Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jezi ap anseye Nikodèm

Jezi ap anseye Nikodèm

Chapit 17

Jezi ap anseye Nikodèm

PANDAN Jezi ap asiste fèt Pak ane 30 epòk nou an, li reyalize plizyè siy estrawòdinè oswa mirak. Sa fè anpil moun met lafwa nan li. Mirak Jezi fè yo enpresyone Nikodèm, yon manm Sanedren an, pi gwo tribinal Juif yo, e li vle aprann plis bagay toujou. Se poutèt sa Nikodèm al vizite Jezi lannuit, sandout paske li pa vle yo wè l pou l pa vin gen move repitasyon devan lòt lidè juif yo.

Li di: “Rabi, nou konnen ou se yon anseyan Bondye voye, paske okenn moun pa ka reyalize siy ou fè yo si Bondye pa avè l.” Jezi di Nikodèm, pou yon moun antre nan Wayòm Bondye a, li dwe “fèt yon lòt fwa ankò”.

Men, ki jan yon moun ka fèt yon lòt fwa ankò? Men sa Nikodèm mande Jezi: ‘Èske yon moun ka retounen antre nan vant manman l pou l fèt yon dezyèm fwa?’

Non, se pa sa fèt yon lòt fwa ankò vle di. Se sa k fè Jezi di Nikodèm: “Fòk li batize nan dlo e fòk li resevwa lespri sen. Si se pa sa, li pa ka antre nan wayòm Bondye a.” Nan moman batèm Jezi, lespri sen te desann sou li. Konsa, ‘li te batize nan dlo e li te resevwa lespri sen’. Nan moman sa a, detan Bondye nan syèl la, li di: ‘Men Pitit Gason m nan, li menm mwen apwouve a.’ Bondye anonse li fè yon pitit espirityèl ki gen esperans pou l antre nan Wayòm syèl la. Annapre, nan Pannkòt ane 33 epòk nou an, gen lòt moun ki batize ki resevwa lespri sen e konsa yo fèt yon lòt fwa ankò antanke pitit espirityèl Bondye.

Men, misyon Pitit Bondye a genyen antanke moun sou tè a enpòtan anpil. Jezi di Nikodèm: “Menm jan Moyiz te leve sèpan an anlè nan dezè a, se konsa tou yo dwe leve Pitit lòm nan anlè, yon fason pou tout moun ki kwè nan li ka gen lavi ki pap janm fini an.” Anfèt, menm jan lè yon sèpan ki gen pwazon te mòde yon Izrayelit li te dwe gade sèpan an kuiv la pou l te ka geri, se konsa tout moun dwe demontre lafwa nan Pitit Bondye a pou yo ka soti nan kondisyon yo ye a ki lakòz yo kondane pou yo mouri.

Ansuit, Jezi atire atansyon Nikodèm sou lanmou Jewova demontre pou nou sou pwen sa a. Li di Nikodèm: “Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit li fè a pou li, dekwa pou nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi ki pap janm fini an.” Se konsa, nan Jerizalèm, sis mwa sèlman apre Jezi kòmanse preche, li fè konnen aklè se li menm Jewova Dye itilize pou l sove limanite.

Annapre, Jezi di Nikodèm: “Paske, Bondye pa t voye Pitit li a nan monn nan pou l kondane monn nan”, sa vle di li pa t voye l pou l jije monn nan nan entansyon pou fè l ditò, sètadi pou detwi limanite. Okontrè, jan Jezi te di sa, Bondye te voye l nan monn nan “pou monn nan ka sove grasa li”.

Se paske Nikodèm pè ki fè li vin kot Jezi lannuit. Se poutèt sa li enteresan pou nou remake Jezi fini konvèsasyon l lan ak pawòl sa a: “Men sou ki baz jijman an ap fèt: limyè a [Jezi se limyè sa a e sa parèt nan lavi l ak nan ansèyman l] vin nan monn nan, men lèzòm te pi renmen fènwa pase limyè, paske aksyon yo pa t bon. Paske, yon moun k ap pratike sa ki mal rayi limyè e li pa vin nan limyè, dekwa pou aksyon l yo pa parèt aklè. Men, moun k ap fè sa ki byen an vin nan limyè, dekwa pou moun ka wè aklè aksyon l yo se aksyon ki fèt ann amoni ak volonte Bondye.” Jan 2:23–3:21; Matye 3:16, 17; Travay 2:1-4; Nonb 21:9.

▪ Ki sa k fè Nikodèm al vizite Jezi, e poukisa li fè sa lannuit?

▪ Ki sa “fèt yon lòt fwa ankò” vle di?

▪ Ki jan Jezi montre wòl li jwe nan delivrans nou?

▪ Ki sa Jezi vle di lè l di li pa vin nan monn nan pou l kondane monn nan?