Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jezi fin fè tout sa Bondye mande l

Jezi fin fè tout sa Bondye mande l

Chapit 133

Jezi fin fè tout sa Bondye mande l

SE PA ti kè kontan ki pral genyen lè Jezi antanke Wa e antanke Gèrye pral elimine Satan ak monn enjis li a! Anfen, Rèy mil an Jezi a k ap pote lapè ap kòmanse!

Anba direksyon Jezi ak wa ki pral dirije avè l yo, moun k ap pase Amagedòn vivan yo pral retire dekonm k ap genyen apre lagè jis sa a. Sanble pandan yon tan, moun k ap chape k ap rete sou tè a ap kapab fè pitit, e timoun sa yo ap patisipe nan bèl travay ki pral fèt sou tè a pou l vin gen yon bèl peyizaj.

Rive yon lè, Jezi pral fè yon kantite moun moun pa ka konte soti nan tonm yo pou yo vin viv nan bèl Paradi sa a. L ap fè sa pou l reyalize pwomès li fè. Men sa l pwomèt: “Lè a ap rive kote tout moun ki nan tonm yo pral [...] soti.”

Pami moun Jezi ap resisite yo, ap gen ansyen bandi ki te mouri bò kote l sou poto a. Sonje sa Jezi te pwomèt li. Li te di l: “Anverite m ap di w sa jodi a: W ap avèk mwen nan Paradi a.” Mesye sa a pa pral nan syèl la pou l dirije antanke wa avèk Jezi. Ni Jezi pap vin yon moun sou tè a ankò pou l viv nan Paradi a avè l. Okontrè, Jezi ap avèk ansyen bandi a nan sans l ap resisite l pou l ka viv nan Paradi a e l ap fè l jwenn sa l bezwen ni nan domèn fizik ni nan domèn espirityèl, jan foto ki nan paj apre a montre sa.

Imajine sa! Grasa atansyon plen lanmou Jezi pral montre, limanite k ap gen ladan l moun k ap pase Amagedòn vivan yo, pitit yo ak plizyè milya moun k ap resisite e k ap obeyi l yo pral vin pafè ofiramezi. Jewova pral abite ak limanite nan yon sans espirityèl pa mwayen Pitit li a Jezi Kris ki Wa. Men sa vwa Jan tande ki sot nan syèl la di: “L ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap gen chagren ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò.” Pap gen okenn moun sou tè a ki pral soufri oswa ki pral malad.

Nan fen Rèy mil an Jezi a, sitiyasyon an pral egzakteman jan Bondye te vle l okòmansman an, lè l te di de premye mesyedam yo, Adan ak Èv, pou yo vin anpil e pou yo ranpli tè a. Wi, tè a pral ranpli ak moun ki jis e ki pafè. Sa pral fèt, paske byenfè sakrifis Jezi te bay kòm ranson an pral aplike pou tout moun. Moun pap mouri ankò akoz peche Adan te fè a.

Lè sa a, Jezi ap gentan fin reyalize tout sa Jewova te mande l. Se poutèt sa, apre mil an an, l ap remèt Papa l Wayòm nan ansanm ak limanite ki vin pafè. Apre sa, Bondye ap libere Satan ak demon l yo nan twou san fon an, kote yo pa t ka fè anyen, kòmsi se mouri yo te mouri. Nan ki objektif l ap fè sa?

Nan fen peryòd mil an an, pifò moun k ap nan Paradi a se pral moun ki te resisite e lafwa yo pa t janm pase anba eprèv. Anvan yo te mouri, yo pa t konnen pwomès Bondye yo menm, e konsa yo pa t ka demontre lafwa nan pwomès sa yo. Men, apre yo te fin resisite e yo te aprann yo verite ki nan Bib la, sèvi Bondye te fasil pou yo nan Paradi a, paske yo pa t jwenn okenn opozisyon. Men, èske yo t ap rete fidèl anba eprèv si yo ta bay Satan okazyon pou l eseye anpeche yo kontinye sèvi Bondye? Pou kesyon sa a ka jwenn repons, y ap lage Satan.

Revelasyon Jan resevwa a montre, apre Rèy mil an Jezi a, Satan ap reyisi detounen yon kantite moun pou anpeche yo sèvi Bondye, e pèsonn pa konn konbyen. Men, apre dènye eprèv la, y ap detwi Satan ak demon l yo pou toutan ansanm ak tout moun li reyisi twonpe yo. Yon lòt bò, moun ki reyisi pase eprèv sa a fidèlman pral kontinye viv pou yo jwenn benediksyon nan men Papa yo ki nan syèl la pandan tout letènite.

Li klè, Jezi jwe yon wòl ki enpòtan anpil nan reyalizasyon bèl objektif Jewova genyen yo, e l ap kontinye jwe wòl sa a. Ala yon avni estrawòdinè n ap kapab genyen grasa tout sa gran Wa Bondye etabli nan syèl la pral akonpli! Epoutan, nou pa ka bliye tout sa l te fè lè l te yon moun sou tè a.

Jezi te dakò vin sou tè a e li te aprann nou kiyès Papa l ye. Anplis de sa, li te demontre bèl kalite Bondye genyen yo nan lavi li. Lè nou konsidere kokenn kouraj li te genyen, fèmte li, sajès san parèy li te genyen, kapasite estrawòdinè li te genyen antanke yon anseyan, jan l te pran latèt avèk kran, e jan l te gen kè sansib e li te konn mete l nan plas lòt moun, sa touche kè nou. Se sèten, nou gen anpil rekonesans pou li lè nou sonje jan l te soufri yon fason moun pa ka esplike, pandan li t ap bay ranson an ki se sèl mwayen pou nou gen lavi!

Vrèman, pandan nou t ap egzamine lavi Jezi, nou wè li pa nenpòt ki moun! Grandè li parèt klè e li estrawòdinè. Nou santi nou pouse pou nou di menm pawòl ak gouvènè women Pons Pilat ki te di: “Gade! Men nonm nan!” Wi, vrèmanvre, “nonm” sa a se moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a!

Si nou aksepte dispozisyon li te pran pou l bay sakrifis ranson an, peche ki tankou pwa lou ak lanmò nou eritye nan men Adan an kapab soti sou do nou, e Jezi ka vin “Papa etènèl” nou. Tout moun ki ta renmen gen lavi ki pap janm fini an, nonsèlman yo dwe aprann konnen Bondye, men tou yo dwe aprann konnen Pitit li a, Jezi Kris. Lefètke ou te li liv sa a e ou te egzamine l, nou swete sa ap ede w jwenn konesans sa a ki bay lavi a! 1 Jan 2:17; 1:7; Jan 5:28, 29; 3:16; 17:3; 19:5; Lik 23:43; Jenèz 1:28; 1 Korentyen 15:24-28; Revelasyon 20:1-3, 6-10; 21:3, 4; Izayi 9:6.

▪ Ki bèl privilèj moun ki pase Amagedòn vivan yo ansanm ak pitit moun sa yo ap resevwa?

▪ Apa moun ki pase Amagedòn vivan yo ak pitit moun sa yo, kiyès k ap nan Paradi a, e nan ki sans Jezi ap avèk yo?

▪ Ki sitiyasyon ki pral egziste nan fen mil an an, e ki sa Jezi pral fè lè sa a?

▪ Poukisa yo pral libere Satan nan twou san fon an, e ki sa k pral rive l alafen ansanm ak tout moun k ap suiv li yo?

▪ Ki jan Jezi ka vin “Papa etènèl” nou?