Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jezi konsole yon vèv ki nan lapenn

Jezi konsole yon vèv ki nan lapenn

Chapit 37

Jezi konsole yon vèv ki nan lapenn

YON tikras tan apre Jezi fin geri sèvitè ofisye women an, li pran wout pou l al Nayin, yon vil ki nan direksyon sidwès, apre w fin kite Kapènawòm, e gen plis pase 30 kilomèt ki separe Nayin ak Kapènawòm. Disip Jezi yo akonpaye l ansanm ak yon gwo foul moun. Sanble li prèske aswè lè y ap pwoche arebò vil Nayin. Se la yo rankontre yon antèman. Gen moun k ap sot nan vil la ak kadav yon jenn gason pou y al antere l.

Manman jenn gason an nan yon sitiyasyon ki tris anpil piske li se yon vèv e se yon sèl pitit la li te genyen. Sandout, apre lanmò mari l, li te pran kouraj paske li gen yon pitit. Li te mete tout espwa l nan avni pitit li a. Men kounye a, li pa gen pèsonn pou konsole l. Se pa ti lapenn li genyen pandan moun nan vil la pral ansanm avè l nan simityè a!

Lè Jezi wè madanm nan, kè l fè l mal pou l wè gwo tristès li genyen. Se poutèt sa, Jezi pale avè l avèk tandrès, men avèk yon fèmte ki bay vèv la konfyans. Li di l: “Sispann kriye.” Fason Jezi aji a atire atansyon foul la. Se poutèt sa, lè li pwoche e li touche branka yo t ap pote kadav la, moun ki t ap pote l yo kanpe sèk. Tout moun dwe ap mande tèt yo ki sa l pral fè.

Se vre moun ki akonpaye Jezi yo deja wè l fè mirak pou l geri anpil moun malad. Men sanble yo poko janm wè li leve yon moun mouri. Èske l ka fè yon bagay konsa? Jezi bay kadav la lòd, li di l: “Jennonm, mwen di w: Leve!” Epi jennonm nan leve chita. Li kòmanse pale, epi Jezi remèt manman l li.

Lè moun yo wè jennonm nan vivan toutbon, yo pran di: “Gen yon gwo pwofèt ki parèt nan mitan nou.” Gen lòt moun ki di: “Bondye vire je l gade pèp li a.” Nouvèl konsènan aksyon etonan sa a gaye byen vit nan tout Jide ak nan tout zòn ki ozalantou yo.

Jan ki te konn batize moun nan toujou nan prizon, e li ta renmen konnen plis bagay sou sa Jezi ka reyalize. Disip Jan yo rakonte l mirak sa yo. Ki jan l reyaji? Lik 7:11-18.

▪ Ki sa k pase pandan Jezi ap pwoche arebò vil Nayin?

▪ Ki efè sa Jezi wè a gen sou li, e ki sa l fè?

▪ Ki jan moun yo reyaji devan mirak Jezi fè a?