Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jezi ap anseye nan Jeriko

Jezi ap anseye nan Jeriko

Chapit 99

Jezi ap anseye nan Jeriko

JEZI ak foul moun k ap vwayaje avè l yo pa pran tan pou yo rive Jeriko. Pou yon moun sot Jerizalèm al Jeriko, li ka fè anviwon yon jounen ap mache. Sanble Jeriko se te yon vil ki te divize an de pati. Pati ki pi ansyen an se yon vil juif, e gen anviwon yon kilomèt edmi ki separe l ak nouvo vil la, yon vil women. Pandan foul moun yo ap sot nan vil ki pi ansyen an pou y al nan nouvo vil la, gen de mandyan ki avèg ki tande bri moun yo. Youn nan mandyan yo rele Batime.

Lè Batime ak lòt mandyan ki avè l la aprann se Jezi k ap pase, yo kòmanse rele byen fò, yo di: “Seyè, Pitit David, gen pitye pou nou!” Lè foul la pale byen di ak yo pou yo pe bouch yo, yo rele pi fò toujou, yo di: “Seyè, Pitit David la, gen pitye pou nou!”

Lè Jezi tande mandyan yo k ap pale byen fò, li kanpe. Li mande moun ki avè l yo pou yo rele moun k ap rele byen fò yo pou li. Moun yo al kot mandyan ki avèg yo e yo di youn nan yo: “Pran kouraj, leve, men l ap rele w.” Lè sa a, avèg la pa konn kote pou l met kò l, li voye rad ki te sou rad ki sou li a jete, li leve kanpe byen vit, epi l al jwenn Jezi.

Jezi mande l: “Ki sa w vle m fè pou ou?”

De avèg yo sipliye l, yo di: “Seyè, fè je nou ouvri.”

Jezi pran pitye pou yo, li manyen je yo. Selon sa Mak rapòte, Jezi di youn nan yo: “Ale, lafwa w geri w.” Menm kote a, mandyan ki avèg yo vin wè, e sandout toule de mesye yo tonbe bay Bondye glwa. Lè tout moun wè sa k pase a, yo menm tou yo louwe Bondye. Menm moman an, Batime ak mandyan ki avè l la kòmanse suiv Jezi.

Pandan Jezi ap pase Jeriko, foul moun yo vin ogmante anpil. Tout moun vle wè kiyès moun sa a ki geri mesye ki te avèg yo. Moun vin toutotou Jezi e yo t ap kwense l. Se sa k fè gen moun ki pa menm ka rive wè l. Pami moun sa yo, gen Zache, yon pèseptè an chèf nan Jeriko ak nan zòn ki ozalantou yo. Li pa ka wè sa k ap pase a paske l twò kout.

Donk, Zache kouri pran devan, li monte yon pye sikomò ki bò wout kote Jezi ap pase a. Etan l anlè a, li kapab wè tout sa k ap pase byen klè. Pandan foul moun yo ap pwoche, Jezi rele Zache sou pyebwa a. Li di l: “Zache, fè vit desann, paske fòk mwen rete lakay ou jodi a.” Zache desann ak kè kontan e li kouri al lakay li pou l fè preparasyon pou l akeyi vizitè espesyal sa a.

Sepandan, lè moun yo wè sa, yo tout tonbe plenyen. Yo panse li pa nòmal pou Jezi al vizite yon moun konsa. Anfèt, Zache vin rich paske li pran lajan moun yo nan men yo yon fason malonèt nan fè yo peye taks.

Anpil moun suiv Jezi, e lè Jezi antre lakay Zache, yo tonbe plenyen, yo di: “Apa se lakay yon pechè li desann!” Epoutan, Jezi gentan wè Zache se yon moun k ap regrèt sa l te fè. E Zache pa desevwa Jezi, paske li kanpe e li di: “Gade, Seyè! M ap bay pòv yo mwatye nan byen mwen genyen yo, e kèlkeswa sa mwen te pran nan men yon moun sou baz yon fo akizasyon, m ap remèt li kat fwa lavalè.”

Zache bay pòv mwatye nan byen l yo pou l montre repantans li an sensè, e li sèvi ak lòt mwatye a pou l remèt moun li te vòlè yo sa l te pran yo. Sanble li sèvi ak rapò li te fè sou taks li resevwa yo pou l kalkile konbyen li dwe moun li te vòlè yo. Se sa k fè li pwomèt pou l remèt moun yo kat fwa lavalè pou l respekte sa lwa Bondye a di. Men sa lwa a deklare: ‘Si yon moun vòlè yon mouton, li gen pou l bay kat mouton pou mouton li pran an.’

Jezi kontan wè fason Zache pwomèt pou l separe byen l yo, paske Li di: “Jodi a, delivrans lan antre nan kay sa a, paske li menm tou li se yon pitit Abraram. Paske, se moun ki pèdi yo Pitit lòm nan vin chèche, se yo l vin sove.”

Pa gen twò lontan, nan istwa pitit gason gaspiyè a, Jezi te montre nan ki sitiyasyon ‘moun ki pèdi yo’ ye. Kounye a, nou gen yon egzanp reyèl, egzanp yon moun ki te pèdi yo jwenn. Byenke chèf relijye yo ak moun k ap suiv yo ap bougonnen e y ap plenyen poutèt Jezi pran ka moun tankou Zache, Jezi kontinye chèche pitit Abraram ki pèdi yo pou l ede yo retounen vin jwenn Bondye. Matye 20:29-34; Mak 10:46-52; Lik 18:35–19:10; Egzòd 22:1.

▪ Ki kote Jezi sanble rankontre mandyan ki avèg yo, e ki sa l fè pou yo?

▪ Kiyès Zache ye, e poukisa l monte sou yon pyebwa?

▪ Ki jan Zache montre li repanti?

▪ Ki leson nou ka aprann nan fason Jezi aji avèk Zache a?