Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Gade! Men nonm nan!”

“Gade! Men nonm nan!”

Chapit 123

“Gade! Men nonm nan!”

KONPÒTMAN Jezi fè Pilat sezi e li rekonèt li inosan, se sa k fè l ap chèche yon lòt mwayen pou l lage l. Li di foul moun yo: “Nou gen koutim pou m lage yon moun pou nou nan moman fèt Pak la.”

Gen yon kriminèl tout moun konnen ki rele Barabas, ki se yon prizonye tou. Donk, Pilat mande: “Ki moun nou vle m lage pou nou, Barabas oswa Jezi, sila a yo rele Kris la?”

Prèt an chèf yo chofe tèt moun yo, yo konvenk yo pou yo mande lage Barabas e pou yo fè touye Jezi. Pilat bò kote pa l pa sispann chèche mwayen pou l lage Jezi. Men sa l mande yo ankò: “Kiyès nan yo de a nou vle m lage pou nou?”

Yo di byen fò: “Barabas.”

Pilat santi l kontrarye, li mande: “Ebyen, ki sa pou m fè ak Jezi, sila a yo rele Kris la?”

Yo tout pran rele byen fò, yo di: “Kloure l sou yon poto!” “Kloure l sou yon poto! Kloure l sou yon poto!”

Pilat konnen se yon moun inosan y ap mande l pou l fè touye, li di: “Poukisa? Ki mal misye fè? Mwen pa wè l fè anyen ki merite lanmò. Konsa, m ap pini l epi m ap lage l.”

Malgre tout sa Pilat fè, chèf relijye yo pa sispann eksite foul la ki vin pi an kòlè. Yo kontinye di byen fò: “Kloure l sou yon poto!” Prèt yo tèlman chofe foul la, moun yo fin dechennen, yo vle wè san. Imajine sa! Sa gen senk jou sèlman, petèt gen nan yo ki te pami moun ki t ap akeyi Jezi lè l t ap antre Jerizalèm tankou Wa a! Pandan tan sa a, si disip Jezi yo la, konnen yo ret an silans e yo met kò yo apa.

Lè Pilat wè tout efò l fè yo pa bay anyen, men okontrè sa fè moun yo fè plis eskandal toujou, li pran dlo, li lave men l devan foul la, li di: “Mwen inosan nan lanmò mesye sa a. Se nou ki responsab san l.” Lè moun yo tande sa, yo reponn: “Se pou san l vin sou nou ak sou pitit nou.”

Kòm se sa yo te mande e kòm Pilat te plis vle satisfè foul la pase pou l fè sa l konnen ki jis, li lage Barabas pou yo. Li pran Jezi, li fè retire rad sou li epi li fè bat li ak kout fwèt. Se pa ti bat yo bat li! Men ki jan yon jounal (The Journal of the American Medical Association) esplike fason Women yo te konn abitye bat moun:

“Yo te abitye sèvi ak yon fwèt kout (ki rele flagrum oubyen flagellum) ki gen plizyè branch ki fèt an po, ki pa menm longè, e pafwa yo te konn trese chak branch e yo te konn mare ti boul an fè oswa ti moso zo mouton byen file nan branch yo. [...] Tank sòlda women yo t ap frape fwèt sa a nan do viktim nan ak tout fòs yo, se tank ti boul an fè yo t ap metri chè a pa anndan, e se tank branch an po yo ak zo mouton yo t ap fann po moun nan ak chè l. Ansuit, tank yo t ap bat moun nan, se tank blese li genyen yo t ap antre pi fon rive jis nan mis ki kole ak zo l yo, e sa fè gen moso chè ki pandye k ap tranble e k ap senyen.”

Apre yo fin tòtire Jezi, yo fè l antre nan palè gouvènè a, e yo rele tout batayon sòlda yo. Lè sa a, sòlda yo derespekte l plis toujou, yo trese yon kouwòn pikan e yo foure l nan tèt li. Yo mete yon wozo nan men dwat li e yo abiye l ak yon rad wouj vyolèt, parèy ak rad wa konn abitye mete. Apre sa, yo pase l nan rizib, yo di l: “Bonjou, Wa Juif yo!” Epitou, yo krache sou li, yo ba l kalòt nan figi l. Yo pran wozo ki nan men l lan ki solid, yo sèvi avè l pou yo ba l kou nan tèt, sa ki lakòz pikan pwenti ki nan “kouwòn” yo met sou tèt li pou imilye l la antre pi fon nan po tèt li.

Diyite ak kouraj estrawòdinè Jezi demontre devan move tretman sa yo tèlman fè Pilat sezi, sa pouse l fè yon lòt tantativ pou l sove Jezi. Li di foul moun yo: “Gade! M ap mennen l deyò a pou nou dekwa pou nou ka konnen mwen pa jwenn anyen ki montre li koupab.” Petèt, Pilat panse, lè moun yo wè Jezi apre yo fin tòtire l, sa ap touche kè yo. Pandan Jezi kanpe devan foul moun sa yo ki san pitye, avèk kouwòn pikan an nan tèt li ak rad wouj vyolèt la sou li, epi soufrans make sou figi l ki plen san, Pilat di: “Gade! Men nonm nan!”

Jezi kanpe devan yo. Malgre yo matirize l e malgre yo bat li byen bat, li se pèsonaj ki pi estrawòdinè nan tout listwa. Vrèmanvre, li se moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a! Wi, Jezi demontre yon diyite ak yon kalm ki eksprime yon grandè menm Pilat dwe rekonèt, paske pawòl li di yo sanble montre respè ak pitye. Jan 18:39–19:5; Matye 27:15-17, 20-30; Mak 15:6-19; Lik 23:18-25.

▪ Ki jan Pilat eseye lage Jezi?

▪ Ki jan Pilat eseye retire chay sa a sou do l?

▪ Ki jan Women yo te konn bat moun?

▪ Ki jan yo pase Jezi nan rizib apre yo fin bat li?

▪ Ki lòt tantativ Pilat fè pou l lage Jezi?