adore Jewova. Men, asireman yo jwenn anpil kè kontan nan vwayaj yo konn fè regilyèman pou y al nan tanp Jewova a ki nan vil Jerizalèm. Matye 13:55, 56; 27:56; Mak 15:40; 6:3; Detewonòm 6:6-9.

▪ Konbyen ti frè ak ti sè Jezi genyen pou pi piti, e ki jan kèk nan yo rele?

▪ Ki jan yo rele twa kouzen Jezi moun plis konnen yo?

▪ Ki metye Jezi genyen, e poukisa se metye sa a li genyen?

▪ Ki fòmasyon enpòtan Jozèf bay fanmi l?