Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Istwa pitit gason ki te pèdi a

Istwa pitit gason ki te pèdi a

Chapit 86

Istwa pitit gason ki te pèdi a

JEZI annik fin bay Farizyen yo egzanp sou mouton ki te pèdi yo jwenn nan ak drak ki te pèdi yo jwenn nan, li bay yon lòt egzanp. Egzanp li bay kounye a gen rapò ak yon papa ki gen lanmou e avèk fason li aji ak de pitit gason li genyen, yo chak fè fot ki grav.

Pou kòmanse, se pi jèn nan ki pèsonaj prensipal nan egzanp lan. Li pran pòsyon byen pa l e papa l ba li l san ezite. Apre sa, li kite kay la, l al mennen yon vi ki imoral anpil. Men, suiv ki jan Jezi rakonte istwa a e gade si w ka wè kiyès chak moun nan istwa a reprezante.

Jezi di: “Gen yon mesye ki te gen de pitit gason. Pi jèn nan di papa l konsa: ‘Papa, ban m pòsyon byen pa m.’ Konsa, papa a separe byen li te genyen yo ba yo.” Ki sa pi jèn nan fè ak pòsyon byen li resevwa a?

Jezi esplike: “Kèk jou apre, pi jèn nan ranmase tout afè l, li ale nan yon peyi byen lwen, epi, l al banboche kote l ale a, li gaspiye tout byen l.” Anfèt, tout kòb li te gen pou l viv, li depanse yo nan pwostitye. Annapre, bagay yo vin di pou li, jan Jezi pral esplike sa. Men sa l di:

“Lè l fin depanse tout lajan l, gen yon gwo grangou ki frape peyi kote l te ye a. Kounye a, li vin nan nesesite. Li menm al travay pou yon sitwayen nan peyi sa a, e misye voye l nan jaden l al gade kochon. Li te anvi plen vant li ak manje kochon yo te konn manje yo, men pèsonn pa t ba l anyen.”

Se pa ti imilyan sa te imilyan pou yon moun te oblije gade kochon, piske bèt sa a pa t pwòp selon Lalwa! Men, sa ki fè jennonm nan plis lapenn sèke li tèlman nan grangou, ata manje kochon yo li te anvi manje. Akoz gwo kalamite sa a, “li retounen nan bonsans li”, jan Jezi te di sa.

Jezi kontinye rakonte istwa a, men sa l di konsènan pitit gason ki pi jèn nan: “Li di tèt li: ‘Valè travayè papa m genyen ki dwe chaje pen pou yo manje, gade m ap mouri grangou isit la! M ap leve, mwen pral jwenn papa m, m ap di l: “Papa, mwen peche kont Bondye e kont ou menm. Mwen pa merite pou yo rele m pitit ou ankò. Konsidere m tankou youn nan travayè w yo.”’ Vrèmanvre, li leve, li tounen al jwenn papa l.”

Lè w byen gade, si papa a te fè kòlè sou li e li te rele sou li lè l t ap kite kay la, petèt li pa t ap pran yon desizyon fèm konsa. Petèt, li te ka deside retounen pou l eseye jwenn travay yon lòt kote nan peyi a pou l pa rankontre ak papa l. Sepandan, bagay konsa pa pase nan tèt li. Se lakay li li vle ale!

Li klè, papa ki nan egzanp Jezi bay la reprezante Jewova Dye, Papa nou ki nan syèl la ki gen lanmou ak mizèrikòd. E sandout ou rann ou kont pitit gason ki te pèdi a oswa ki gaspiyè a reprezante moun tout moun konnen k ap pratike peche. Farizyen Jezi ap pale avèk yo a te kritike l poutèt li t ap manje ak moun sa yo. Men, kiyès pi gran pitit gason an reprezante?

Lè pitit gason ki te pèdi a retounen

Lè pitit gason ki te pèdi a oswa ki gaspiyè a nan egzanp Jezi bay la retounen kay papa l, ki jan yo resevwa l? Tande sa Jezi di:

“Pandan li te nan yon bèl distans, papa a wè misye, kè l fè l mal pou li, li kouri, li ba l yon bèl akolad, e li bo l avèk tandrès.” Ala mizèrikòd ak kè sansib papa sa a genyen, li byen reprezante Jewova, Papa nou ki nan syèl la!

Petèt papa a te aprann pitit gason l lan t ap mennen yon vi debòch. Epoutan, li akeyi l lakay li san l pa tann li esplike l tout bagay an detay. Jezi dispoze akeyi moun menm jan an tou, li pran inisyativ al kot moun k ap pratike peche yo ak pèseptè yo pitit gason gaspiyè a reprezante nan egzanp lan.

