Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jezi al nan Sinagòg ki nan vil kote l rete a

Jezi al nan Sinagòg ki nan vil kote l rete a

Chapit 21

Jezi al nan Sinagòg ki nan vil kote l rete a

PA GEN dout nan sa, vil Nazarèt ajite anpil lè Jezi retounen lakay li. Anvan Jezi deplase al jwenn Jan pou l batize, sa gen yon tikras plis pase ennan, moun yo te konnen l antanke bòs chapant. Men kounye a, moun tout kote konnen l kòm yon moun k ap fè mirak. Moun nan vil Nazarèt ap tann pou yo wè l fè gwo mirak sa yo nan mitan yo.

Kè yo vin pi cho lè Jezi al nan sinagòg ki nan vil la, selon abitid li te genyen. Pandan reyinyon an, Jezi kanpe pou l li, epi yo lonje woulo pwofèt Izayi a ba li. Li jwenn kote ki pale konsènan moun lespri sen Jewova chwazi a, se yon pati nou jwenn jodi a nan Bib la nan chapit 61 liv Izayi a.

Apre Jezi fin li pati ki pale sou fason moun sa a pral preche pou l fè konnen moun ki nan prizon yo ap libere, moun ki avèg yo ap wè ankò, e ki pale konsènan ane Jewova apwouve a, li remèt sèvitè a woulo a epi li chita. Je tout moun nan sinagòg la fikse sou li. Lè sa a, sanble pandan yon bon moman, li pran lapawòl, li esplike yo: “Jodi a, pasaj nan Ekriti a nou sot tande la a akonpli.”

Moun yo sezi tande “bèl pawòl ki plen cham” k ap sot nan bouch Jezi. Youn di lòt: “Èske se pa pitit Jozèf la?” Men, Jezi konnen yo ta renmen wè l fè mirak, li di yo: “Siman, pawòl ki di: ‘Doktè, geri tèt ou’ a, nou pral di l pou mwen, e konsa, n ap di m: ‘Bagay nou tande w fè Kapènawòm yo, fè yo nan pwòp peyi w tou.’” Li klè moun Nazarèt yo panse se nan peyi Jezi pou Jezi te kòmanse fè gerizon, yon fason pou se yo menm ki benefisye mirak yo an premye. Se sa k fè yo santi yo vekse.

Lè Jezi wè fason yo panse, li rakonte yo kèk evènman ki te rive ki sanble ak sitiyasyon pa yo a. Li fè yo konnen te gen anpil vèv ann Izrayèl nan epòk Eliya a, men Bondye pa t voye Eliya al jwenn okenn nan vèv sa yo. Okontrè, se yon vèv ki pa t Izrayelit li t al jwenn nan peyi Sidon, kote li te fè yon mirak ki te sove lavi vèv sa a. Anplis de sa, nan epòk Elicha a, te gen anpil moun ki te gen lèp ann Izrayèl, epoutan se sèlman Naamàn, moun Siri, Elicha te geri.

Moun yo nan sinagòg la fache, paske konparezon sa yo ki montre jan yo egoyis e jan yo pa gen lafwa pa an favè yo. Yo leve e yo kouri ak Jezi al pa deyò vil la. Yo mennen l sou tèt mòn kote vil Nazarèt bati a, e yo eseye lage l anba. Men, Jezi chape anba men yo e li retire kò l sennesòf. Lik 4:16-30; 1 Wa 17:8-16; 2 Wa 5:8-14.

▪ Poukisa vil Nazarèt ajite anpil?

▪ Ki sa moun yo panse konsènan pawòl Jezi yo, e sa k fè yo fache konsa?

▪ Ki sa moun yo eseye fè Jezi?