Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Gen pale anpil k ap fèt sou li

Gen pale anpil k ap fèt sou li

Chapit 41

Gen pale anpil k ap fèt sou li

YON ti tan apre Simon fin resevwa Jezi lakay li, Jezi kòmanse yon dezyèm kanpay predikasyon nan Galile. Nan premye kanpay predikasyon li te fè a, premye disip li yo, Pyè, Andre, Jak ak Jan, te akonpaye l. Men kounye a, 12 apot li yo ansanm ak kèk medam akonpaye l. Pami medam sa yo, gen Mari moun Magdala, Sizàn ak Jàn. Mesye ki mari dam ki rele Jàn nan se yon fonksyonè k ap travay ak wa Ewòd.

Tank aktivite Jezi yo ap ogmante, se tank vin gen plis pale anpil sou aktivite l. Yo mennen yon mesye ki gen demon sou li bay Jezi, mesye a avèg e li bèbè. Lè Jezi geri mesye a, li pa gen demon sou li ankò, li vin ka pale e li vin ka wè, lè sa a, foul moun yo sezi. Yo kòmanse ap di: “Ou kwè se pa ta li menm ki Pitit David la?”

Tèlman gen moun ki vin rasanble toutotou kay kote Jezi ye a, li menm ak disip li yo pa menm ka manje yon bagay. Apa moun ki panse petèt Jezi se “Pitit David” Bondye te pwomèt l ap voye a ki la, gen espè nan Lalwa ak Farizyen ki soti tout kote nan Jerizalèm ki vini pou denigre l. Lè fanmi Jezi yo tande gen tout pale anpil sa a k ap fèt sou Jezi, yo vin pran l pou y al avè l. Pou ki rezon?

Ebyen, menm pwòp frè Jezi yo poko kwè li se Pitit Bondye. Anplis de sa, eskonbrit ak polemik Jezi soulve a pa sanble ditou ak Jezi yo te konnen ki grandi Nazarèt la. Se poutèt sa yo panse tèt li pa byen. Finalman, yo di “tèt li pati”, e yo soti pou met men sou li pou y al avè l.

Sepandan, pa gen moun ki ka nye Jezi te geri mesye ki te gen demon sou li a. Espè nan Lalwa yo ak Farizyen yo konnen yo pa ka nye mirak sa a te fèt toutbon. Se poutèt sa, pou yo denigre Jezi, yo di moun yo: “Mesye sa a pa t ap janm ka chase demon si se pa t grasa Beyèlzeboub, chèf demon yo.”

Etandone Jezi konnen sa espè nan Lalwa yo ak Farizyen yo panse, li rele yo, li di: “Tout wayòm k ap lite ak pwòp tèt li ap detwi, e tout vil oswa tout kay k ap lite ak pwòp tèt li pap ret kanpe. Menm jan an tou, si Satan ap chase Satan, li vin ap lite ak pwòp tèt li. Konsa, ki jan wayòm li an ap fè ret kanpe?”

Rezònman sa a vrèman lojik! Etandone Farizyen yo pretann gen kèk nan yo ki konn chase demon, Jezi mande yo: “Si se grasa Beyèlzeboub mwen chase demon, grasa kiyès disip nou yo chase yo?” Nan yon sans, akizasyon yo lage sou do Jezi a kapab aplike pou yo tou. Se poutèt sa Jezi ba yo avètisman sa a: “Si se grasa lespri Bondye m ap chase demon, wayòm Bondye a rive sou nou toutbon.”

Pou Jezi montre lefètke l ap chase demon se yon prèv ki montre li gen pouvwa sou Satan, li di: “Si yon moun pa mare yon gason vanyan, kòman l ap fè antre kay gason vanyan sa a pou l pran bagay misye gen nan kay la? Se pou l mare l anvan, apre sa, l a piye kay la. Yon moun ki pa avè m kont mwen, e yon moun ki pap ede m rasanble, se gaye l ap gaye.” Li klè, Farizyen yo kont Jezi, yo demontre se ajan Satan yo ye. Y ap detounen Izrayelit yo pou yo pa vin jwenn Jezi.

Se poutèt sa, Jezi avèti opozan sa yo k ap travay pou Satan “[Bondye] pap padone yo blasfèm yo fè kont lespri a.” Men esplikasyon li bay: “Kèlkeswa moun ki di yon pawòl kont Pitit lòm nan, Bondye ap padone l. Men, kèlkeswa moun ki pale kont lespri sen, Bondye pap padone l, non, ni nan sistèm sa a, ni nan sistèm ki gen pou vini an.” Espè nan Lalwa sa yo ak Farizyen yo fè yon peche ki pap jwenn padon poutèt yo aji ak mechanste lè yo fè konnen se Satan ki fè yon mirak, alòske li parèt klè se grasa lespri Bondye li fèt. Matye 12:22-32; Mak 3:19-30; Lik 8:1-3; Jan 7:5.

▪ Nan ki sans dezyèm kanpay predikasyon Jezi fè nan Galile a pa menm ak premye a?

▪ Poukisa fanmi Jezi ap eseye pran l pou y al avè l?

▪ Ki jan Farizyen yo eseye denigre mirak Jezi yo, e ki jan Jezi rejte sa yo di yo?

▪ Anrapò ak ki sa Farizyen sa yo koupab, e poukisa?