Papa ki nan egzanp Jezi a gen bon konprann, e sandout, li te ka wè pitit gason l lan repanti pou jan figi l te parèt tris ak jan l te parèt dekouraje pandan l t ap retounen an. Men, lefètke lanmou te pouse papa a pran desizyon pou l al jwenn pitit la, sa fè l pi fasil pou pitit la konfese peche l yo, jan Jezi pral esplike sa. Men sa l di: “Epi tigason an di Papa a: ‘Papa, mwen peche kont Bondye e kont ou menm. Mwen pa merite pou yo rele m pitit ou ankò. Konsidere m tankou youn nan travayè w yo.’”

Sepandan, pitit la poko menm fin pale, papa a bay esklav li yo lòd, li di: “Fè vit! Pran yon wòb long, pi bèl la, mete l sou li. Met yon bag nan dwèt li, e met yon sandal nan pye l. Epi, vin ak jèn towo bèf nou t ap angrese a, touye l, epi annou manje, annou fete. Paske, pitit gason m nan te mouri, li retounen ap viv ankò. Li te pèdi, nou jwenn li. Epi, yo kòmanse fete.”

Twouve, nan moman sa a, “pi gran pitit gason an te nan jaden”. Gade si w ka wè kiyès li reprezante pandan w ap suiv rès istwa a. Men sa Jezi di konsènan pi gran pitit gason an: “Etan l ap vini, lè l rive pre kay la, li tande yon bri mizik ak dans. Donk, li rele youn nan sèvitè yo, epi li mande l sa k genyen. Sèvitè a di li: ‘Frè w la tounen, e papa w touye jèn towo bèf nou t ap angrese a, paske li retounen vin jwenn li an sante.’ Sa w tande a, misye move, li pa vle antre nan kay la. Lè sa a, papa l soti e li kòmanse sipliye l pou l antre. Li reponn papa a: ‘Gad depi konbyen ane m ap travay pou ou tankou esklav, e m pa janm dezobeyi w, pa menm yon fwa, epoutan ou pa janm ban m yon ti kabrit pou m pran plezi m ak zanmi m yo. Men, pitit ou a annik vini, li menm ki fin gaspiye tout byen w nan pwostitye, ou gentan touye jèn towo bèf nou t ap angrese a pou li.’”

Menm jan ak pi gran pitit gason an, ki moun ki kritike Jezi poutèt li montre mizèrikòd ak atansyon pou moun k ap pratike peche yo? Èske se pa espè nan Lalwa yo ak Farizyen yo? Etandone se paske yo kritike Jezi poutèt li akeyi moun k ap pratike peche ki fè li bay egzanp sa a, li klè se yo menm ki reprezante pi gran pitit gason an.

Nan fen istwa a, Jezi montre ki jan papa a sipliye pi gran pitit gason l lan, li di l: “Pitit mwen, ou te toujou la ansanm avè m, e tout sa m genyen se pou ou. Men nou dwe fete, nou dwe rejwi, paske, frè w la te mouri, li retounen ap viv. Li te pèdi, nou jwenn li.”

Konsa, Jezi pa di ki sa pi gran pitit gason an fè alafen. Annefè, apre Jezi fin mouri e li resisite, “gen anpil prèt ki te vin gen lafwa”. Li posib pou gen kèk ladan yo ki te fè pati klas “pi gran pitit gason” Jezi ap pale la a.

Men, nan epòk pa nou an, kiyès de pitit gason yo reprezante? Sandout se moun ki vin gen ase konesans sou objektif Jewova, sa ki pèmèt yo gen posiblite pou yo vin gen relasyon avèk li. Pi gran pitit gason an reprezante kèk manm nan “ti twoupo” a oswa “kongregasyon premye pitit Bondye yo ki enskri nan syèl la”. Moun sa yo te gen menm mantalite ak pi gran pitit gason an. Yo pa t dispoze akeyi “lòt mouton” yo, yon klas moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a, paske yo te santi moun sa yo t ap pran tout atansyon yo ta dwe resevwa.

Yon lòt bò, pitit gason gaspiyè a reprezante moun ki kite pèp Bondye a pou y al jwi plezi monn nan ofri yo. Sepandan, rive yon lè, yo vin repanti, yo retounen aktif nan sèvis Bondye. Papa a vrèman gen lanmou ak mizèrikòd pou moun ki rekonèt yo bezwen li padone yo e ki retounen vin jwenn li! Lik 15:11-32; Levitik 11:7, 8; Travay 6:7; Lik 12:32; Ebre 12:23; Jan 10:16.

▪ Kiyès Jezi rakonte istwa pitit gason ki te pèdi a, e poukisa?

▪ Kiyès ki pèsonaj prensipal nan istwa a, e ki sa k rive l?

▪ Kiyès papa a ak pitit gason ki pi jèn nan reprezante nan epòk Jezi a?

▪ Ki jan Jezi imite papa ki gen konpasyon ki nan egzanp li bay la?

▪ Ki jan pitit gason ki pi gran an konsidere fason yo akeyi frè l la, e nan ki sans Farizyen yo aji menm jan ak pitit gason ki pi gran an?

▪ Ki aplikasyon egzanp Jezi bay la gen nan epòk nou an?