Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jezi pran wout la ankò pou l al Jerizalèm

Jezi pran wout la ankò pou l al Jerizalèm

Chapit 82

Jezi pran wout la ankò pou l al Jerizalèm

YON ti tan apre, Jezi pran wout la ankò, l ap anseye sot nan yon vil al nan yon lòt vil, sot nan yon bouk al nan yon lòt. Sanble li nan distri Pere, pa lòt bò rivyè Jouden an, anfas Jide. Men se Jerizalèm li prale.

Juif yo kwè se sèlman yon ti kantite moun k ap merite sove, e se rezon sa a petèt ki fè yon mesye mande: “Seyè, èske se de twa grenn moun k ap sove?” Repons Jezi bay la pouse moun yo reflechi sou sa yo bezwen fè pou yo sove, li di: “Fè gwo efò [sètadi lite oswa fè tout sa nou kapab] pou nou antre nan pòt ki jis la.”

Apre sa, Jezi montre li enpòtan anpil pou nou fè gwo efò sa yo “paske [...] anpil moun pral chèche antre ladan l, men yo pap kapab”. Poukisa yo pap kapab? Li esplike: ‘Paske, mèt kay la gen pou l leve epi l ap fèmen pòt la. Lè sa a, moun ki deyò yo ap vin frape, y ap di: “Mesye, ouvri pou nou.” Men, l ap reponn: “Mwen pa konn kote n soti. Rale kò nou sou mwen, nou tout, bann moun k ap pratike sa ki mal!”’

Sanble moun yo fèmen deyò yo vin nan yon moman ki nan avantaj pa yo sèlman. Men lè sa a, pòt la fèmen e li take, kidonk yo pèdi okazyon an. Pou yo te ka antre, yo te dwe vin pi bonè, menm lè moman an pa t ap bon pou yo. Anfèt, sa ap tris pou moun ki kite twòp tan pase pou mete adorasyon Jewova a an premye nan lavi yo.

Pifò nan Juif yo te voye Jezi al ede yo rate bèl okazyon yo jwenn pou yo aksepte dispozisyon Bondye pran pou moun sove a. Se sa k fè Jezi di yo pral kriye e yo pral manje dan lè yo jete yo deyò. Anplis de sa, moun ap soti nan “lès ak nan lwès, nan nò ak nan sid” wi, y ap soti nan tout nasyon, “y ap vin chita sou tab nan wayòm Bondye a”.

Ansuit, Jezi di: “Gen nan moun ki te dènye yo [moun yo te meprize ki pa Juif yo ak Juif yo te toupizi yo] k ap premye, e gen nan sa ki te premye yo [Juif ki te privilejye nan domèn materyèl ak nan domèn relijye yo] k ap dènye.” Lefètke moun sa yo ki parese e ki engra vin dènye, sa vle di yo pap antre nan Wayòm Bondye a menm.

Kounye a, Farizyen yo vin kot Jezi, yo di: “Ale, kite zòn nan, paske Ewòd [Antipas] vle touye w.” Li posib se Ewòd ki fè bri sa a kouri pou l fè Jezi kite zòn nan. Ewòd gendwa pè pou l pa mele nan lanmò yon lòt pwofèt Bondye, menm jan sa te rive lè yo te touye Jan ki te konn batize moun nan. Men, Jezi di Farizyen yo: “Al di rena sa a: ‘M ap chase demon e m ap fè gerizon ni jodi a ni demen, se twazyèm jou a m ap fini.’”

Apre Jezi fin travay nan zòn sa a, li kontinye vwayaj la pou l al Jerizalèm, paske, jan li esplike sa, “li pa nòmal pou yo touye yon pwofèt lòt kote, apa Jerizalèm”. Poukisa moun ta dwe atann pou yo touye Jezi Jerizalèm? Se paske Jerizalèm se kapital la, se la tribinal Sanedren an ki gen 71 manm ladan l ye, e se la yo konn fè sakrifis bèt yo. Kidonk, li pa t ap nòmal pou yo touye “Timouton Bondye a” lòt kote apa Jerizalèm.

Jezi di ak lapenn: “Jerizalèm, Jerizalèm, vil k ap touye pwofèt yo e k ap touye moun yo voye kote l yo ak kout wòch, se pa ni de ni twa fwa mwen te vle rasanble pitit ou yo, menm jan yon manman poul rasanble ti poul li anba zèl li! Men, nou pa t vle sa. Gade! Yo kite kay nou an ban nou.” Nasyon an kondane poutèt li rejte Pitit Bondye a!

Pandan Jezi ap kontinye wout li pou l al Jerizalèm, gen yon chèf pami Farizyen yo ki envite l lakay li. Se yon jou saba, e moun yo ap veye l etandone gen yon mesye ki la ki gen yon maladi ki fè men l ak pye l anfle, paske yo gen dlo ladan yo. Jezi pale ak Farizyen ak espè nan Lalwa ki la yo, li mande: “Èske yon moun gen dwa geri yon moun jou saba oubyen èske li pa gen dwa fè sa?”

Pèsonn pa di yon mo. Lè sa a, Jezi geri mesye a e li fè l ale. Apre sa, li mande: “Kiyès nan nou la a, si pitit li oubyen yon towo bèf li tonbe nan yon pi yon jou saba, ki pa pral retire l tousuit?” Pèsonn pa di yon mo ankò. Lik 13:22–14:6; Jan 1:29.

▪ Ki sa Jezi montre yon moun bezwen fè pou l sove, e poukisa anpil moun fèmen deyò?

▪ Kiyès ki “dènye” ki vin premye a, e kiyès ki “premye” ki vin dènye a?

▪ Poukisa petèt moun yo di Ewòd te vle touye Jezi?

▪ Poukisa li pa nòmal pou yo touye yon pwofèt lòt kote apa Jerizalèm?