Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Gen yon sèl kè sere ki pran l nan jaden an!

Gen yon sèl kè sere ki pran l nan jaden an!

Chapit 117

Gen yon sèl kè sere ki pran l nan jaden an!

LÈ Jezi fin priye, li menm ak 11 apot fidèl li yo chante chan louwanj pou Jewova. Apre sa, yo desann sot nan pyès aletaj la, yo soti deyò a nan fènwa a lannuit lan ki fè fre, e yo retravèse ravin Kidwòn pou y al Betani. Men, pandan yo nan wout, yo fè yon kanpe yon kote yo renmen anpil, nan jaden Jetsemane. Se yon kote ki sou mòn Oliv oswa ki toupre l. Byen souvan, Jezi te konn reyini la ak apot li yo, nan mitan pye oliv yo.

Li kite uit nan apot yo, petèt devan jaden an, li di yo: “Chita la pandan m pral lòtbò a pou m priye.” Ansuit, li pran twa lòt apot yo, anpalan de Pyè, Jak ak Jan, e li antre nan jaden an. Jezi vin tris e li vin boulvèse anpil. Li di yo: “Mwen nan gwo lapenn, mwen santi se mouri m ap mouri. Rete la, epi kontinye veye avè m.”

Jezi ale yon tikras pi lwen, li met ajenou, li bese fas li jis atè e li kòmanse priye ak tout kè l. Li di: “Papa, si sa posib, fè koup sa a pase lwen m. Sepandan, se pa jan m vle, men se jan w vle.” Ki sa l vle di? Poukisa li “nan gwo lapenn, [li] santi se mouri [l] ap mouri”? Èske se deside li pa deside mouri ankò pou l bay ranson an?

Se pa sa ditou! Se pa mande Jezi ap mande pou l chape anba lanmò. Dayè, menm pou l ta panse evite bay tèt li kòm sakrifis, jan Pyè te sijere l sa yon lè, se yon bagay ki detestab pou li. Okontrè, li vin gen yon sèl kè sere, paske li pè pou fason l pral mouri a, tankou yon gwo kriminèl, pa sal non Papa l. Kounye a, li santi nan kèk èdtan yo pral kloure l sou yon poto tankou moun ki pi mechan ki ta ka genyen an, sètadi yon moun k ap fè blasfèm sou Bondye. Se sa ki boulvèse l anpil!

Apre Jezi fin pase anpil tan ap priye, li retounen e li jwenn twa apot yo ap dòmi. Li pale ak Pyè, li di l: “Nou pa menm ka ret veye avè m pandan yon ti moman? Kontinye veye e kontinye priye pou nou pa tonbe nan tantasyon.” Men, li konprann jan yo sot anba strès e li konnen li ta anpil, li di: “Se vre, lespri a byen dispoze, men chè a fèb.”

Ansuit, Jezi ale yon dezyèm fwa, e li mande Bondye pou l retire “koup sa a” devan l, sètadi sa Jewova deside pou li a, oswa volonte L pou li. Lè li retounen, li jwenn twa mesye yo ap dòmi ankò, alòske yo ta dwe ap priye pou yo pa tonbe nan tantasyon. Lè Jezi pale avèk yo, yo pa konn sa pou yo reponn.

Finalman, Jezi ale yon twazyèm fwa, nan distans yon moun ka voye yon wòch konsa, e li mete ajenou, li priye ak gwo rèl ak dlo nan je, li di: “Papa, si se volonte w, retire koup sa a devan m.” Jezi gen gwo soufrans k ap travèse l, paske lanmò l kòmsi l te yon kriminèl pral sal non Papa l. Li pa ka sipòte lide pou yo ta akize l kòm moun k ap fè blasfèm, sètadi moun k ap modi Bondye.

Sepandan, Jezi kontinye priye, li di: “Se pa volonte pa m ki pou fèt, men se volonte pa w.” Avèk obeyisans, Jezi mete volonte Bondye anvan volonte pa l. Nan moman sa a, yon zanj ki sot nan syèl la parèt devan l e zanj lan di l kèk pawòl ankourajan pou ba l fòs. Petèt zanj lan fè l konnen li gen apwobasyon Papa l.

Men, se pa ti chay Jezi gen sou do l! Lavi etènèl pa l ak lavi tout moun nèt an danje. Li gen anpil strès! Se poutèt sa li kontinye priye pi rèd toujou, swè l vin tounen gout san k ap tonbe atè. Men sa yon jounal di: “Byenke se yon fenomèn ki ra anpil, sa ka rive yon moun swe san [...] lè l gen yon gwo emosyon.” — The Journal of the American Medical Association.

Apre sa, Jezi retounen yon twazyèm fwa kot apot li yo e li jwenn y ap dòmi ankò. Chagren yo genyen fè yo faya. Jezi di: “Nan yon moman konsa se dòmi n ap dòmi, se repoze n ap repoze nou! Sispann dòmi! Lè a rive! Gade! Men y ap livre Pitit lòm nan nan men pechè yo. Leve, ann ale. Moun k ap livre m nan toupre.”

Li poko menm fin pale, Jida Iskaryòt parèt ak yon gwo foul moun ki gen tòch ak lanp ak zam. Matye 26:30, 36-47; 16:21-23; Mak 14:26, 32-43; Lik 22:39-47; Jan 18:1-3; Ebre 5:7.

▪ Apre Jezi ak apot yo fin sot nan pyès aletaj la, ki kote Jezi mennen yo, e ki sa li fè pandan l la?

▪ Ki sa apot yo ap fè pandan Jezi ap priye?

▪ Poukisa Jezi gen yon sèl kè sere, e ki sa l mande Bondye?

▪ Lefètke swè Jezi vin tounen gout san, ki sa sa montre?