Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jan ap prepare chemen an

Jan ap prepare chemen an

Chapit 11

Jan ap prepare chemen an

GEN 17 ane ki pase depi lè Jezi te ret ap poze anseyan yo kesyon nan tanp lan lè l te gen 12 an. Nou nan prentan ane 29 epòk nou an, e sanble tout moun ap pale de Jan, kouzen Jezi a, k ap preche nan tout zòn ki ozalantou rivyè Jouden an.

Jan se yon moun ki enpresyonan nonsèlman nan aparans li men tou nan fason li pale. Rad li fèt ak plim chamo. Li gen yon sentiwon po nan tay li, e li konn manje krikèt ak siwo myèl li jwenn nan bwa. Ki mesaj l ap pwoklame? L ap di: “Se pou nou repanti, paske wayòm syèl la vin pi pre.”

Mesaj sa a touche kè moun k ap koute Jan yo. Anpil moun vin konprann yo bezwen repanti pou peche yo, sa vle di yo bezwen chanje mantalite yo ak move fason y ap viv paske yo wè l pa bon. Se konsa, moun soti an foul nan tout zòn ki ozalantou rivyè Jouden an, e menm nan Jerizalèm, pou yo vin kot Jan. Li batize yo lè li plonje yo nan rivyè Jouden an. Poukisa?

Jan batize moun ki montre yo repanti sensèman pou peche yo te fè paske yo pa t obeyi Lwa Bondye a. Konsa, lè gen kèk Farizyen ak Sadiseyen ki vin bò rivyè Jouden an, Jan kondane yo. Li di yo: “Ras vipè, [...] se pou nou pwodui fwi ki montre nou repanti. E pinga nou konprann pou n ap di nan kè nou: ‘Se Abraram ki papa nou.’ Paske, m ap di nou sa, Bondye kapab fè pitit sot nan wòch sa yo pou Abraram. Rach la deja nan rasin pyebwa a. Kidonk, tout pyebwa ki pa bay bon fwi, y ap koupe yo e y ap jete yo nan dife.”

Moun yo vin tèlman ap pale de Jan, Juif yo voye prèt ak Levit kote l. Men sa yo mande l: “Kiyès ou ye?”

Jan di: “Se pa mwen menm ki Kris la.”

Yo mande l: “Ki moun ou ye menm? Eliya?”

Li reponn: “Mwen pa Eliya.”

Yo di l: “Ou se Pwofèt la?”

Li reponn: “Non.”

Lè sa a, yo mande l ankò: “Men, kiyès ou ye menm? pou nou ka bay moun ki voye nou yo yon repons. Kiyès ou di w ye?”

Men repons Jan ba yo: “Mwen se moun k ap di byen fò nan dezè a, jan pwofèt Izayi te di sa: ‘Fè chemen an dwat pou Jewova.’”

Yo mande l: “Ebyen, si w pa ni Kris la, ni Eliya, ni Pwofèt la, poukisa w ap batize moun?”

Li reponn yo: “Mwen batize moun nan dlo. Gen yon moun ki nan mitan nou, yon moun nou pa konnen, k ap vin apre m.”

Jan ap prepare chemen an, l ap ede moun yo met kè yo nan bon kondisyon pou yo aksepte Mesi a k ap vin Wa. Men sa Jan di konsènan Mesi a: “Moun k ap vini apre m nan, Moun mwen pa diy pou m retire sandal li a, pi pisan pase m.” Jan menm di: “Moun k ap vin apre m nan pran devan m, paske l te egziste anvan m.”

Kidonk, lefètke Jan ap anonse “wayòm syèl la vin pi pre”, sa fè moun yo konnen Jezi Kris, Wa Jewova chwazi a, pral kòmanse travay predikasyon l lan nan yon ti tan. Jan 1:6-8, 15-28; Matye 3:1-12; Lik 3:1-18; Travay 19:4.

▪ Kiyès Jan ye?

▪ Poukisa Jan batize moun?

▪ Poukisa Jan ka di Wayòm nan vin pi pre?