Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Farizyen yo refize kwè

Farizyen yo refize kwè

Chapit 71

Farizyen yo refize kwè

PARAN mandyan ki te avèg la pè lè Farizyen yo voye rele yo. Yo konnen Farizyen yo deside mete kèlkeswa moun ki demontre li gen lafwa nan Jezi deyò nan sinagòg la. Lè yo fè yon moun koupe kontak konsa ak lòt moun nan kominote a, se yon sitiyasyon ki ka rèd anpil, sitou si moun nan nan yon fanmi ki pòv. Se poutèt sa paran mesye a pridan.

Farizyen yo mande yo: “Èske se pitit nou an, li menm nou di ki te fèt tou avèg la? Bon, kòman fè li wè kounye a?”

Paran yo reponn: “Nou konnen se pitit nou an, e nou konnen li te fèt tou avèg. Men, nou pa konnen ni kòman l fè wè kounye a, ni ki moun ki fè l wè.” Asireman, pitit gason yo a dwe rakonte yo tout sa k te pase, men yo montre yo pridan, yo di: “Mande l. Li gen laj pou sa. Se pou l pale pou tèt li.”

Se poutèt sa Farizyen yo rele mesye a ankò. Fwa sa a, yo eseye fè l pè lè yo fè l konnen yo gen anpil prèv ki montre Jezi fè bagay ki pa kòrèk. Yo di l: “Di laverite pou w ka bay Bondye glwa. Nou konnen mesye sa a se yon pechè.”

Mesye ki te avèg la pa demanti akizasyon yo fè a. Men sa l di: “Mwen pa konnen si l se yon pechè oubyen si l pa yon pechè. Sèl sa m konnen, sèke mwen te avèg, e kounye a mwen wè.”

Piske Farizyen yo ap chèche yon fay nan temwayaj li bay la, yo mande l ankò: “Ki sa l te fè? Kòman l te fè pou l fè w wè?”

Li reponn yo: “Mwen te di nou sa deja, nou pa t koute. Poukisa nou vle tande sa ankò?” Pou l pase yo nan rizib, li mande yo: “Èske nou vle vin disip li tou?”

Repons li bay la fè Farizyen yo vin an kòlè anpil. Yo di: “Se ou menm ki disip misye. Nou menm, se disip Moyiz nou ye. Nou konnen Bondye te pale ak Moyiz. Men kanta pou mesye sa a, nou pa konn kiyès ki voye l.”

Mesye ki konn mande a montre li sezi. Li di: “Sa vrèman dwòl pou nou pa konn kiyès ki voye l, epoutan li fè m wè.” Ki leson nou ta dwe tire nan sa l di a? Mesye ki konn mande a sèvi ak yon rezònman tout moun aksepte. Li di: “Nou konnen Bondye pa koute pechè, men si yon moun gen lakrentif pou li e si l fè volonte l, moun sa a, li koute l. Depi nan tan lontan, pèsonn pa janm tande okenn moun fè yon moun ki te fèt tou avèg wè.” Donk, sa yo ta dwe konprann nan parèt byen klè: “Si se pa t Bondye ki te voye mesye sa a, li pa t ap ka fè anyen ditou.”

Devan yon rezònman ki senp e ki klè konsa, Farizyen yo pa jwenn anyen pou yo di. Yo pa vle admèt verite a, se poutèt sa yo di l avèk mepri: “Ou fèt nan peche, epi w ap vin anseye nou?” Lè sa a, yo fè misye soti e sanble yo tou mete l deyò nan sinagòg la.

Lè Jezi aprann sa Farizyen yo fè a, l al chèche mesye a e lè l jwenn li, li di l: “Èske w gen lafwa nan Pitit lòm nan?”

Mandyan ki te avèg la mande l: “Kiyès li ye, mesye, pou m ka mete lafwa nan li?”

Jezi reponn: “Se li menm k ap pale avè w la a.”

Tousuit, mesye a pwostène devan Jezi e li di l: “Wi Seyè, mwen gen lafwa nan li.”

Apre sa, Jezi esplike: “Men pou ki jijman mwen vini nan monn sa a: pou moun ki pa wè yo ka wè e pou moun ki wè yo ka vin avèg.”

Lè sa a, Farizyen k ap koute yo mande: “Èske nou menm tou nou avèg?” Si yo te rekonèt yo te avèg nan lespri yo, moun ta konprann rezon ki fè yo opoze ak Jezi. Se sa k fè Jezi di yo: “Si nou te avèg, nou pa t ap peche.” Epoutan, yo fè kè di, yo pèsiste di yo pa avèg e yo pa bezwen moun ede yo konprann anyen nan domèn espirityèl. Se poutèt sa Jezi di: “Kòm kounye a nou di: ‘Nou wè.’ Peche nou yo rete la.” Jan 9:19-41.

▪ Poukisa paran mandyan ki te avèg la pè lè Farizyen yo voye rele yo, e ki jan yo montre yo pridan lè y ap reponn?

▪ Ki jan Farizyen yo eseye fè mesye ki te avèg la pè?

▪ Ki rezònman lojik mesye a fè ki fè Farizyen yo vin an kòlè anpil?

▪ Poukisa Farizyen yo pa gen eskiz poutèt yo opoze ak Jezi?