Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jezi rankontre yon jèn chèf ki rich

Jezi rankontre yon jèn chèf ki rich

Chapit 96

Jezi rankontre yon jèn chèf ki rich

PANDAN Jezi ap pase nan distri Pere pou l al Jerizalèm, gen yon jennonm ki kouri vin jwenn li e ki met ajenou devan l. Yo di jennonm nan se yon chèf, sanble sa vle di li nan yon gwo pozisyon nan yon sinagòg ki nan zòn nan oswa menm li se yon manm Sanedren an. Epitou, li rich anpil. Li di: “Bon Anseyan, ki sa m dwe fè pou m gen lavi ki pap janm fini an?”

Jezi reponn: “Poukisa w rele m bon? Pa gen yon moun ki bon, eksepte yon sèl: Bondye.” Sanble jennonm nan sèvi ak mo “bon” an kòm yon tit, se sa k fè Jezi fè l konnen se Bondye sèl ki gen dwa gen yon tit konsa.

Apre sa, Jezi di: “Men, si w vle gen lavi, se pou w suiv kòmandman yo nètale.”

Jennonm nan mande l: “Ki kòmandman konsa?”

Jezi reponn, li site senk nan Dis Kòmandman yo: “Ebyen: ‘Ou pa dwe touye moun’, ‘Ou pa dwe fè adiltè’, ‘Ou pa dwe vòlè’, ‘Ou pa dwe bay fo temwayaj’, ‘Onore papa w ak manman w.” Apre sa, Jezi site yon kòmandman ki pi enpòtan, li di : “Ou dwe renmen pwochen w menm jan w renmen tèt ou.”

Jennonm nan reponn ak tout kè l, li di: “Depi m piti m ap suiv tout kòmandman sa yo.” Epi li mande: “Ki sa m manke ankò?”

Lè Jezi tande kesyon sensè sa a jennonm nan poze l ak tout kè l, li santi l gen lanmou pou li. Men, Jezi remake jan jennonm nan atache ak byen materyèl, se sa k fè li di l sa l bezwen fè: “Gen yon bagay ou poko fè: Ale, vann tout sa w genyen, bay pòv kòb la e w ap gen yon trezò nan syèl la. Apre sa, vin suiv mwen.”

Jennonm nan leve l ale avèk yon gwo tristès. Jezi gade l ki prale, e sandout li gen pitye pou li. Richès li yo bouche je l pou l pa wè valè vrè trezò a genyen. Jezi di ak lapenn: “Ala difisil sa ap difisil pou moun ki gen lajan antre nan wayòm Bondye a!”

Sa Jezi di a fè disip yo sezi! Men, yo vin pi sezi toujou lè Jezi site yon prensip jeneral. Men sa l di: “Anfèt, li pi fasil pou yon chamo pase nan yon je zegui pase pou yon moun ki rich antre nan wayòm Bondye a.”

Disip yo mande l: “Kiyès menm ki ka sove?”

Jezi gade yo nan je, li di: “Pou lèzòm, sa enposib, men sa pa enposib pou Bondye, paske tout bagay posib pou Bondye.”

Pyè fè remake yo fè yon chwa ki pa menm ditou ak chwa jennonm ki rich la fè a, li di: “Gade! Nou kite tout bagay pou nou suiv ou.” Apre sa, li mande: “Ki sa n ap jwenn menm?”

Men pwomès Jezi fè: “Lè tout bagay ap vin tounèf ankò, lè Pitit lòm nan va chita sou twòn li a nan laglwa, nou menm ki te suiv mwen, n ap chita tou sou douz twòn pou nou jije douz tribi Izrayèl yo.” Anfèt, Jezi montre tout bagay ap vin tounèf ankò sou tè a, konsa tout bagay ap vin menm jan yo te ye nan jaden Edenn nan. E Pyè ak lòt disip yo ap resevwa rekonpans pou yo dirije Paradi a k ap sou tout tè a ansanm ak Kris. Asireman, yon gwo rekonpans konsa merite pou yon moun fè kèlkeswa sakrifis la pou l jwenn li!

Sepandan, depi kounye a disip yo resevwa kèk rekonpans, jan Jezi di sa. Men sa l di avèk asirans: “Pa gen moun ki kite kay, oswa frè, oswa sè, oswa manman, oswa papa, oswa pitit, oswa jaden, poutèt mwen e poutèt bon nouvèl la, ki pap jwenn, depi kounye a, san fwa plis kay, frè, sè, manman, pitit, jaden, ansanm ak pèsekisyon, e ki pap jwenn lavi ki pap janm fini an nan sistèm k ap vini an.”

Jan Jezi pwomèt sa, kèlkeswa kote disip li yo ale sou tè a, relasyon yo genyen ak kretyen parèy yo pi sere pase relasyon yo gen ak fanmi yo, e relasyon sa yo gen anpil valè pou yo. Sanble nonsèlman jèn chèf ki rich la pèdi rekonpans sa a, men tou li pèdi rekonpans pou l gen lavi ki pap janm fini an nan Wayòm Bondye a ki nan syèl la.

Apre sa, Jezi di: “Men, anpil moun ki premye ap dènye, e dènye yo ap premye.” Ki sa l vle di la a?

Li vle di anpil moun ki “premye” nan sans yo gen privilèj nan domèn relijye, tankou jèn chèf rich la, pap antre nan Wayòm nan. Y ap “dènye”. Men, gen anpil moun, pa egzanp disip Jezi yo ki enb Farizyen yo ki panse yo jis konsidere avèk mepri kòm “dènye”, sètadi kòm moun ki nan mas pèp la oswa ‘am ha’arèts, ap vin “premye”. Y ap vin “premye”, paske y ap gen privilèj pou yo dirije ansanm ak Kris nan Wayòm nan. Mak 10:17-31; Matye 19:16-30; Lik 18:18-30.

▪ Ki kalite chèf sanble jennonm rich la ye?

▪ Poukisa Jezi pa dakò pou yo rele l bon?

▪ Ki jan istwa jèn chèf la montre danje ki genyen lè yon moun rich?

▪ Ki rekonpans Jezi pwomèt disip li yo?

▪ Nan ki sans premye a ap vin dènye, e dènye a ap vin premye?